Èd pou Etid
Konsyans


Konsyans

Santiman enteryè byen ak mal la, li soti nan Limyè Kris la ki vin nan tout moun (Mowo. 7:16). Nou fèt avèk yon kapasite natirèl pou nou distenge byen ak mal paske tout moun te resevwa Limyè Kris la (D&A 84:46). Fakilte sa a rele konsyans. Lè nou posede l sa fè nou vin moun responsab. Menm jan avèk lòt fakilte, konsyans nou kapab mouri poutèt peche oubyen lè nou itilize l mal.