2010–2019
Kantik nou chante ak sa nou poko chante
Avril 2017


Kantik nou chante ak sa nou poko chante

Mwen priye nou chak pou nou rete definitivman e fidèlman nan koral la.

Eliza E. Hewitt te ekri: “Ce jour au coeur, j’ai du soleil si clair si radieux! Sur terre il n’est rien de pareil, c’est un reflet des cieux (Jodi a gen solèy nan kè m, si klè, si briyan! Sou tè a sa pa gen parèy, se yon reflè syèl la”1 Avèk lajwa ki nan chak nòt li, bèl ansyen kantik kretyen sa a totalman enposib pou yon moun chante san l pa souri. Men jodia, m ta renmen rale jis yon liy nan kantik sa a ki ka petèt ede nou nan jou kote nou twouve l difisil pou nou chante oubyen souri yo ak jou kote “jou pezib ere” yo sanble yo pa “vini.” Si pou yon tan ou pa kapab chante bèl melodi w tande lòt moun ap chante yo, m ap mande w pou w akwoche w fèm nan mo rasiran sa yo nan kantik sa a ki di: “Jezi, k ap koute, kapab tande chan [ou] pa ka chante yo.”2

Pami reyalite n ap konfwonte antanke pitit Bondye k ap viv nan yon mond dechi yo, genyen kèk jou difisil, jou kote lafwa nou ak fòs nanm nou teste. Pwoblèm sa yo kapab soti nan yon mank ki nan noumenm, nan yon mank lakay lòt moun, oswa senpleman yon mank nan lavi men, kèlkeswa rezon yo, nou twouve ke yo ka anpeche nou chante kantik nou si ta renmen chante yo epi yo bouche pwomès “prentan nan nanm nou”3 Eliza Hewitt selebre nan youn nan vèsè l yo.

Konsa, kisa pou n fè nan moman sa yo? Youn, nou dwe suiv konsèy Apot Pòl la epi “espere nan sa nou pa wè … [epi] tann ni avèk pasyans.”4 Nan moman sa yo kote melodi lajwa a febli nan pwen ke nou pa rekonèt li ankò yo, nou gen dwa oblije rete an silans pou yon tan epi kontante nou koute lòt moun, pou n tire fòs nan splandè mizik ki antoure nou an. Anpil nan nou ki “pa twò mizikal” konn wè konfyans nou ogmante epi chante nou grandman amelyore lè nou chita bò kot yon moun ki gen yon pi bon vwa ki pi asire. Sa asireman vledi ke, pou nou chante kantik letènite yo, nou dwe kanpe osi pre nou ka imènman kanpe bò kot Sovè ak Redanmtè mond lan — ki gen zòrèy ki absoliman pafè a. Lè sa a nou pran kouraj nan kapasite Li pou tande silans nou epi nou jwenn esperans nan bèl entèsesyon mesyanik melodye Li fè pou nou an. Vrèman, se “lè Senyè a tou pre” ke “kolonb lapè a chante nan kè m [epi] flè lagras yo parèt.”5

Nan jou sa yo kote nou santi n yon tijan pa sou bon nòt yo, yon tijan mwens pase sa nou panse n wè oubyen tande nan lòt moun yo, m ta renmen mande nou, espesyalman jèn yo nan Legliz la, pou n sonje ke se dapre dekrè diven k fè se pa tout vwa nan koral Bondye a ki idantik. Sa mande varyete — soprano ak alto, bariton ak bas — pou fè bèl mizik. Pou m prete yon fraz nan bèl korespondans de fi Sen Dènye Jou remakab “Tout kreyati Bondye yo gen yon plas nan koral la.”6 Lè nou denigre nati apa nou an oubyen nou eseye konfòme nou ak yon stereyotip fiktif—stereyotip ki kontwole pa yon kilti konsomasyon ki pa janm satisfè, ke medya sosyal yo ideyalize nan pwen ke li enposib pou atenn — nou pèdi richès son ak vwa Bondye te antann lè L te kreye yon mond divèsite a.

Men, sa pa vledi ke chak grenn moun nan koral divin sa a ka senpleman kòmanse chante pwòp konpozisyon pèsonèl li! Divèsite se pa kakofoni, epi koral mande disiplin—pou sa ki konsène nou jodia, Eldè Hales, mwen ta renmen di yon kondisyon disip—men yon fwa nou fin aksepte pawòl ak aranjman plen amoni divinman revele yo, ki te konpoze anvan kreyasyon mond lan, lè sa a, Pè Selès la kontan tande lè nou chante nan pwòp vwa pa nou, e pa nan vwa yon lòt moun. Kwè nan tèt nou, epi kwè nan Li. Pa diminye valè nou ni denigre kontribisyon nou. Anlè tout bagay, pa abandone wòl nou nan koral la. Poukisa? Paske nou inik; ou iranplasab. Pèt menm yon grenn vwa diminye chak lòt vwa chantè yo nan gwo koral mòtalite nou sa a, enkli pèt vwa moun ki santi yo nan maj sosyete a oswa nan maj Legliz la.

Men, menm lè m ap ankouraje nou tout pou n gen lafwa nan zafè kantik ki ka petèt difisil pou nou chante yo, mwen rekonèt ke, pou dè rezon diferan M ap lite anba lòt kalite kantik ki ta dwe chante—men ki poko—chante.

Lè m wè gwo inegalite ekonomik ki nan mond lan, m santi m koupab pou m chante avèk Eliza Hewitt sou “benediksyon [Bondye] ban m kounyeya, [ak] lajwa ‘m anpile’ anwo a.”7 Nou pa kapab totalman e fidèlman chante refren sa a si nou pa onorableman pran swen pòv yo. Privasyon ekonomik se yon malediksyon ki kontinye ap modi yon moun, ane apre ane, jenerasyon apre jenerasyon. Li domaje kò, li blese lespri, li nui fanmi, e li detwi rèv. Si nou ta ka fè plis pou soulaje pòvrete, jan Jezi toujou ap mande nou pou nou fè a, petèt kèk nan moun ki gen mwens chans yo nan mond lan ta ka fredone kèlke nòt nan chan ki di “Ce jour au coeur, j’ai su soleil (Gen solèy nan nanm mwen jodia)”, petèt pou lapremyèfwa nan lavi yo.

M twouve l difisil pou m chante bèl pawòl jwaye chan sa tou lè sitèlman moun bò kote nou ap soufri anba maladi mantal ak emosyonèl oubyen anba lòt pwoblèm sante k ap deteryore. Malerezman, fado sa yo pafwa pèsiste malgre gwo efò dilijan anpil kalite doktè, enkli manm fanmi. M priye pou nou pa kite pitit Bondye yo soufri an silans epi pou nou dote ak kapasite Li pou tande kantik ke yo pa ka chante kounyeya yo.

Epi, m espere ke yon jou, yon gran koral mondyal va chante ansanm odela tout barye rasyal ak koulè, pou afime ke fizi, ensilt, ak pwopo plen vitriyòl se pa fason pou nou trete konfli imen yo. Deklarasyon syèl yo di nou klèman ke sèl fason satisfezan pwoblèm konplèks sosyete yo ka rezoud se nan renmen Bondye ak nan respekte kòmandman L yo, epi konsa, louvri pòt pou yon sèl fason salitè ak dirab la ki se pou youn renmen lòt antanke pwochen. Pwofèt Etè te anseye ke nou dwe “espere pou yon mond miyò.” Lè Mowoni, ki te bouke anba lagè ak vyolans, t ap li sa yon milye ane apre, li te deklare ke “fason ki pi ekselan” pou mond sa a ap toujou levanjil Jezikri a.8

Ala nou rekonesan dèske, nan mitan kalite pwoblèm sa yo, sa rive ke, tanzantan, nou ka jwenn yon kalite kantik totalman diferan ke nou twouve nou pa ka chante, men pou yon rezon diferan. Se lè santiman sa yo si pwofon e si pèsonèl, menm si sakre, ke nou pa ka eksprime yo ni nou pa ta dwe eksprime yo—tankou amou Cordelia pou papa li, ke l te di konsa: “Amou mwen … m pa ka totalman eksprime li. … M pa ka vèbalman eksprime sa k nan kè mwen.”9 Santiman sa yo, ke nou resevwa kòm yon bagay sakre, yo senpleman ineksprimab—spirityèlman endeskriptib — tankou priyè Jezi te fè pou timoun Nefit yo. Moun yo ki te temwen evenman sa a te rapòte:

“Je pa t janm wè, ni tou zòrèy pa t janm tande anvan sa … gwo bagay ki mèveye nou te wè epi nou te tande Jezi pale ak Papa a; 

“… Okenn lang pa kapab pale, okenn moun pa kapab ekri, ni tou okenn moun pa kapab imajine gwo bagay mèveye nou te wè epi nou te tande Jezi pale yo.10

Kalite moman sanktifye sa yo rete moman ki ineksprimab paske eksprime yo, menmsi sa ta posib, ta ka sanble pwofanasyon.

Frè m ak sè m yo, n ap viv nan yon mond mòtèl kote gen anpil kantik nou pa ka chante oubyen nou poko chante. Men, m priye nou chak pou nou rete definitivman e fidèlman nan koral la, kote nou pral kapab savoure ajamè chan sa a ki pi presye nan tout la—“chan amou redanmtè a.”11 Erezman, chèz yo pou chan patikilye sa a pa limite. Gen plas pou moun ki pale lang diferan, ki selebre kilti diferan, epi k ap viv nan pil lòt kote diferan. Gen plas pou selibatè, pou moun ki marye, pou moun ki gen gwo fanmi, ak fanmi ki pa gen timoun. Gen plas pou moun ki yon fwa te kesyone lafwa yo, ak sa ki toujou gen kesyon yo. Gen plas pou moun, kèlkeswa atraksyon seksyèl diferan yo. Anbrèf, gen plas pou tout moun ki renmen Bondye e ki onore kòmandman L yo kòm règ konduit pèsonèl envyolab, paske si amou Bondye se melodi chan nou pataje a, asireman, rechèch komen nou pou obeyi L la se amoni endispansab ki ladan li. Ak kòmandman divin lanmou ak lafwa, repantans ak konpasyon, onètete ak padon yo, gen plas nan koral sa a pou tout moun ki vle patisipe.12 Yon Papa eman di nou chak: “vini jan nou ye a” men, Li ajoute: “Men pa planifye pou n rete jan nou ye a.” Nou souri epi nou sonje ke Bondye detèmine pou L fè nou plis pase sa nou panse nou ta ka ye.

Nan gwo konpozisyon sa a ki se plan Li pou egzaltasyon nou an, annou enbleman suiv bagèt direksyon L la epi kontinye travay sou kantik nou pa ka chante yo, jiskaske nou ka chante “chan sa yo pou Wa [nou] an.”13 Epi, yon jou, jan kantik nou renmen sa a di a:

“Nou pral chante e nou pral kriye avèk lame yo nan syèl la,

Ozana, ozana pou Bondye ak Anyo a! ...

… Pandan Jezi ap desann nan charyo dife L la!”14

Mwen temwaye ke lè a ap rive, kote Bondye, Papa Etènèl nou an pral voye Sèl Pitit Literal Li a sou tè a ankò, fwa sa a, pou l vin gouvène ak reye kòm Wa tout wa yo pou tout tan. Mwen temwaye ke legliz sa a se Legliz retabli Li epi se kanal pou pote ansèyman ak òdonans sali Levanjil L yo bay tout limanite. Lè mesaj Li a fin “penetre nan chak kontinan [e] vizite chak klima,”15 Jezi va anfèt “[montre] figi souriyan Li,”16 epi ap gen solèy etènèl nan nanm nou. Dezi pwofon mwen ak priyè mwen se pou lè sa a rive, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Ce jour, au coeur j’ai du soleil,” Cantiques, no. 144.

  2. Cantique, no. 144.

  3. Cantique, no. 144.

  4. Women 8:25.

  5. Cantique, no. 227.

  6. Bill Staines, “All God’s Critters Got a Place in the Choir,” nan Laurel Thatcher Ulrich ak Emma Lou Thayne, All God’s Critters Got a Place in the Choir (1995), 4.

  7. Cantique, no. 144.

  8. See Etè 12:4, 11.

  9. William Shakespeare, King Lear, ak 1, sèn 1, liy 79–80, 93–94.

  10. 3 Nefi 17:16–17; italik ajoute.

  11. Alma 5:26; gade tou Alma 26:13.

  12. Gade 2 Nefi 26:33.

  13. Cantique no. 144.

  14. “L’Esprit du Dieu saint,” Cantique no. 2.

  15. Enseignements des presidents de l’église: Joseph Smith (2007), 142.

  16. Cantique no. 144.