Èd pou Etid
Nauvoo, Illinois (Etazini Damerik)


Nauvoo, Illinois (Etazini Damerik)

Yon vil Sen Dènye Jou yo te tabli an 1839 nan eta Illinois la. Li tabli bò Rivyè Mississippi a, prèske 200 mil (320 kilomèt) piwo rivyè a, nan St. Louis.

Akoz pèsekisyon nan eta Missouri a, Sen yo te deplase ale nan anviwon 200 mil bò nòdès, lòt bò Rivyè Mississippi a, epi nan Illinois, kote kondisyon yo te pi favorab pou yo. Finalman Sen yo te achete teren pre vil Commerce la ki pa t devlope. Reyèlman teren sa a te yon tè marekaj avèk kèk kay senp. Sen yo te seche tè a epi yo te bati kay. Joseph Smith te bwote avèk fanmi l ale nan yon ti kay planch. Non vil Commerce la te chanje vin rele Nauvoo, daprè yon mo ebre ki vledi “bèl”.

Plizyè seksyon nan Doktrin ak Alyans yo te anrejistre nan Nauvoo (D&A 124–129; 132; 135). Sen yo te gen kòmandman pou yo te bati yon tanp nan Nauvoo (D&A 124:26–27). Yo te bati tanp la epi yo te òganize pye Siyon yo anvan moun te chase yo nan pwòp kay yo an 1846. Kòm rezilta pèsekisyon sa a, Sen yo kite zòn nan epi yo te pran chemen lwès pou yo.