2010–2019
Plan gloriye Papa nou an
Avril 2017


Plan gloriye Papa nou an

Gras ak plan sakre Bondye a, nou konnen ke nesans ak lanmò se sèlman etap yo ye nan vwayaj nou pou al nan lavi etènèl avèk Pè Selès nou an.

Nan kòmansman etid mwen kòm doktè a, m te gen privilèj ede yon jèn manman akouche premye pitit li. Li te kalm, konsantre, e kontan. Lè l tibebe a te fèt, m te lonje bèl ti nouvone presye a ba li. Ak dlo lajwa ki t ap koule nan je l, li te pran tibebe k fèk fèt sa a nan bra li epi li te egzamine l depi nan tèt jis nan pye. Li te sere l sou li epi l te ba l lanmou jan sèlman yon manman kapab fè. Sete yon onè pou mwen pou m te nan sal sa a avèk li.

Se konsa kòmansman lavi a te ye pou nou chak. Men, èske nesans nou se reyèlman kòmansman an? Mond la konsidere nesans ak lamò kòm kòmansman ak fen. Men, gras ak plan sakre Bondye a, nou konnen nesans ak lamò se sèlman etap yo ye nan vwayaj nou pou lavi etènèl avèk Papa nou ki nan syèl la.1 Yo fè pati esansyèl plan Papa nou an—moman sakre kote mòtalite ak syèl la kwaze. Jodia, lè m reflechi sou sa m te apran pandan m t ap obsève nesans ak lamò atravè ane m yo nan pratik medikal la ak nan sèvis nan Legliz la, mwen vle temwaye konsènan plan gloriye Papa nou an.

“Anvan nou te fèt, nou te viv avèk Bondye, Papa lespri nou. Nou [tout] sou tè a se literalman frè ak sè” nan fanmi Li,2 epi nou chak presye pou li. Nou te viv avèk Li pandan dèzane anvan nesans nou nan mòtalite a—ap aprann, fè chwa epi prepare nou.

Paske Pè Selès la renmen nou, Li vle nou gen pi gwo kado L ka bay la, kado lavi etènèl la.3 Li pat ka senpleman ban nou kado sa a; li te nesesè pou nou te chwazi Limenm ak chemen Li pou n te ka resevwa l. Sa te mande pou n te kite prezans Li pou nou te vin kòmanse yon bèl vwayaj difisil lafwa, devlòpman, ak transfòmasyon. Vwayaj sa a Papa nou te prepare pou nou an rele plan sali oswa plan bonè a.4

Nan yon gran konsèy premòtèl, Papa nou te pale nou de plan L la.5 Lè nou te konprann ni, nou te tèlman kontan ke nou te pouse kri lajwa epi zetwal maten yo te chante ansanm.6

Plan sa a bati sou twa gwo pilye: pilye letènite yo.7

Premye pilye a se Kreyasyon tè a, plas pou vwayaj nou nan mòtalite a.8

Dezyèm pilye a se Chit premye paran terès nou yo, Adan ak Èv. Akoz Chit la, nou te resevwa kèk bèl bagay. Nou te ka vin fèt pou nou resevwa yon kò fizik.9 M ap toujou rekonesan pou manman m ki te mennen mwen menm ak frè m nan nan mond la epi ki te anseye nou osijè Bondye.

Bondye te ban nou libète moral—kapasite ak privilèj pou nou chwazi ak aji pou tèt pa nou.10 Pou ede nou chwazi byen, Pè Selès la te banou kòmandman. Chak jou, lè nou kenbe kòmandman L yo, nou montre Bondye nou renmen L epi Li beni lavi nou.11

Paske L te konnen nou pa tap toujou chwazi byen — otremandi nou tap peche — Papa a te ban nou twazyèm pilye a —: Sovè a, Jezikri, ak Sakrifis Ekspyatwa L la. Atravè soufrans Li a, Kris la te peye pri pou peche lanmò fizik ak peche.12 Li te anseye: “Paske Bondye sitèlman renmen mond la, Li bay sèl Pitit Gason literal Li a, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi etènèl.”13

Jezikri te mennen yon lavi pafè, Li te toujou respekte kòmandman Papa L yo. “Li te mache sou wout Palestine yo,” ap anseye verite letènite yo, ap geri malad, fè moun avèg wè, ak resisite mò.”14. Li “te mache toupatou ap fè byen”15 epi “ Li mande pou tout moun suiv egzanp Li.16

Nan fen lavi Li nan mòtalite a, Li te mete ajenou epi L te priye, Li te di:

“Papa, si ou vle, retire gode sa a devan m: men, se pa volonte m, se pou volonte pa w ki pou fèt. …

“Epi pandan l te nan agoni, li te priye pi seryezman: epi swè sou kò li te tankou gout san ki tap tonbe atè a.”17

Kris la ede nou pi byen konprann grandè soufrans Li a lè l te di Pwofèt Joseph Smith:

“Mwen menm Bondye, m te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo ka pa soufri si yo repanti;

“Men, si yo pa repanti, yo dwe soufri tankou m;

“Soufrans sa yo ki te lakoz mwen menm Bondye, ki pi gran pase tout moun, m te tranble anba doulè, epi m te blese nan chak twou swè nan kò m, epi m te soufri nan ni kò m ak lespri m.”18

Nan Jaden Jetsemani an, Li te kòmanse peye pri pou peche nou ak maladi nou yo, soufrans ak enfimite nou yo.19 Paske L te fè sa, nou pap janm poukont nou nan enfimite sa yo si nou chwazi mache avèk Li. “Yo te arete L epi kondane L sou fo akizasyon, yo te ba L santans pou satisfè popilas la, epi yo te kondane L pou L te mouri sou kwa Kalvè a.” Sou kwa a, “Li te [bay] lavi Li pou ekspye peche tout limanite [nan] yon gran kado pa pwokirasyon pou tout moun ki ta pral vin viv sou tè a.”20

Li te deklare:

“Gade, m se Jezikri pwofèt yo te temwaye ki gen pou l vin nan mond lan.

“Epi gade m se limyè ak lavi mond lan; m te bwè nan tas anmè Papa m te ban mwen an, e m te glorifye Papa m lè m te pran peche mond lan sou tèt mwen.”21

Epi, nan premye jou semèn nan, 22 Li te leve sòti nan tonb la avèk yon kò resisite ki pafè, ki pap janm mouri ankò. Epi poutèt li te fè sa a, nou pral fè l tou.

M temwaye Kris la te reyèlman leve sòti nan tonb la. Men pou L te ka leve sòti nan tonb sa a, Li te oblije mouri toudabò. Epi nou dwe fè sa tou.

Yon lòt gwo benediksyon nan lavi m sete santi prezans syèl la nan moman kote m te konn chita bò kabann moun ki ta pral mouri. Yon jou maten, sa gen plizyè ane, m te antre nan chanm lopital yon vèv, Sen Dènye Jou fidèl ki te gen kansè. De nan pitit fi l yo te chita bò kote li. Lè m t ale bòkote kabann nan, m te dekouvri rapidman ke l pa tap soufri ankò, paske li te fèk mouri.

Nan moman lanmò sa a, chanm nan te ranpli ak lapè. Pitit fi l yo te gen yon ti tristès dou, men kè yo te ranpli ak lafwa. Yo te konnen manman yo pa t fini, men li te retounen lakay li.23 Menm nan moman gwo chagren nou yo, moman kote tan an kanpe epi lavi a sanble l pa jis yo, nou kapab jwenn rekonfò nan Sovè nou an paske Li te soufri tou.24 Sete yon onè pou mwen pou m te nan chanm sa a.

Lè nou mouri, lespri nou kite kò nou epi n ale nan pwochen etap vwayaj nou an, mond lespri a. Se yon lye pou nou aprann, repanti, padone, epi transfòme25 kote nou tann Rezirèksyon an.26

Nan yon gran jou gloriye ki pral vini, chak moun ki te fèt pral leve sòti nan tonb yo. Lespri nou ak kò fizik nou pral reyini nan fòm pafè yo. Tout moun ap resisite, “ni granmoun ni timoun, … ni gason ni fi, ni mechan ni jis,” epi “tout bagay pral restore nan fòm pafè yo.”27

Apre Rezirèksyon an, nou pral gen benediksyon siprèm pou Sovè a jije nou, Li te di:

“M ap atire tout moun vin kote m, pou yo kapab pase anba jijman dapre zèv yo.

“Epi, se pral konsa, nenpòt moun ki repanti e batize nan non m, l ap rasazye e si l pèsevere jiska lafen, gade, m ap konsidere l inosan devan Papa m nan jou m ap kanpe pou m jije mond lan.”28

Epi apresa, gras ak Kris la ak Ekspyasyon L lan, tout moun ki chwazi pou yo suiv li atravè lafwa, repantans, batèm, ki resevwa Sentespri a, epi ki pèsevere jiskalafen29 y ap wè ke fen vwayaj yo a se pou yo resevwa “destine diven yo kòm eritye lavi etènèl.”30 Yo pral retounen nan prezans Papa yo pou yo viv avèk Li pou tout tan. Se pou nou byen chwazi.

Gen sitèlman pi plis nan egzistans nou pase jis sa k pase ant nesans ak lanmò a. M envite nou pou nou vini epi suiv Kris la.31

Mwen envite tout manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou, chak jou, nou “vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nou nan li, e debarase kò nou ak tout endiyite, … [pou ke] nan san Kris la ki te koule a, … nou [kapab] vin sen, san tach.”32

Mwen envite tout moun ki poko manm Legliz sa a pou yo vini epi li Liv Mòmon an epi koute misyonè yo. Vini epi gen lafwa epi repanti pou peche nou.Vini epi batize epi resevwa Sentespri a. Vini epi viv yon lavi kè kontan ranpli ak Kris la. Si nou vin jwenn ni epi nou kenbe kòmandman L yo, mwen pwomèt ke nou ka jwenn lapè ak objektif nan eksperyans mòtèl souvan difisil sa a ak “lavi etènèl nan mond k ap vini an.”33

Pou noumenm ki deja fè eksperyans verite sa yo epi, pou yon rezon kèlkonk, nou vire do nou ale, m envite nou pou n retounen. Retounen jodia. Papa nou ak Sovè a renmen ou. M temwaye ke Kris la gen pouvwa pou reponn kesyon w yo, pou geri lapenn ak doulè ou, pou L padone peche ou. M konnen se verite. M konnen tout bagay sa yo se verite. Kris la vivan! Sa se Legliz Li. nan non Jezikri. Amèn.