Konferans Jeneral
Jwenn Lapè Pèsonèl
Konferans jeneral avril 2023


Jwenn Lapè Pèsonèl

Mwen priye pou nou ka jwenn lapè, pou nou ka ede anpil lòt moun jwenn li, epi pase l bay lòt.

Chè frè m ak sè m yo, nou te beni pa ansèyman enspire ak bèl mizik ki te touche nou nan ouvèti sesyon konferans jeneral sa a. Nou remèsye nou pou patisipasyon nou ak lafwa nou.

Jodia, m pral pale sou sa m aprann konsènan mirak pou jwenn lapè enteryè a, kèlkeswa sikonstans nou. Sovè a konnen ke tout pitit Pè Selès yo anvi lapè anpil, epi Li te di Li ka ban nou l. Nou sonje pawòl Jezikri yo ki ekri nan liv Jan an: “M ap ba nou kè poze. M ap fè kè nou poze nan jan pa mwen.: Mwen p ap fè li pou nou jan sa fèt nan mond lan. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.”1

Sa L vle di konsènan lapè ak fason Li ka bay li a, sa revele nan sikonstans moun yo ki te tande L pwononse pawòl sa yo. Koute istwa a nan Jan konsènan aboutisman ministè Kris la sou tè a. Fòs malefik fewòs te vide sou Li epi byento, yo ta pral vin vide sou disip Li yo.

Men pawòl Sovè a:

“Si nou renmen mwen, kenbe kòmandman m yo.

“Epi, m ap priye Papa a, epi l ap ba nou yon lòt Konsolatè, pou l ka toujou rete avèk nou;

“Se Sentespri verite a menm; mond lan pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li: men nou menm nou konnen li; paske li rete nan kè nou, paske li nan nou.

“M pap kite nou san rekonfò: M ap vin jwenn nou.

“Nan yon ti tan, mond la pap wè m ankò; men, n ap wè M paske m vivan, nou pral vivan tou.

“Nan jou sa a, nou pral konnen ke mwen nan Papa m, epi nou nan mwen, epi m nan nou.

“Yon moun ki chèche kòmandman m yo, epi ki kenbe yo, se limenm ki remen m: epi yon moun ki renmen m, Papa m ap renmen l, epi m ap renmen l, epi m ap manifeste tèt mwen devan l.

“Jida, pa Jida Iskaryòt, te di L, Seyè, kouman ou pral fè manifeste tèt devan nou, epi pa devan mond la?

“Jezi te reponn epi L te di l, si yon moun renmen m, l ap kenbe pawòl mwen yo: epi Papa m ap renmen l, epi nou pral vin jwenn li, epi n ap mete abitasyon nou nan li.

“Yon moun ki pa renmen m, li pa kenbe pawòl mwen: epi pawòl nou tande yo se pa pawòl pa m, men, se pawòl Papa m ki te voye m nan.

“Bagay sa yo mwen di nou, pandan m la a avèk nou.

“Men, Konsolatè a, ki se Sentespri a, Papa a ap voye nan non m nan, li va anseye nou tout bagay, epi li va fè nou sonje tout bagay, tout sa m te di nou.

“M ap ba nou kè poze. M ap fè kè nou poze nan fason pa m. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.”2

Mwen aprann omwen senk verite nan ansèyman sa a Sovè te bay la.

Premyèman, Li bay don lapè a apre nou fin gen lafwa pou n kenbe kòmandman Li yo. Pou moun ki se manm alyans Legliz Senyè a, obeyisans se sa nou deja pwomèt pou nou fè.

Dezyèmman, Sentespri a ap vini epi L ap rete avèk nou. Senyè a di konsa, si nou kontinye rete fidèl, Sentespri a ap abite nan nou. Sa a se pwomès ki nan priyè sentsèn nan ke Lespri a ap konpayon nou epi n ap santi rekonfò Li, nan kè nou ak nan panse nou.

Twazyèmman, Sovè a pwomèt ke lè nou kenbe alyans nou yo, nou ka santi amou Papa a ak Pitit Gason an yonn pou lòt ak pou nou. Nou ka santi Yo pre nou nan lavi nou nan mòtalite a, menmjan nou pral santi l lè nou gen benediksyon pou nou avèk Yo pou tout tan an.

Katriyèmman, pou kenbe kòmandman Senyè a, sa mande plis pase obeyisans. Nou dwe renmen Bondye avèk tout kè nou, tout fòs nou, tout panse nou ak tout nanm nou.3

Moun ki pa renmen Li, yo pa kenbe kòmandman L yo. Epi konsa, yo p ap gen don lapè a nan lavi sa a ak nan mond ki pral vini an.

Senkyèmman, li klè ke Senyè a sitèlman renmen nou ke L peye pri peche nou yo pou nou kapab—atravè lafwa nou nan Li ak repantans nou, atravè efè Ekspyasyon L la—gen don lapè ki “depase tout konpreyansyon,”4 an nan lavi sa a epi avèk Li pou letènite.

Kèk nan pami nou, petèt anpil nan nou, pa santi lapè Senyè a te pwomèt la. Ou petèt ap priye pou lapè enteryè ak rekonfò spirityèl Men, ou ka petèt santi ke syèl la fè silans a siplikasyon pou lapè w la.

Gen yon enmi nanm nou ki pa vle pou noumenm ak moun nou renmen yo jwenn lapè. Li pa ka benefisye anyen nan sa. Li travay pou l anpeche nou menm anvi jwenn lapè Sovè a ak Papa ki nan Syèl la vle nou genyen an.

Sanble efò Satan pou l simen rayiman ak kontansyon tout alantou nou ap ogmante. Nou wè evidans la parèt nan pami nasyon yo ak vil yo, nan katye yo, nan rezo siosyal, epi atravè tout mond lan.

Malgresa, gen yon rezon pou nou optimis: se paske limyè Kris la plase nan chak ti bebe ki fèt. Avèk don inivèsèl sa a, gen yon santiman ki vini pou nou konnen sa ki byen, yon anvi pou nou renmen moun, ak pou moun renmen nou. Gen yon santiman jistis ak verite ki ankre nan chak pitit Bondye lè yo vini nan mòtalite a.

Optimis nou pou lapè enteryè pou timoun sa yo repoze sou moun k ap pran swen yo. Si moun k ap elve ak sèvi yo a travay pou resevwa don lapè ki soti nan men Sovè a, atravè egzanp ak efò pèsonèl, y ap ankouraje lafwa timoun nan pou l kalifye pou don lapè selès la.

Se sa ekriti yo pwomèt: “Antrene yon timoun nan chemen pou l suiv la; li p ap soti sou li.”5 Sa ap egzije pou moun ki responsab pou okipe ak nouri timoun nan diy pou don lapè a.

Malerezman, nou tout konn santi doulè lè timoun ki elve pa paran enspiret—kèkfwa yon paran poukont li—chwazi, apre yon lavi nan lafwa ak lapè, pou yo pran chemen tristès la.

Menm lè tristès sa a rive, optimis mwen repoze sou yon lòt don Senyè a. Men li: Li elve anpil patizan lapè nan pami disip de konfyans Li yo. Yo santi lapè ak amou Bondye. Yo gen Sentespri a nan kè yo, epi Senyè a ka gide yo pou yo lonje lamen bay brebi ki egare yo.

Mwen wè sa atravè lavi m ak atravè mond lan. Nou wè l tou. Kèkfwa, lè w jwenn enspirasyon pou w al pote sekou, sa ka sanble yon bagay aksidantèl.

Yonfwa, mwen te senpleman mande yon moun m te rankontre nan yon vwayaj, “Èske w ka yon tijan pale m de fanmi w?” Konvèsasyon an te mennen m mande l pou m wè foto yon pitit fi adilt li, li te di m pitit fi li a ap lite. Mwen te etone wè bonte ki te sou figi pitit fi sa a nan foto a. Mwen te santi m pouse pou m te mande l èske m te ka gen adrès imèl li. Pitit fi a te kite wout la nan moman an epi li t ap mande tèt li si Bondye te gen yon mesaj pou li. Li te genyen. Men sa l te ye: “Senyè a renmen w. Li toujou renmen w. Senyè a vle pou w retounen. Benediksyon Li pwomèt ou yo toujou disponib.”

Anpil manm nan Legliz la santi don lapè pèsonèl Senyè a. L ap ankouraje chak moun pou yo ede lòt jwenn opòtinite pou vin jwenn Li epi pou yo kalifye pou menm lapè sa a pou tèt pa yo. An retou, yo pral chwazi pou yo chèche enspirasyon pou yo ka konn kijan yo ka pase don sa a bay lòt moun.

Jenerasyon k ap grandi a ap vin tounen moun k ap nouri jenerasyon k ap vin apre a. Efè miltiplikatè a pral pwodui yon mirak. Li pral simen ak grandi avèk letan, epi wayòm Senyè a sou tè a pral prepare pou l resevwa Li avèk kri ozana. Ap gen lapè sou tè a.

Mwen rann temwayaj sèten mwen ke Sovè a vivan epi L ap dirije Legliz sa a. Mwen santi amou Li nan lavi m ak amou Li ak sousi Li pou tout pitit Papa nou ki nan Syèl la. Envitasyon Sovè a pou nou vin jwenn Li a ofri nou lapè.

Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt vivan Bondye pou tout tè a. Li te di, “M ban nou asirans mwen, malgre kondisyon mond lan ak sikonstans pèsonèl nou, nou ka fè fas a lavni avèk optimis ak lajwa.”6

Mwen eksprime amou m pou nou. Gran lafwa nou ak amou nou touche moun yo epi sa pèmèt Senyè a chanje kè yo pou yo ka vin gen yon dezi pou ofri lòt moun don lapè ki depase tout konpreyansyon an.

Mwen priye pou nou ka jwenn lapè, pou nou ka ede anpil lòt moun jwenn li, epi pase l bay lòt. Pral gen yon bèl mil ane lapè lè Senyè a vini ankò. Mwen temwaye konsènan sa ak lajwa epi nan non Jezikri, amèn.