Konferans Jeneral
Apre Katriyèm Jou a
Konferans jeneral avril 2023


Apre Katriyèm Jou a

Pandan n ap avanse avèk lafwa nan Jezikri, katriyèm jou a ap toujou vini. L ap toujou vini pou ede nou.

Jan yo te raple nou maten an, jodia se Dimanch Ramo, ki make antre triyonfal Sovè a nan Jerizalèm ak kòmansman semèn sent la anvan gwo Ekspyasyon l lan, ki t ap gen ladan l soufrans Li, Krisifiksyon L, ak Rezirèksyon L la.

Yon ti tan anvan antre pwofetik Li a nan vil la, Jezikri te konplètman angaje nan ministè L la lè L te resevwa nouvèl nan men bon zanmi l yo, Mari ak Mat, ke frè yo a, Laza, te malad.1

Malgre maladi Laza a te grav, Senyè a te “rete de jou ankò nan menm kote l te ye a. Apre sa, li di disip li yo: Ann nou tounen nan Jide.”2 Anvan l te kòmanse vwayaj la ale lakay zanmi l yo nan Betani,“Jezi te di [disip Li] yo klèman, Laza mouri.”3

Lè Jezi te rive nan Betani epi li te rankontre Mat anpremye epi Mari an apre—petèt akoz fristrasyon paske L te rive anreta— yo chak te salye L epi yo te di, “Senyè, si ou te la, frè m nan pa t ap mouri.”4 Mat te kontinye di, “Nan moman sa a li santi: paske li te mouri kat jou pase.”5

Kat jou sa yo te enpòtan pou Mari ak Mat. Selon kèk lekòl panse rabinik, yo te kwè ke lespri moun ki mouri yo t ap rete ak kò a pou twa jou, nan lespwa ke lavi te posib ankò. Men, nan katriyèm jou a tout espwa te pèdi, petèt paske kò a tap kòmanse pouri epi “santi.”6

Mari ak Mat te nan yon eta dezespere. “Lè Jezi te wè [Mary] ap kriye, … li te mimire nan lespri, epi li te twouble.

“Epi Li di: Ki kote nou mete l? Yo te di L, Senyè, vin wè.”7

Se nan moman sa a nou wè youn nan gran mirak pandan ministè mòtèl Sovè a. Toudabò Senyè a te di: “Wete wòch la.”8 Epi, apre l te fin remèsye Papa L, “Li te kriye byen fò, Laza, soti.

“Epi mò a te soti deyò, de pye l ak de men l yo tou mare ak bann twal: ak figi l tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo, Demare l non, kite l ale.”9

Menmjan ak Mari ak Mat, nou gen posiblite pou nou fè eksperyans tout mòtalite a, menm lapenn10 ak feblès.11 Nou chak ap fè eksperyans chagren ki akonpaye pèt yon moun nou renmen. Vwayaj mòtèl nou ka enkli maladi pèsonèl oswa feblès maladi yon moun nou renmen; depresyon, enkyetid, oswa lòt pwoblèm sante mantal; difikilte finansye; trayizon; peche. Epi pafwa sa yo akonpaye pa santiman dezespwa. Mwen pa diferan. Menmjan avèk ou, mwen te fè eksperyans yon pakèt eprèv nou dwe atann nan lavi sa a. Mwen atire vè istwa sa a sou Sovè a ak sa li anseye m sou relasyon nou avèk Li.

Pandan pi gwo enkyetid nou yo, menmjan ak Mari ak Mat, nou chèche Sovè a oubyen nou mande Papa a pou entèvansyon divin Li. Istwa Laza a anseye nou prensip ki ka aplike nan pwòp lavi nou pandan n ap fè fas ak difikilte endividyèl nou yo.

Lè Sovè a te rive Betani, tout moun te pèdi espwa ke Laza te kapab sove—sa te gen kat jou, epi li te mouri. Pafwa pandan pwòp difikilte nou yo, nou ka santi tankou Kris la vin twò ta, epi espwa nou ak lafwa nou ka menm anba tès. Kòm temwen, temwayaj mwen sèke pandan n ap avanse avèk lafwa nan Jezikri, katriyèm jou a ap toujou vini. L ap toujou vin ede nou oswa elve espwa nou pou relimen l ankò. Li pwomèt:

“Pa kite kè nou twouble.”12

“M pap kite nou san rekonfò: M ap vin jwenn nou.”13

Pafwa sa ka sanble tankou Li pa vin jwenn nou jouk katriyèm jou senbolik la, apre tout espwa sanble l fin pèdi. Men, poukisa L anreta konsa? Prezidan Thomas S. Monson te anseye: “Papa nou ki nan Syèl la, ki ban nou anpil pou nou rejwi, konnen tou ke nou aprann ak grandi epi vin pi fò pandan n ap simonte eprèv yo nou dwe travèse yo.”14

Menm Pwofèt Joseph Smith te fè fas ak yon gwo eksperyans katriyèm jou konsa. Nou sonje siplikasyon l lan? “O Bondye, Ki Kote W Ye?” E Kote paviyon ki kouvri kote w kache a?”15 Pandan n ap mete konfyans nou nan Li a, nou ka atann yon repons tankou : “Pitit gason m nan [oswa pitit fi m], lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman.”16

Yon lòt mesaj nou ka aprann nan istwa Laza a se sa pwòp wòl nou ka jwe nan entèvansyon divin n ap chèche a. Lè Jezi te pwoche bò tonm nan, Li te toudabò di moun ki te la yo: “Wete wòch la.”17 Avèk pouvwa Sovè a te genyen, èske Li pa t ka mirakilezman deplase wòch la san efò? Sa t ap enpresyonan pou wè epi sa t ap yon eksperyans inoubliyab, men li te di lòt moun yo: “Wete wòch la.”

Dezyèmman, Senyè a, “te kriye byen fò, Laza, soti.”18 Èske sa pa t ap pi enpresyonan si Senyè a, Limenm, te mirakilezman mete Laza nan pòt la pou li ta vizib imedyatman pou foul moun yo wè li lè yo te retire wòch la?

Twazyèman, lè Laza te vini, “de pye l ak de men l yo te tou mare ak bann twal: epi figi l te tou vlope nan yon moso twal. Jezi te di yo, Demare l, epi kite l ale.”19 Mwen sèten ke Senyè a te kapab fè Laza kanpe nan pòt kav la, tou netwaye epi pwòp avèk rad tonm yo byen pliye.

Ki sa sa vle di pou nou mete aksan sou aspè sa yo? Chak nan twa bagay sa yo te gen yon bagay an komen—okenn nan yo pat mande itilizasyon pouvwa divin Kris la. Sa disip Li yo te ka fè, Li te kòmande yo pou yo te fè l. Disip yo te sètènman kapab deplase wòch la poukont yo; Laza, apre l te fin leve soti vivan, li te gen kapasite pou l te kanpe epi prezante tèt li nan pòt kav la; epi moun ki te renmen Laza yo te kapab ede l retire rad tonm yo.

Sepandan, se sèlman Kris la ki te gen pouvwa ak otorite pou l te leve Laza anba lanmò. Enpresyon mwen sèke Sovè a atann pou nou fè tout sa nou kapab, epi L ap fè sa sèlman Limenm ka fè a.20

Nou konnen ke “lafwa [nan Senyè Jezikri] se yon prensip aksyon”21 epi “mirak pa pwodui lafwa, men gwo lafwa devlope pa obeyisans nan levanjil Jezikri a. Otremandi, lafwa vini nan lajistis.”22 Pandan n ap fè efò pou nou aji avèk jistis lè nou fè ak kenbe alyans sakre yo epi aplike doktrin Kris la nan lavi nou, lafwa nou ap non sèlman ase pou pote nou ale nan katriyèm jou a, men tou, avèk èd Senyè a n ap kapab deplase wòch ki nan chemen nou yo, leve soti nan dezespwa, epi debarase tèt nou anba tout sa ki mare nou. Pandan ke Senyè ap atann pou nou “fè tout bagay ki nan mwayen nou,”23 sonje ke L ap banou èd nan tout bagay sa yo lè nou mete konfyans nou nan Li.

Kijan nou ka deplase wòch epi bati sou wòch Li a?24 Nou kapab respekte konsèy pwofèt yo.

Pa egzanp, nan mwa Oktòb dènye a, Prezidan Russell M. Nelson te sipliye nou pou nou pran anchaj pwòp temwayaj pa nou konsènan Sovè a ak levanjil Li a, pou nou travay pou yo epi pran swen yo, pou nou nouri yo avèk verite, epi pou nou evite kontamine yo avèk fo filozofi enkwayan yo. Li pwomèt nou chak, “Si nou fè ranfòsman kontinyèl temwayaj nou konsènan Jezikri a vin pi gwo priyorite nou, nou mèt rete tann mirak k ap rive nan lavi nou.”25

Nou ka fè sa!

Kijan nou ka leve epi vini senbolikman? Nou ka repanti sensèman epi chwazi pou nou obeyi kòmandman yo. Senyè a te di: “Moun ki gen kòmandman m yo, epi ki respekte yo, se moun sa a ki renmen mwen: e moun ki renmen mwen ap renmen Papa m, epi m ap renmen l, epi m ap manifeste tèt mwen ba li.”26 Nou ka fè efò pou nou repanti chak jou epi jwayezman avanse avèk yon kè dispoze ki plen lanmou pou Senyè a.

Nou ka fè sa!

Kijan avèk èd Senyè a, nou ka libere tèt nou anba tout sa ki mare nou? Nou ka entansyonèlman lye tèt nou toudabò e avantou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, atravè alyans. Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Ki sous pouvwa moral ak espirityèl [nou], e kijan nou jwenn li? Sous la se Bondye. Nou jwenn aksè nan pouvwa sa a atravè alyans nou fè avèk Li. … Nan akò diven sa yo, Bondye mare tèt Li pou soutni, sanktifye, ak egzalte nou an retou pou angajman nou pou nou sèvi Li epi respekte kòmandman L yo.”27 Nou ka fè epi kenbe alyans sakre yo.

Nou ka fè sa!

“Retire wòch la.” “Soti.” “Demare l, epi kite l ale.”

Konsèy, kòmandman, ak alyans. Nou ka fè sa!

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye, “Gen kèk benediksyon ki vini rapidman, gen kèk ki pran plis tan, epi gen kèk k ap vini sèlman nan syèl la; men pou moun ki anbrase levanjil Jezikri yo, yo vini.”28

Epi finalman, “Se poutèt sa, fè kè nou kontan, epi pa pè, paske mwen menm Senyè a, mwen avèk nou, epi m ap kanpe bò kote nou”29

Sa se temwayaj mwen kòm temwen, nan non sakre Limenm ki ap toujou vini an, wi Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Jan 11:3.

  2. Jan 11:6–7.

  3. Jan 11:14.

  4. Jan 11:21–32.

  5. Jan 11:39.

  6. Nanm nan, dapre kwayans Juif yo, te rete ak kò a twa jou apre lanmò. Selon konviksyon Juif yo, se sa k fè, rezirèksyon yon moun ki te mouri te enposib nan katriyèm jou a, puiske nanm nan pa t ap antre ankò nan kò a ki te chanje pozisyon l. Sa te tout pi enpresyonan pou temwen mirak Jezi te leve Laza nan katriyèm jou a. Konsa, katriyèm jou a gen yon siyifikasyon espesyal la a epi naratè itilize l entansyonèlman an koneksyon avèk pi gran nan tout mirak rezirèksyon ki posib” (Ernst Haenchen, Jan 2: Yon kòmantè sou Levanjil Jan an, Chapit 7-21ed. Robert W. Funk ak Ulrich Busse, trans. Robert W. Funk [1984], 60–61).

  7. Jan 11:33–34.

  8. Jan 11:39.

  9. Jan 11:43–44.

  10. gade Moyiz 4:22–25.

  11. Gade Etè 12:27.

  12. Jan 14:1.

  13. Jan 14:18

  14. Thomas S. Monson, “Je ne te delaisserai point, Je ne t abandonnerai point,” Liahona, Nov. 2013, 87. Prezidan Monson te esplike anplis: “Nou konnen gen moman kote n ap fè eksperyans bonjan, chagren, lè nou nan lapenn, ak lè nou teste nan limit nou. Men, difikilte sa yo pèmèt nou chanje vin pi bon, pou rebati lavi nou nan fason Papa nou ki nan Syèl la anseye nou, epi pou nou vin yon bagay diferan de sa nou te ye—pi bon pase nou te ye, plis konpreyansyon pase sa nou te genyen, pi saj pase jan nou te ye, avèk temwayaj pi solid pase sa nou te genyen anvan” (“Mwen p ap Bliye Ou, Ni Abandone Ou,” 87). Gade tou Doktrin ak Alyans{16 84:119: “Paske, mwen menm Senyè a, m lonje men mwen pou m manifeste pouvwa syèl la; nou pa kapab wè l kounyeya, men, nan yon ti tan nou pral wè l, epi n ap konnen m egziste, epi m ap vini.”

    Gade tou Mozya 23:21–24:

    “Men, Senyè a te wè l nesesè pou l chatye pèp li a; wi, li te teste pasyans yo ak lafwa yo.

    “Se poutèt sa, nenpòt moun ki mete konfyans nan li, y ap leve nan dènye jou a. Wi, e se konsa sa te ye pou pèp sa a.

    “Paske gade, m ap fè w wè yo te tonbe nan esklavaj, e pèsonn pa t kapab delivre yo, eksepte Senyè Bondye yo a; wi, Bondye Abraram, ak Izarak ak Jakòb la menm.

    “Epi, se te konsa, li te delivre yo, e li te montre yo gran pouvwa L, e yo te rejwi anpil.”

  15. Doktrin ak Alyans 121:1.

  16. Doktrin ak Alyans 121:7.

  17. Jan 11:39.

  18. Jan 11:43.

  19. Jan 11:44.

  20. Prezidan Russell M. Nelson te fè remak sa a: “Souvan, mwenmenm ak konseye m yo gade avèk dlo nan je lè Li entèsede nan sikonstans ekstrèmman difisil apre nou fin fè tout sa nou kapab epi nou pa ta ka fè anyen ankò. Nou anfèt kanpe tou emèveye” (“Mesaj Byenveni,” Liahona, Me 2021, 6).

  21. Diksyonè Bib la, “Lafwa.”

  22. Gid Ekriti yo, “Lafwa,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

  23. Doktrin ak Alyans 123:17.

  24. Gade 3 Nefi 11:32–39.

  25. Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” Liahona, Nov. 2022, 97.

  26. Jan 14:21.

  27. D. Todd Christofferson, “Pouvwa Alyans la,” Liahona, Me 2009, 20.

  28. Jeffrey R. Holland, “Yon Gran Prèt pou Bon Bagay k ap Vini yo,” Liahona, Jan. 2000, 45.

  29. Doktrin ak Alyans 68:6.