Vivifye Gade tou nan Rezirèksyon Fè yon moun vin vivan, resisite l, oubyen chanje l pou l kapab rete nan prezans Bondye. Bondye te vivifye nou ansanm avèk Kris la, Efe. 2:4–5 (Kol. 2:6, 12–13). Yo te touye kò Kris la, men lespri l te rete vivan, 1 Pyè 3:18 (D&A 138:7). Pèsonn pa wè Bondye san Lespri a pa vivifye yo, D&A 67:11. Redanmsyon soti nan moun sa a ki vivifye tout bagay, D&A 88:16–17. Sen yo pral vivifye epi y ap monte ale rankontre Kris la, D&A 88:96. Adan te vin vivifye andedan kò li, Moyiz 6:65.