Konferans Jeneral
Sèvis pastoral
Konferans jeneral avril 2023


Sèvis pastoral

An nou lonje men pou ede moun, jan Sovè nou an ta fè, espesyalman, moun nou gen privilèj atravè amou ak devwa pou rann sèvis pastoral yo.

Chè frè m ak sè m yo, zanmi, byenveni nan konferans jeneral la!

Apre Konferans Jeneral oktòb pase a, Sè Gong avèk mwen te mache travèse Sant Konferans la pou nou te salye nou ak tande eksperyans nou nan levanjil la.

Manm nou yo ki soti nan Meksik yo te di, “Hoy es el tiempo de Mexico.” (Jodia se tan pou Meksik,)

Imaj
Gilly ak Mary avèk Elder and Sister Gong

Nou te aprann ke Gilly ak Mary se zanmi ki soti an Angletè. Lè Mary te vin manm Legliz la, li te pèdi kote l t ap viv la. Avèk jenewozite, Gilly te envite Mary vin viv avèk li. Gilly te chaje avèk lafwa, li di, “M pat janm doute ke Senyè a avèk mwen.” Nan Konferans la, Gilly te reyini nan lajwa avèk sè misyonè ki te anseye l yo 47 ane pase.

Imaj
Jeff ak Melissa avèk Èldè ak Sè Gong

Jeff ak madanm li, Melissa, t ap asiste konferans jeneral pou premye fwa. Jeff te jwe bezbòl (baseball) (li te yon resevè) epi kounyea li se yon doktè anestezyolojis. Li te di m, “Se yon gwo sipriz, pou mwen, ke m ap avanse al nan batèm, paske m santi se fason ki pi otantik ak onèt pou m viv.”

Avan sa, Melissa mande frè sèvis pastoral Jeff la eskiz, “Jeff pa vle ‘chemiz blan lakay nou.” Frè sèvis pastoral la te di, “M ap jwenn yon mwayen.” Kounyea, limenm ak Jeff se bon zanmi. Nan batèm Jeff’, m te rankontre yon kongregasyon Sen Dènye Jou ke Jeff, Melissa, ak pitit fi yo a, Charlotte, renmen.

Kòm disip Jezikri, n ap chèche bay lòt moun sèvis pastoral jan Li ta fè a paske gen anpil lavi k ap rete tann chanjman.

Lè Peggy te di m mari li a, John, apre 31 ane maryaj, ta pral batize, m te mande kisa k te chanje.

Peggy te di, “John avèk mwen, nou te etidye Nouvo Testaman Vini, Suiv Mwen an, epi John te poze kesyon sou doktrin Legliz la.”

Peggy te di, “An nou envite misyonè yo.”

John te di, “M pa nan misyonè—sof si zanmi m nan ka vini.” Nan 10 ane, frè sèvis patoral John yo te vin tounen zanmi konfyans li. (M te mande m, kisa k t ap pase si frè sèvis pastoral John nan te sispann vini apre yonn, de, oubyen nef ane?)

John te koute. Li te li Liv Mòmon an avèk entansyon reyèl. Lè misyonè yo te envite John batize, li te di wi. Peggy te di “ M te tonbe sot sou chèz mwen an, epi m te kòmanse kriye.”

John te di, “M te chanje pandan m t ap vin pipre Senyè a.” Pita, John ak Peggy te sele nan tanp sakre a. An desanm pase, John te mouri nan laj 92 ane. Peggy di, “John te toujou yon bon moun, men li te vin diferan nan yon bèl fason apre l te fin batize.”

Imaj
Jenny ak Meb

Sè Gong avèk mwen te rankontre Meb ak Jenny sou video pandan epidemi COVID la. (Nou te rankontre anpil bèl moun marye ak endividi sou video pandan COVID la, avèk priyè, prezidan pieu yo te entwodwi yo chak.)

Meb ak Jenny te di avèk imilite, sousi nan lavi yo te fè yo mande tèt yo, si maryaj tanp yo a ta ka sovegade, epi kouman sa ta ka fèt. Yo te kwè nan Ekspyasyon Jezikri a ak angajman alyans yo ta ka ede yo.

Imajine lajwa mwen lè Meb ak Jenny te resevwa nouvo rekòmandasyon tanp yo epi yon te retounen ansanm nan kay Senyè a. Nan apre, Meb te mouri tou. Se te yon gwo benediksyon, Meb ak Jenny te retabli relasyon alyans yo avèk Senyè a epi avèk yonn lòt, epi yo santi amou sèvis pastoral anpil moun ki te antoure yo.

Tout kote m ale, m aprann avèk rekonesans nan men moun ki rann sèvis pastoral epi ki pran swen moun jan Sovè ta fè.

Imaj
Salvador avèk Elder ak Sè Gong

Nan Pewou, Sè Gong avèk mwen te rankontre Salvador ak frè ak sè l yo.1 Salvador ak frè ak sè l yo se òfelen. Sete anivèsè Salvador. Dirijan ak manm Legliz yo, ki rann fanmi sa a sèvis pastoral fidèlman enspire m. “Relijyon ki pur, ki pa kowonpi … se, Asiste moun ki san papa yo ak vèv yo,”2 “pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, … ranfòse jenou ki fèb yo.”3

Nan Hong Kong, yon prezidan kowòm ansyen pataje avèk modesti fason kowòm yo a reyalize 100 pousan entèvyou sèvis pastoral. Li di, “avèk priyè, nou òganize gwoup konpayon pou chak moun ka pran swen yon moun e resevwa swen.” “Regilyèman, nou poze chak gwoup konpayon kesyon sou moun yo rann sèvis pastoral yo. Nou pa fè kontwòl, nou rann sèvis pastoral a moun ki rann moun nou yo sèvis pastoral.”

Imaj
Fanmi Bokolo

Nan Kinshasa, Repiblik Demokratik Kongo, Prezidan Bokolo pataje fason li ak fanmi l te vin manm Legliz la an Frans. Yon jou, pandan l t ap li benediksyon patriyakal li, Lespri a te enspire Frè Bokolo pou l retounen avèk fanmi l nan Peyi Kongo. Frè Bokolo te konnen li t ap rankontre anpil difikilte si l te retounen. Epi Legliz yo a, Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo patko etabli nan Kinshasa.

Malgresa, avèk lafwa, jan anpil lòt moun te fè, fanmi Bokolo te swiv Lespri Seyè a. Nan Kinshasa, yo te rann sèvis pastoral epi beni moun ki bòkote yo, simonte difikilte, resevwa benediksyon espirityèl ak tanporèl. Jodia, yo rejwi poutèt yo gen yon kay Seyè a nan peyi yo a.4

Yon konvèti te resevwa sèvis pastoral atravè egzanp pèsonèl. Li te di, lè l te yon jèn gason, li te konn pase tout jounen alonje sou plaj. Yon jou, li te di,“m te wè yon bèl jèn fi ki abiye avèk yon chòt deben ki modès.” Li te etone, li t al mande poukisa yon si bèl fi te mete yon chòt deben ki modès. Fi a te reponn ke li se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dèny jou yo epi l te mande avèk yon souri, “Èske w ta renmen vin legliz Dimanch?” Li te di wi.

Plizyè ane pase, pandan nou t ap travay ansanm, Eldè L. Tom Perry te pataje kijan li ak konpayon li a te rann sèvis pastoral regilyèman, a yon sè ki te abite poukont li nan yon move katye nan Boston. Lè Eldè Perry ak konpayon li te rive, sè a te bay direksyon avèk prekosyon, “Glise rekòmandasyon tanp ou anba pòt la.” Se sèlman apre l te fin wè rekòmandasyon tanp yo, li te li te dekadnase plizyè kadna epi l te ouvri pòt la.5 Natirèlman, m pa di konpayon k ap rann sèvis pastoral dwe gen rekòmandasyon tanp. Men, m renmen panse ke, lè moun ki onore alyans yo rann sèvis pastoral, kay dekadnase epi kè moun ouvri.

Eldè Perry te ofri konsèy ki pratik tou. Li te di, “bay konpayon yo yon kantite angajman rezonab, ki chwazi nan lapriyè, ki gwoupe jewografikman kote sa apwopriye, pou tan deplasman ka byen itilize.” Li te konseye, “Kòmanse avèk moun ki pi bezwen vizit yo. Bati sou moun ki ta plis dispoze a byen aksepte vizit yo.” Li te konkli, “Konsistans fidèl pote mirak.”

Sèvis pastoral ki pi elve ak pi sen6 vini lè nou priye pou “amou pur Kris la”7 epi swiv Lespri a. Li vini tou, lè prezidans kowòm ansyen yo ak Sosyete Sekou yo, sou direksyon evèk la, jere efò sèvis pastoral, ansanm avèk asiyasyon konpayon sèvis pastoral yo. Silvouplè, bay jèn gason ak jèn fi yo opòtinite yo bezwen pou akonpaye epi pou sè ak frè ki gen eksperyans ede yo. Epi, silvouplè, kite jèn jenerasyon k ap grandi a enspire konpayon sè ak frè ki nan sèvis pastoral yo.

Nan kèk kote nan Legliz la, nou gen yon vid nan sèvis pastoral. Plis moun di y ap bay sèvis pastoral pase yo resevwa sèvis pastoral. Nou pa vle ap enkyete pou tchèklis. Men, souvan nou bezwen plis pase yon alo sensè nan koulwa a oubyen yon òdinè “Èske m ka ede?” nan pakin nan. Nan anpil kote, nou ka lonje men, konprann lòt moun kote yo ye a, epi bati relasyon lè nou vizite manm yo regilyèman nan fwaye yo. Envitasyon ki enspire chanje lavi moun. Lè envitasyon ede nou fè ak kenbe alyans sakre yo, nou vin pipre Seyè a ak yonn lòt.

Yo di konsa, moun ki konprann vrè lespri sèvis pastoral la fè plis pase anvan, epi moun ki pa konprann yo fè mwens. An nou fè plis, jan Sovè nou an t ap fè. Jan kantik nou an di a “Yon benediksyon devosyon ak amou.”8

Konsèy pawas, kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo, tanpri koute Bon Bèje a epi ede L “chèche moun ki te pèdi a, … mennen tounen moun yo te chase a, … mare sa k te kase a, … ranfòse moun ki te malad la.”9 Nou ka akeyi “zanj sanzatann”10 lè nou fè plas nan etab Li a pou tout moun.11

Sèvis pastoral ki enspire beni fanmi ak moun; li ranfòse pawas ak branch yo tou. Panse a pawas ak branch ou a tankou yon ekosistèm spirityèl. Nan espri istwa pye oliv ki nan Liv Mòmon an, Seyè jaden an ak sèvitè l yo te jwenn bon fwi epi yo te mare fòs ak feblès tout pyebwa yo ansanm pou ranfòse tout pyebwa yo.12 Seyè jaden an ak sèvitè L yo te mande plizyè fwa, “Kisa m ka fè ankò?”13 Ansanm, yo beni kè ak fwaye yo, pawas ak branch yo atravè sèvis pastoral enspire, konsistan.14

Imaj
Rasin ak branch ki kwaze

Sèvis Pastoral—Pran Swen Brebi—fè jaden nou an vin “yon sèl kò”15—yon jaden sakre. Chak pyebwa nan jaden nou an se yon ab jenealojik ki vivan. Rasin ak branch yo mare ansanm. Sèvis pastoral beni jenerasyon. Lè moun bezwen sèvis, evèk ak prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou ki saj yo mande, “Ki frè ak sè ki sèvitè pastoral moun sa yo?” Konsèy pawas ak entèvyou sèvis pastoral yo pa sèlman poze kesyon sou difikilte oubyen pwoblèm, men tou, yo gade avèk je pou yo wè ak rejwi nan mizèrikòd sansib Seyè a nan lavi nou pandan n ap fè sèvis pastoral jan Li t ap fè.

Sovè nou an se egzanp pafè nou.16 Paske L bon, Li ka mache fè bon bagay.17 Li beni yonn epi L beni 99. Li se sèvis pastoral pèsonifye. Nou vin tankou Jezikri lè nou fè “pou … moun ki piti a” sa nou t ap fè pou Li,18 lè nou renmen pwochen nou tankou tèt pa nou,19 lè nou “yonn renmen lòt; jan M renmen nou an,”20 epi lè “nenpòt moun ki gran nan pami nou, se pou l rann ou sèvis pastoral.”21

Jezikri fè sèvis pastoral. Zanj yo fè sèvis pastoral.22 Disip Jezikri yo “rann lòt sèvis pastoral,”23 “rejwi ansanm avèk moun k ap rejwi, epi kriye avèk moun k ap kriye,”24 yo “pran swen [epi] … nouri [moun] avèk bagay ki gen rapò avèk jistis,”25 “sonje … pòv ak moun nan bezwen yo, malad ak aflije yo,”26 yo fè konnen non Li atravè sèvis pastoral nou an.27 Lè nou fè sèvis pastoral jan L t ap fè, nou se temwen mirak Li yo, benediksyon Li yo.28 Nou vin gen “yon sèvis pastoral ki pi ekselan.”29

Nou ka fatige fizikman. Men, nan sèvis Li, nou “pa fatige fè byen.”30 Nou fè tout sa nou kapab, nou pa kouri pi vit pase fòs pèmèt nou,31 men, nou kwè, jan Apot Pòl te anseye a, paske “Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.”32 Paske Bondye ki “bay semè a semans la Li bay pen pou manje, epi L miltipliye semans nou pou nou plante.”33 Otremandi, Bondye anrichi “tout bagay pou tout abondans.”34 Moun “ki simen anpil pral rekòlte anpil tou.”35

Nenpòt kote nou ye nan sezon Pak sa a, an nou lonje men epi ede jan Sovè nou an t ap fè, espesyalman pou moun nou gen privilèj rann sèvis pastoral nan lanmou ak selon asiyasyon nou. Lè nou fè sa, m swete nou apwoche pi pre Jezikri ak pipre yonn lòt, pou n vin plis tankou Li, ak disip Jezikri yo jan Li ta vle nou chak vin tounen an. Nan non sakre Li, Jezikri, amèn.