Konferans Jeneral
Pi Gran Istwa Pak ki te Janm Rakonte
Konferans jeneral avril 2023


Pi Gran Istwa Pak ki te Janm Rakonte

Konsidere Liv Mòmon an nan yon nouvo pèspektiv epi konsidere temwayaj pwofon li rann sou reyalite Kris resisite a.

Lèt Premye Prezidans la pou Pak

Li posib ke w sonje yon lèt Premye Prezidans la ki te li nan pawas oswa branch ou sa gen plizyè semèn. Lèt sa a te anonse ke Dimanch pwochen—Dimanch Pak—tout pawas ak branch yo dwe reyini pou sentsèn sèlman, pou kite tan adisyonèl pou adorasyon nan fwaye yo an fanmi pou komemore fèt sa a ki enpòtan anpil.1

Lèt Premye Prezidans la te atire atansyon m, epi li te fè mwen reflechi sou fason fanmi nou selebre Pak atravè ane yo. Plis mwen te reflechi a selebrasyon nou yo, se plis mwen te twouve m ap mande si nou pa envolontèman chanje vrè siyifikasyon fèt sa a, ki si esansyèl pou tout kwayan nan Jezikri yo.

Tradisyon Nwèl ak Pak yo

Refleksyon sa yo te mennen m nan medite sou diferans ant fason nou selebre Nwèl an konparezon avèk Pak. Nan mwa Desanm, nou aranje n yon jan pou nou entegre amizman “Jingle Bells (Son Klòch),” Chosèt pou kado Nwèl, ak kado bò kote lòt tradisyon ki pi reflechi—tankou pran swen moun ki nan bezwen, chante melodi ak kantik Nwèl favori nou yo, epi natirèlman louvri ekriti nou yo epi li istwa Nwèl la nan Lik 2. Chak ane lè nou li istwa byeneme sa a nan yon gwo Bib ansyen, fanmi nou fè sa ke fanmi pa w pwobableman fè—abiye avèk sèvyèt sou tèt ak sou zepòl nou epi mete wòbdechanm pou reprezante Joseph, Mary, ak anpil moun ki te vini pou adore Jezi tibebe a, nou repwodui istwa presye Nwèl la sou nesans Sovè a.

Selebrasyon fanmi nou pou Pak, toutfwa, te toujou yon jan diferan. M santi tankou fanmi nou te plis repoze sou “ale legliz” nan Dimanch espesyal sa a pou respekte pati enpòtan nan Pak la, ki santre sou Kris la; epi apresa kòm fanmi, nou te reyini pou patisipe nan lòt tradisyon ki an rapò ak Pak yo. Mwen te renmen gade pitit nou yo epi kounyea pititpitit nou yo ap fè lachas ze Pak yo ak fouye nan panye kado Pak yo.

Men lèt Premye Prezidans la sete rapèl pou louvri je. Non sèlman yo envite nou tout pou nou asire n ke selebrasyon nou pou evenman pi enpòtan ki te janm rive sou tè sa a—Ekspyasyon ak Rezirèksyon Jezikri a—enkli reverans ak respè Senyè a merite a, men tou, yo ba nou plis tan avèk fanmi nou ak zanmi nou pou nou fè sa nan Dimanch Pak la.

Imaj
Sovè resisite a

Pawòl Pwofèt Joseph Smith sa yo ajoute kontèks adisyonèl sou enpòtans evenman yo ki antoure Pak la: “Prensip fondamantal yo nan relijyon nou an se temwayaj Apot yo ak Pwofèt yo, konsènan Jezikri, ke Li te mouri, antere, epi leve ankò nan twazyèm jou an, epi monte nan syèl epi ke tout lòt bagay ki anrapò avèk relijyon nou yo se derive li.”2

Lesa avèk mwen te diskite sou fason fanmi nou ka fè pi byen pandan sezon Pak la. Petèt kesyon nou te poze tèt nou an se youn nou tout ta ka kontanple: Kijan nou ka modle ansèyman ak selebrasyon sou Rezirèksyon Jezikri a, istwa Pak la avèk menm ekilib, plenitid, ak bèl tradisyon relijye sou nesans Jezikri, istwa Nwèl la?

Sanble nou tout ap eseye. Mwen obsève yon efò k ap grandi nan mitan Sen Dènye Jou yo pou yon Pak ki plis santre sou Kris la. Sa enkli yon pi gwo rekonesans, pi reflechi pou Dimanch Ramo ak Vandredi Sen selon pratik kèk lòt Kretyen tankou nou. Nou gen dwa adopte kèk tradisyon Pak apwopriye ki santre sou Kris la ke nou jwenn nan kilti ak pratik peyi nou nan tout mond lan tou.

N. T. Wright, espesyalis Nouvo Testaman te sigjere: “Nou ta dwe pran inisyativ pou selebre Pak nan nouvo fason kreyatif: nan atizana, literati, jwèt pou timoun, powezi, mizik, dans, festival, klòch, konsè espesyal. … Sa se pi gwo selebrasyon relijye nou. Si w ta retire Nwèl, nan tèm biblik, w ap pèdi de premye chapit nan Matye ak Lik, anyen ankò. Retire Pak, epi w pa p gen yon Nouvo Testaman; ou pa p gen Krisyanis.”3

Pak, Bib la, ak Liv Mòmon an

Nou renmen Bib la pou tout sa li anseye nou konènan nesans, ministè, Krisifiksyon, ak Rezirèksyon Jezikri. Pa gen twa mo ki reprezante plis espwa ak konsekans etènèl pou tout limanite pase sa yo ke yon zanj selès te deklare nan maten Pak la bò Tonb nan Jaden an: “Li Resisite.”4 Nou pwofondeman rekonesan pou ekriti Nouvo Testaman an ki prezève istwa Pak la ak ministè Sovè a pou Pak nan Jide ak nan Galile a.

Pandan Lesa avèk mwen te kontinye medite ak chèche fason pou nou elaji selebrasyon fanmi nou pou Pak pou l vin plis santre sou Kris la, nou te diskite sou ki ekriti nou ta ka enwodui kòm tradisyon lekti nan fanmi nou—yon ekivalan Lik 2 pou Pak si nou vle.

Epi apresa nou te gen moman enspirasyon selès sa a: Anplis vèsè enpòtan konsènan Pak yo nan Nouvo Testaman an, noumenm kòm Sen Dènye Jou dote avèk yon kado Pak ki pi remakab! Kado yon temwayaj espesyal, yon lòt temwayaj sou mirak Pak la ki genyen, petèt, ekriti Pak ki pi mayifik nan tout mond Kretyen an. M ap fè referans evidaman a Liv Mòmon an, epi pi espesyalman, a resi sou aparisyon Jezikri devan abitan Nouvo Mond lan yo, nan laglwa resisite Li.

Pwofèt Joseph Smith te dekri Liv Mòmon an kòm “liv ki pi kòrèk nan tout liv,”5 epi kòmanse avèk 3 Nefi 11, li rakonte istwa mayifik sou vizit Kris resisite a devan Nefit yo, ministè Sovè a pou Pak. Ekriti sou Pak sa yo, dapre mwen, rann temwayaj sou Rezirèksyon Senyè a Jezikri .

Nan chapit sa yo, Kris la aple Douz Apot, anseye jan Li te fè nan Diskou sou Mòn nan, anonse ke Li akonpli lwa Moyiz la, epi pwofetize konsènan rasanbleman Izrayè nan dènye-jou yo. Li geri malad yo epi priye pou moun yo nan yon fason sitèlman gloriye ke “okenn lang pa kapab pale, ni okenn moun pa kapab ekri, ni tou okenn moun pa kapab imajine gwo bagay mèveye yo jan nou te wè epi te tande Jezi pale yo; epi okenn moun pa kapab imajine lajwa ki te ranpli nanm nou lè nou te tande l ap priye Papa a pou nou.”6

Imaj
Jezikri ki parèt devan Nefit yo

Pou Pak sa a, fanmi nou pral fokis sou 17 premye vèsè yo nan 3 Nefi 11, ke nou tout konnen byen. Nou sonje gwo foul la ki te rasanble ozalantou tanp lan nan peyi abondans lan ki te tande vwa Bondye Papa a epi ki te wè Jezikri k ap desann soti nan syèl la pou ofri pi bèl envitasyon Pak la.

“Leve epi avanse vin jwenn mwen, … pou nou kapab touche mak klou yo nan men m ak nan pye m, pou nou kapab konnen ke mwen se … Bondye tout tè a, e m te mouri pou peche mond lan.

“Epi … foul la te avanse, … epi youn pa youn … epi yo te wè avèk je yo epi yo te santi mak klou yo nan men l, … epi yo te rann temwayaj, ke sete li, …

“Epi … yo te kriye byen fò ak yon sèl vwa, pou di:

“Ozana! Se pou non Bondye Ki Pi Wo a beni! Epi yo te tonbe nan pye Jezi, e yo te adore l.”7

Imajine, Nefit yo bò tanp la ki te vrèman touche men Senyè resisite a! Nou espere pou n fè chapit sa yo nan 3 Nefi a antre pi plis posib nan tradisyon nou pou Pak menm jan Lik 2 se tradisyon nou pou Nwèl la. An reyalite, Liv Mòmon an pataje pi gwo istwa Pak ki te janm rakonte. An nou fè l tounen pi gwo istwa Pak ki te janm rakonte.

Men mwen envite ou pou w konsidere Liv Mòmon an avèk yon nouvo pèspektiv epi konsidere temwayaj puisan li rann sou reyalite Kris resisite a ansnam ak richès ak pwofondè doktin li sou Kris la.

Liv Mòmon an temwaye konsènan Jezikri

Nou gendwa mande: Kijan lekti ekriti yo nan Liv Mòmon an nan sezon Pak la ka beni lavi nou ak lavi moun ki chè pou nou yo nan yon fason siyifikatif? Anpil moun ka reyalize sa. Nenpòt lè nou li ak etidye nan Liv Mòmon an nou ka atann nou a rezilta remakab.

Resaman, Lesa avèk mwen te asiste veye yon bon zanmi nou, yon fi chaje lafwa ke maladi te rakousi lavi li. Nou te reyini avèk fanmi ak zanmi pwòch li, pou pataje souvni memorab bèl nanm sa a ki te anrichi lavi nou.

Pandan nou te kanpe yon ti distans lwen sèkèy la ap pale avèk lòt moun, mwen te remake de jèn tifi nan laj Primè ki te apwoche sèkèy la epi yo te kanpe dwat sou pwent pye yo—je yo jis rive sou rebò li—pou montre dènye rekonesans yo pou matant byenneme yo a. Pat gen pèsonn lòt moun tou pre, konsa, Lesa te apwoche epi akwoupi bòkote yo pou te ofri yo konsolasyon ak anseye yo. Li te mande kijan yo te ye epi si yo te konnen kote matant yo te ye kounyea. Yo te pataje tristès yo, men apresa tifi presye Bondye sa yo, avèk konfyans ki t ap briye nan je yo, te di yo konnen matant yo te kontan kounyea, epi li te ka avèk Jezi.

Nan laj sansib sa a, yo te jwenn lapè nan gran plan bonè a epi, nan pwòp fason pa yo kòm timoun, yo te temwaye sou reyalite pwofond ak bote senp Rezirèksyon Sovè a. Yo te konnen sa nan kè yo gras ak ansèyman atansyone paran eman, fanmi, ak dirijan Primè ki te plante yon semans lafwa nan Jezikri ak lavi etènèl. Avèk sajès ki depase laj yo, jènfi sa yo te konprann veriteki vin jwenn nou atravè mesaj mesaj Pak la ak ministè Sovè resisite a ak pawòl pwofèt yo rapòte nan Liv Mòmon an. .

Mwen te obsève ke lè Prezidan Russell M. Nelson bay Liv Mòmon an kòm kado bay yon moun ki pa manm legliz nou an, enkli dirijan nan mond lan, li souvan ale nan 3 Nefi epi li konsènan aparisyon Kris resisite a devan Nefit yo. Nan fè sa, pwofèt vivan an ap anfèt rann temwayaj li sou Kris vivan an.

Nou pa kapab kanpe kòm temwen Jezikri pazavan nou ka rann temwayaj konsènan Li. Liv Mòmon an se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri paske atravè paj sakre l yo, pwofèt youn apre lòt temwaye non sèlman ke Kris la t ap vivi, men ke Li te vini.

Gras avèk Li

M kenbe yon kopi premye edisyon Liv Mòmon nan men m la a. Sa toujou ban m emosyon lè m fè li. Pou prèske tout lavi adilt mwen, mwen te fasine, kaptive, ak enpresyone pa sa jèn Joseph Smith te fè pou rive fè liv ekriti sakre sa a tradui epi pibliye. Mirak ki te dwe pwodui yo ekstraòdinè pou n kontanple.

Men, se pa pou sa liv sa emosyone m. Se paske liv sa a, plis pase nenpòt lòt ki te janm pibliye sou tè sa a, rann temwayaj sou lavi, ministè, ansèyman, Ekspyasyon, ak Rezirèksyon Jezikri. Chè frè m ak sè m yo, etid regilye nan liv sa a konsènan Jezikri a ap chanje lavi nou. L ap louvri je nou sou nouvo posiblite nan lavi nou. L ap ogmante espwa nou epi ranpli nou ak charite. Sa k pi enpòtan, l ap bati ak fòtifye lafwa nou nan Jezikri epi beni nou avèk konesans asire ke Limenm ak Papa nou konnen nou, Yo renmen nou, epi Yo vle nou jwenn wout nou pou retounen lakay, avèk yon L.

Chè frè ak sè m yo, moman an rive, jan ansyen pwofèt yo te predi a, kote “konesans sou Sovè a pral gaye travèse chak nasyon, fanmi, lang, ak pèp.”8 Nou wè pwofesi sa a ap akonpli devan pwòp je nou, atravè temwayaj konsènan Jezikri nou jwenn nan Liv Mòmon an.

Imaj
Senyè a, Jezikri

Okenn liv pa fè plis pou montre ke:

  • Gras avèk Jezikri, tout bagay te chanje.

  • Gras avèk Li, tout bagay vin pi bon.

  • Gras avèk Li, lavi a maleyab—espesyalman moman douloure yo.

  • Gras avèk Li, tout bagay vin posib.

Vizit Li kòm Sovè resisite a, ki te entwodui pa Bondye Papa a, se yon mesaj Pak ki pi gloriye ak triyonfan. L ap ede pwòp manm fanmi nou akeri yon temwayaj pèsonèl sou Jezikri kòm Sovè ak Redanmtè nou, ki te kase chenn lanmò yo.

M ap fini avèk temwayaj pa m sou verasite Liv Mòmon an ak sou Jezikri kòm Pitit Gason Bondye vivan an . Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Lèt Premye Prezidans lan, 15 Fevriye 2023.

  2. Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 49; italik ajoute.

  3. N. T. Wright, Surprised by Hope: Rethinking Heaven, the Resurrection, and the Mission of the Church (2008), 256.

  4. Matye 28:6.

  5. Enseignements: Joseph Smith, 64.

  6. 3 Nefi 17:17.

  7. Gade 3 Nefi 11:1–17.

  8. Mozya 3:20.