2010–2019
Prètriz preparatwa a
oktòb 2014


Prètriz preparatwa a

Nan preparasyon pou prètriz la, egzanp pi enpòtan pase pawòl.

Mwen rekonesan dèske m reyini avèk prètriz Bondye a aswè a, ki rasanble nan tout mond lan. Mwen remèsye nou pou lafwa nou, sèvis nou, ak priyè nou yo.

Mesaj mwen aswè a se sou Prètriz Aawon an. Li adrese ak nou tout k ap patisipe nan akonplisman pwomès Senyè a pou moun ki detni sa yo dekri nan ekriti yo kòm “prètriz ki pi piti a.”1 Yo rele li prètriz preparatwa tou. Se sou preparasyon mayifik sa a m pral pale aswè a.

Plan Senyè a pou travay Li a ranpli ak preparasyon. Li te prepare tè a pou nou pou n te kapab vin fè eksperyans eprèv ak opòtinite nan mòtalite a. Pandan nou la a, nou nan sa ekriti yo rele yon “eta preparatwa.”2

Pwofèt Alma te dekri enpòtans kritik preparasyon sa a genyen pou lavi etènèl, kote nou kapab viv pou letènite avèk fanmi nou avèk Bondye Papa a ak Jezikri.

Li eksplike nesesite preparasyon an nan fason sa a: “Epi nou wè lamò vini sou limanite, wi, lanmò Amilek t ap pale a, ki se lanmò fizik la; malgre sa, lèzòm te resevwa tan pou yo repanti; se poutèt sa lavi sa a, te vin tounen yon tan pou eprèv; yon tan pou yo prepare pou pou rankontre Bondye; yon tan pou yo prepare eta etènèl nou te pale a, k ap vini apre rezirèksyon mò yo.”3

Menmjan tan y oba nou pou nou viv nan mòtalite a se pou prepare nou pou n al rankontre Bondye a, tan Li ba nou pou nou sèvi nan Prètriz Aawon an se yon opòtinite pou nou prepare nou pou nou aprann kijan pou nou pote èd enpòtan pou lòt moun. Menmjan Senyè a ba nou èd nou bezwen pou nou pase tès yo nan lavi mòtèl la, se konsa tou Li voye èd ban nou nan preparasyon nou nan pretriz la.

Mesaj mwen an se pou moun Senyè a voye pou ede prepare detantè Prètriz Aawon yo osibyen ke moun ki detni Prètriz Arawon an. M ap pale avèk papa yo. Map pale avèk evèk yo. Epi m ap pale avèk moun nan Prètriz Mèlkisedèk yo ke yo konfye tach pou yo se konpayon ak enstriktè jènjan yo k ap prepare pou prètriz la.

M ap pale avèk louwanj ak rekonesans pou anpil nan nou atravè mond lan e atravè letan.

M tap neglijan si m pa ta pale de yon prezidan branch ak yon evèk m te konnen lè m te jèn. M te vin dyak nan laj douzan nan yon ti branch nan zòn Lès nan Etazini. Branch lan te sitèlman piti ke gran frè m nan avèk mwen nou te sèl detantè Prètriz Aawon ladan l jiskaske papa m, ki te prezidan branch lan, te envite yon mesye nan laj matirite vin manm legliz la.

Nouvo konvèti a te resevwa Prètriz Aawon an, ansanm avèk apèl pou l te voye je sou Prètriz Aawon an. M sonje sa kòmsi sete yè sa te pase. Mwen raple m bèl fèy pyebwa lotòn yo ki tap tonbe lè nouvo konvèti sa a te akonpaye frè m nan avèk mwen pou nou t al fè kèk bagay pou yon vèv. M pa sonje ki pwojè l te ye, men m sonje m te santi pouvwa prètriz la ki te akonpaye nou an, pandan nou t ap fè sa nan apre, m te vin aprann ki se Senyè a te di pou nou fè pou nou ka jwen padon pou peche nou yo ak pou prepare nou pou nou wè l yo.

Pandan m ap repanse sou sa a, mwen santi m rekonesan pou yon prezidan branch ki te aple yon nouvo konvèti pou ede Senyè a prepare de jèn gason ki tap vin tounen evèk yon jou avèk responsablite pou pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo epi ki t ap vin gen pou prezide nan prètriz preparatwa a.

M te toujou yon dyak lè fanmi m te demenaje al abite nan yon gwo pawas nan Utah. Sete premye fwa m te santi pouvwa yon kowòm konplè nan Prètriz Arawon an. Epi nan apre, sete premye fwa m te santi pouvwa ak benediksyon pou gen yon evèk k ap prezide sou yon kowòm prèt.

Evèk la te aple m kòm premye asistan nan kowòm prèt la. M sonje ke sete limenm ki te konn anseye kowòm nan---malgre ke l te okipe anpil, e li te gen dwa aple lòt moun byen fòme pou te anseye nou. Li te konn fè ranje chèz yo anwon nan klas la. Li te konn fè m chita sou yon chèz adwat li a.

M te ka voye je sou zèpòl li, pandan l t ap anseye. Li te konn pafwa gade nòt li te byen tape yo ki te konnn nan yon ti katab an cuir sou janm ni, ak ekriti ize ak souliyen l yo li te konn ouvri sou jenou li. M ankò sonje eksitasyon li lè l te konn rakonte istwa sou bravou yo nan liv Danyèl la ak rann temwayaj li konsènan Sovè a, Senyè Jezikri.

M ap toujou sonje kijan Senyè a aple konpayon byen chwazi pou detantè prètriz Li yo ki an preparasyon yo.

Evèk mwen an te gen konseye ki te solid espirityèlman, e pou kèk rezon m pat konprann lè sa a, plis pase yon fwa, li te konn rele m lakay mwen pou l te di: “Hal, m bezwen w kòm konpayon mwen pou fè vizit.” Yon fwa, sete pou nou t ale lakay yon vèv ki te abite poukont li epi ki pat gen manje. Sou wout lè nou t ap retounen lakay nou an, li te kanpe machin nan, li te ouvri ekriti l yo, epi l te eksplike m poukisa li te trete vèv sa a komsi li te gen kapasite pou non sèlman pran swen tèt pa li, men pou kapab ede lòt moun tou, yon jou.

Yon lòt vizit nou sete kay yon mesye ki pa t vin legliz la depi lontan. Evèk mwen an te envite l pou l te retounen nan pami sen yo. M te santi amou evèk la pou yon moun ki pou mwen, te sanble yon enmi rebèl e destetab.

Nan yon lòt okazyon ankò, nou t al vizite yon kay kote paran alkolik yo te voye de tifi vin rankontre nou nan pòt la. Atravè pòt la, timoun yo te di nou ke paran yo t ap dòmi. Evèk la te kontinye pale avèk yo, li te souri ba yo, epi l te felisite yo pou bonte yo, pandan sa ki te sanble dis minit oubyen plis. Pandan m t ap mache bòkote li, lè nou te fin kite kay moun sa yo, li te di dousman, “Sete yon bon vizit. Timoun sa yo pap janm bliye ke nou te vini.”

De nan benediksyon yon konpayon prètriz age ka bay se konfyans ak ekzanp yon moun ki vle ede lòt. M te wè sa lè pitit gason m nan te gen yon konpayon vizit nan fwaye ki te gen plis eksperyans lontan pase li nan prètriz la. Konpayon l lan te prezidan misyon de fwa epi li te sèvi kòm dirijan nan anpil lòt apèl.

Anvan yo te konn al vizite yonn nan fanmi yo te gen pou vizite yo, dirijan prètriz eksperimante sa a te konn mande pou l te vin pale avèk pitit gason m nan alavans. Yo te konn kite m tande. Li te konn kòmanse avèk yon priyè, pou l te mande èd. Apresa, men apeprè sa l te konn di pitit gason m nan: “M panse nou ta dwe anseye fanmi sa a yon leson ki ap sonnen tankou yon apèl pou repantans. M panse yo pa pral byen resevwa l si se mwen ki anseye li. M panse y ap pi byen resevwa mesaj la si se oumenm ki anseye yo li. Kisa w panse?

Mwen ankò raple m laperèz ki te nan je pitit gason m nan. Mwen ka ankò santi lajwa mwen lè li te aksepte konfyans yo te fè l la.

Se pa pa aza evèk la te mete konpayon sa yo ansanm nan. Sete bonjan preparasyon ki te fè premye konpayon an te aprann sou santiman fanmi sa a yo te gen pou anseye a. Sete pa enspirasyon li te santi ke l te dwe fè bak, pou l te fè yon jèn san eksperyans konfyans pou l te aple pitit Bondye sa yo ala repantans e pou yo te vin an sekirite a.

M pa konn ki rezilta vizit yo a te pote, men m konnen ke yon evèk, yon detantè Prètriz Melchizedèk, avèk Senyè a t ap prepare yon tigason pou l te vin yon gason nan prètriz la ak yon evèk yon jou.

M konnen kalite istwa siksè sa yo nan preparasyon prètriz la se bagay ki kouran pou nou, daprè sa nou wè ak sa ou rankontre nan lavi pa nou. Nou te konn kèk evèk konsa oubyen se nou menm ki te yon evèk, oubyen yon konpayon oubyen yon paran konsa. Nou konn wè men Senyè a nan preparasyon nou pou devwa pretriz Senyè a te konnen nou ta pral genyen yo.

Nou tout nan prètriz la gen yon obligasyon pou ede Senyè a prepare lòt moun. Gen kèk bagay ki pi enpòtan nou ka fè. Fason n ap viv doktrin nan ap gen plis efè ke pawòl nou itilize lè n ap anseye doktrin nan.

Pati ki pi enpòtan nan sèvis nou nan prètriz la se envite moun pou yo vin jwenn Kris la pa lafwa, repantans, batèm, ak don Sentespri a. Paregzanp, Prezidan Thomas S. Monson fè diskou pou touche kè nou sou tout doktrin sa yo. Men, sa m konnen konsènan sa l te fè avèk moun, avèk misyonè yo ak zanmi Legliz la lè l te prezidan misyon Toronto a pouse m pou m pase alaksyon.

Nan preparasyon prètriz la, egzanp pi enpòtan pase pawòl.

Se poutèt sa, ekriti yo si enpòtan konsa nan prepare nou nan prètriz la. Yo chaje avèk egzanp. Se kòmsi m ka wè Alma k ap suiv kòmandman zanj lan epi apre k ap prese retounen pou l al anseye pèp mechan nan Amoniya a ki te rejte l la.4 M ka santi fredi nan kacho prizon an lè Bondye te di Pwofèt Joseph pou l te pran kouraj la paske L t ap veye sou li.5 Avèk imaj ekriti sa yo nan tèt nou, nou ka prepare nou pou n pèsevere nan sèvis nou, lè sa sanble l difisil.

Yon papa oubyen yon evèk oubyen yon konpayon enstriktè aje ki montre ke l fè yon jèn detantè prètriz konfyans kapab chanje lavi jèn sa a. Yon fwa, yon manm Kolèj Douz yo te mande papa m pou l te ekri yon brèf atik sou lasyans ak relijyon. Papa m sete yon syantis ak yon detantè prètriz fidèl. Mwen ankò sonje moman kote li te lonje atik la l te ekri a ban mwen, epi l te di: “Men, anvan m voye atik sa a bay Douz yo, mwen ta renmen pou w li li. W ap konnen si l bon.” Li te gen 32 zan anplis mwen, epi le enfiniman pi saj ak pi entelijan pase mwen.

Pou jis jodia, mwen fòtifye pa konfyans sa a yon papa ak detantè prètriz ekselan te fè pitit li a. M te konnen ke se pa t nan mwen menm li te mete konfyans li a, men li te gen konfyans ke Bondye te kapab e t ap di m sa ki te vrè. Nou menm konpayon eksperimante yo, nou kapab yon benediksyon pou yon jèn detantè prètriz ki an preparasyon chak fwa nou ka fè l yon konfyans nan fason sa a. Sa ap ede l gen konfyans nan santiman enspirasyon tou piti a lè li manifeste, pou key on jou li ka mete men li pou sele benediksyon pou geri yon timoun doktè di ki pap viv. Konfyans sa a te ede m plis pase yon fwa.

Siksè nou nan prepare lòt moun nan prètriz la, n ap jwenn ni an fonksyon nivo amou nou genyen pou yo. Sa patikilyèman vrè lè nou dwe korije yo. Panse ak lè yon detantè prètriz fè yon erè pandan l ap fè yon òdonans. Sa se yon bagay serye. Pafwa, erè a mande yon koreksyon piblik avèk risk pou kreye move santiman, yon santiman imilyasyon oubyen menm moun nan ka santi nou rejte li.

Sonje konsèy Senyè a: “Pou korije moun nan kèk fwa dirèkteman, lè Sentespri a anime yo; epi apre sa pou montre yon pi gwo lanmou pou moun ou te korije a, pou l pa konsidere ou kòm yon enmi.”6

Mo pigwo a gen yon siyifikasyon espesyal nan preparasyon detantè prètriz lè yo bezwen koreksyon. Mo a sijere ogmantasyon yon amou ki te déjà ekziste. Sa nou montre a se “ogmantasyon” an. Sa nan pami nou k ap prepare detantè prètriz yo dwe konnen ke yo pral sètènman fè erè pandan y ap aprann nan. Anvan yo resevwa koreksyon n ap bay la, yo dwe santi amou nou toudabò e tout tan. Yo dwe santi konn tande louwanj sensè nan bouch nou anvan pou yo aksepte koreksyon nou an.

Senyè a Limenm tegen yon konsiderasyon patikilye pou detantè prètriz ki pi piti a avèk yon respè ki onore potansyalite yo ak valè yo genyen devan Li. Koute pawòl sa yo, Jan Baptis te pwononse lè l te retabli Prètriz Aawon an: “Nou menm sèvitè asosye m yo, nan non Mesi a, m konfere Prètriz Aawon an, ki gen kle ministè zanj yo, ak levanjil repantans la, ak batèm plonje anba dlo pou padon peche yo; epi sa p ap janm sòti ankò sou tè a, jistan pitit gason Levi yo ofri Senyè a ankò yon ofrann nan lajistis.”7

Prèpriz Aawon an se yon pwolonjman pretriz ki pi gran an, Prètriz Mèlchizedèk la.8 Antanke prezidan tout prètriz la, Prezidan Legliz la prezide sou prètriz preparatwa a tou. Mesaj li bay pandan tout ane yo kote l pale sou al pote lòt moun yo sekou a koresponn pafètman avèk manda nou genyen pou pote levanjil repantans ak batèm nan nan lavi lòt moun yo.

Kowòm dyak yo, ak enstriktè yo, ak prèt yo dwe reyini regilyèman pou yo ka fè tout manm nan kowòm yo an rapwoche bè kot Senyè a. Prezidans yo bay manm yo tach pou yo lonje lamen pou ede moun avèk lafwa ak lanmou. Dyak yo distribyen sentsèn nan avèk reverans ak lafwa pou manm yo ka santi efè Sakrifis Ekspyatwa a epi pran rezolisyon pou yo respekte kòmandman yo lè y ap pran anblèm sakre sa yo.

Enstriktè yo ak prèt yo priye avèk konpayon yo pou yo ka akonpli obligasyon yo pou veye sou Legliz la, sou chak moun endividyèlman. Epi konpayon sa yo priye ansanm lè yo aprann bezwen ak esperans chèf fanmi yo. Pandan y ap fè sa a, y ap prepare tèt yo pou gran jou sa a kote yo pral yo menm prezide nan lafwa, antanke yon papa, nan pwòp fanmi pa yo.

Mwen temwaye ke tout moun k ap sèvi ansanm nan prètriz la ap prepare yon pèp pou lè Senyè a vini nan Legliz Li a. Bondye Papa a vivan. Mwen konnen Jezi se Kris la epi Li renmen nou. Prezidan Thomas S. Monson se pwofèt vivan Senyè a. Konsènan sa mwen temwaye, nan non Jezikri, amèn.