2010–2019
Pou limyè nou kapab yon banyè pou nasyon yo
Avril 2017


Pou limyè nou kapab yon banyè pou nasyon yo

Levanjil Sovè a ak Legliz retabli L la ban nou anpil opòtinite pou limyè nou fè pati gwo banyè pou nasyon yo.

Sa gen kèk ane, pandan m tap sèvi kòm enstriktè seminè, m te tande yonn nan kamarad mwen yo mande elèv li yo pou yo reflechi sou kesyon sa a: Si w tap viv nan epòk Sovè a, poukisa w panse w t ap suiv Li antanke yonn nan disip Li? Yo te rive nan konklizyon ke moun ki suiv Sovè a nan epòk nou yo epi ki ap efòse yo pou pou vin disip Li, yo t ap pwobableman fè sa lè sa a tou.

Depi lè sa a, m te reflechi sou kesyon sa a ak konklizyon yo te rive a. M souvan mande tèt mwen kijan m t ap santi m pou m ta tande Sovè a pèsonèlman lè L te di bagay sa yo nan Diskou sou Mòn nan:

“Nou se limyè mond la. Yon vil ki sitiye sou yon montay pa ka kache.

“Ni yo pa limen yon lanp pou yo mete l anba yon mamit, men, yo mete l sou yon etajè, pou l klere tout moun ki nan kay la.

“Se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n ap fè yo, ya fè louwanj Papa nou ki nan syèl la” (Matye 5:14–16).

Èske ou ka imajine kouman w t ap santi w pou w t ap koute vwa Sovè a? Anfèt, nou pa bezwen imajine. Sa vin yon eksperyans konstan pou nou tande vwa Senyè a paske lè nou tande vwa sèvitè L yo, se menm bagay la.

An 1838, nan yon mesaj menmjan ak sa L te bay nan Diskou sou Mòn nan, Senyè a te fè deklarasyon sa a palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith:

“ Paske se konsa legliz mwen an pral rele nan dènye jou yo, ki vle di legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo.

“An verite m di nou tout: Leve epi briye, pou limyè nou kapab yon modèl pou nasyon yo” (D&C 115:4–5).

Epòk nou an sitèlman ekstraòdinè ke Bondye te menm montre pwofèt Ezayi li nan yon vizyon; li menm tou li te wè e pwofetize konsènan jou Retablisman Legliz Jezikri a ak objektif li, li te di, “Epi Li pral leve yon banyè pou nasyon yo, epi li pral rasanble egzile Izrayèl yo, epi L pral rasanble moun Jida yo ki te dispèse nan nan kat kwen tè a” (Ezayi 11:12).

Nan kontèks ekriti yo, yon etanda, oswa yon banyè se yon drapo moun rasanble otou li nan yon bi komen. Nan tan lontan, yon banyè te sèvi kòm yon pwen rasanbleman pou sòlda yo nan batay. Senbolikman, Liv Mòmon an ak Legliz retabli Jezikri a se banyè pou tout nasyon yo. (Gade Gid Ekriti yo, “Ensign,” nan scriptures.lds.org.)

San okenn dout, youn nan pi gran banyè dènye jou sa yo se bèl konferans jeneral sa a, kote yo toujou ap pwoklame gwo travay ak plan Papa nou ki nan Syèl la, “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl lèzòm” (Moyiz 1:39) nan kontinyèlman.

Fè konferans jeneral kontinyèlman an se yonn nan pi gwo temwayaj ki demontre ke nou menm Sen Dènye Jou yo, “nou kwè bagay Bondye te revele, ak tout bagay li revele kounyeya, epi nou kwè li pral revele anpil gwo bagay ki enpòtan ankò konsènan Wayòm Bondye a” (Atik Lafwa 1:9).

Donk, kisa Senyè a revele palentèmedyè Prezidan Thomas S. Monson ke nou dwe kontinye fè sa pou limyè nou kapab yon banyè pou nasyon yo? Ki kèk bagay enpòtan ki dwe fèt nan bèl epòk bati Siyon ak rasanble Izrayèl sa a?

Senyè a toujou revele nou volonte Li “liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon, ti mòso isit, ti mòso lòtbò” (2 Nefi 28:30). Se poutèt sa, nou pa dwe etone pou sa ki ka sanble ti bagay pitit yo akoz nati senp ak repetitif yo, paske Senyè a deja konseye nou, li di nou ke “moun ki koute enstriksyon m ak konsèy mwen yo beni, paske yo pral aprann lasajès; paske moun ki resevwa, m pral ba yo plis” (2 Nephi 28:30).

M temwaye ke si nou aprann “liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon, ti mòso isit, ti mòso lòtbò” a epi si nou koute konsèy dirijan nou yo, n ap gen luil nan lanp nou ki ap pèmèt nou bay lòt moun limyè jan Senyè a kòmande nou an.

Pandan ke gen anpil bagay nou ka fè pou nou ka vin tounen yon limyè ak yon banyè pou lòt moun nan, m ta renmen konsantre sou twa sa yo: respekte jou Saba a; akselere travay sali a nan toulède bò vwal yo; epi anseye nan fason Sovè a.

Limyè nap pale a soti nan devosyon nou mete nan respekte jou Saba a, nan legliz la osibyen ke nan fwaye nou; se yon limyè k ap grandi pandan n ap kenbe tèt nou san tach devan mond la; se limyè ki soti nan ofri sakreman nou nan jou sakre l la ak nan bay devosyon nou pou Bondye ki pi Wo a—tout bagay sa yo ap pèmèt nou toujou gen Lespri Li avèk nou. Se limyè sa a ki grandi epi ki vin vizib lè nou retounen lakay avèk lespri padon Prezidan Henry B. Eyring te pale nan konferans jeneral Oktòb ki sot pase a, lè l te di: “Pami tout benediksyon nou ka konte yo, pi gran an se santiman padon ki vini lè nou pran sentsèn nan. N ap santi plis lanmou ak apresyasyon pou Sovè a, ke sakrifis enfini l la rann posib pou nou pwòpte anba peche nou yo” (“Gratitude on the Sabbath Day, Liahona, Nov. 2016, 100).

Lè nou sanktifye jou Saba a epi nou pran sentsèn nan, nou non sèlman vin pwòp, men, limyè nou vin pi klere tou.

Limyè nou vin pi klere tou lè nou dedye tan nou epi konsakre li pou n jwenn non zansèt nou yo, pou pote non yo nan tanp, epi anseye fanmi nou ak lòt moun pou yo fè menmjan an tou.

Travay sakre tanp ak istwa familyal sa a nou pataje avèk Sen yo nan toulède bò vwal la, ap avanse plis pase jamè pandan tanp Senyè a yo ap bati. Kounyeya ke tanp yo gen orè espesyal pou fanmi ki vini an gwoup avèk pwòp non fanmi pa yo, madanm mwen avèk mwen te fè bèl eksperyans pandan nou t ap sèvi nan tanp ansanm avèk pitit nou ak pitit-pitit nou yo.

Lè nou jwenn non yo epi nou pote yo nan tanp la, epi nou anseye lòt moun pou yo fè sa tou, n ap briye ansanm antanke yon banyè.

Aprann anseye jan Sovè a te anseye a se yon lòt fason nou ka leve epi briye. Mwen rejwi ansanm ak tout lòt moun ki ap aprann kouman pou yo anseye nan fason Sovè a. Kite m li yon bagay pou nou ki sou kouvèti nouvo manyèl enstriksyon sa a: “Objektif chak enstriktè levanjil la—chak paran, chak enstriktè ki aple ofisyèlman, chak enstriktè nan fwaye ak enstriktris nan fwaye—se pou anseye doktrin pure levanjil la, pa Lespri, … pou ede pitit Bondye yo bati lafwa yo nan Sovè a epi pou yo plis menmjan avèk Li” (Anseye nan fason Sovè a [2016]).

Aktyèlman, dèmilye enstriktè fidèl leve yon limyè pandan y ap aprann kijan pou yo anseye nan fason Sovè a. Nan kontèks sa a, nouvo reyinyon konsèy enstriktè a se yon mwayen pou nou leve epi briye pandan etidyan nou yo rasanble alantou banyè doktrin Kris la, paske “kle pou anseye jan Sovè a te anseye a, se viv jan Sovè a te viv” (Anseye nan fason Sovè a, 4).

Si nou tout anseye ak aprann nan fason Li epi nou vin plis tankou Li, limyè nou ap briye pi klere e nou pap kapab kache li epi n ap vin yon banyè pou moun kap chèche limyè Sovè a.

Chè frè m ak sè m yo, nou pa ta dwe epi nou pa dwe kache limyè nou. Sovè nou an kòmande nou pou nou kite limyè nou klere tankou yon vil ki sou yon kolin oubyen tankou yon limyè ki sou yon etajè. Si nou fè sa, n ap glorifye Papa nou ki nan Syèl la. Levanjil Sovè a ak Legliz retabli L la ban nou anpil opòtinite pou limyè nou ka vin fè pati gwo banyè pou nasyon yo.

Mwen temwaye ke Jezikri se limyè nou dwe reflete a, nan non Jezikri, amèn.