Konferans Jeneral
Mete Konfyans nan Doktrin Kris la
Konferans jeneral avril 2023


Mete Konfyans nan Doktrin Kris la

Lè nou bati kay nou sou fondasyon yon relasyon ki baze sou alyans avèk Kris la, nou mete konfyans nan doktrin Kris la.

Nan lespri pa m, mwen wè pwofèt Nefi aje ki chita sou biwo li, plak lò yo devan li, plim li nan men l.

Nefi te nan pwosesis pou l te fini dènye sa l t ap ekri yo nan anal la. Li te ekri, “Epi kounyeya, frè byenneme m yo, m sispann pale.”1 Men, yon ti tan aprè, Lespri a te pouse Nefi pou l te retounen nan anal li a pou l te ekri yon dènye mesaj. Anba enfliyans puisan Sentespri a, gwo pwofèt sa a te pran plim li nan men l ankò epi li te ekri: “Se poutèt sa, bagay m te ekri yo ase pou mwen, eksepte kèk mo …Mwen dwe pale konsènan doktrin Kris la.”2

Ala nou etènèlman rekonesan pou “kèk mo”3 sa yo ak pou Lespri a ki te pouse Nefi pou l te ekri yo a. Diskou Nefi a konsènan doktrin Kris la se yon trezò ki gen yon valè san parèy pou moun ki fè yon festen avèk li. Li gen yon vizyon konsènan batèm4 Sovè a avèk vwa Pitit Gason an k ap envite tout moun pou suiv Li5 epi “fè bagay [nou] te wè [L] fè yo.”6 Li gen temwayaj Nefi ki di ke moun ki, avèk lafwa nan Kris la, repanti sensèman pou peche yo epi ki suiv Sovè a nan dlo batèm yo, y ap “resevwa Sentespri a; wi … lè sa a, batèm dife ak batèm Sentespri a ap vini.”7 Nou tande vwa Papa a tou k ap pataje temwanyaj Li: “Wi, pawòl Byenneme m yo se verite e yo fidèl. Yon moun ki pèsevere jiska lafen, se moun sa a ki pral sove.”8

Prezidan Russell M. Nelson yon fwa te mete aksan sou enpòtans patikilye doktrin Kris la nan yon diskou li te fè pou nouvo dirijan misyon yo: “Plis pase nenpòt lòt bagay, nou vle pou misyonè nou yo … gen doktrin Kris la grave nan kè yo—pou l anrasinen nan mwèl zo yo.”9

Preche Levanjil Mwen An rezime senk eleman enpòtan nan doktrin Kris la. Li di, “[Nou] envite lòt moun pou vin jwenn Kris la nan ede yo resevwa levanjil retabli a atravè lafwa nan Jezikri ak Ekspyasyon L la, repantans, batèm, resevwa don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen”10

Men, enpòtans doktrin Kris la se pa sèlman pou misyonè yo! Epi li pi pwofon pase yon senp repetisyon ki rezime senk eleman kle l yo. Li anglobe lwa levanjil la. Se gran plan etènèl la.

Frè m ak sè m yo, si nou vle aksepte envitasyon Prezidan Nelson an pou nou gen doktrin Kris la anrasinen nan mwèl zo nou an, nou dwe aprofondi konvèsyon nou nan Senyè a atravè etid, lapriyè, viv fidèlman, ansanm ak repantans san rete. Nou dwe envite Sentespri a pou L grave doktrin Kris la sou “tab lachè kè [nou]”11 osi pwofondeman e osi pèmanan ke l te grave pa Nefi sou plak lò yo.

An Oktòb ane pase a, Prezidan Nelson te mande, “Kisa sa vle di pou nou venk mond lan?” Pami lòt bagay, li te di, “Sa vle di mete konfyans pi plis nan doktrin Kris la pase nan filozofi lèzòm.”12

Mo konfyans lan defini antanke yon “depandans asire sou karaktè, kapasite, fòs, oubyen verite konsènan yon moun oubyen yon bagay.”13 Moun sa a se Jezikri, epi bagay sa a se doktrin Li a.

Konsa kijan lè nou mete konfyans nan doktrin Kris la avèk k tout entansyon nou sa ka chanje fason n ap viv lavi nou?

Si nou mete konfyans nan doktrin Kris la, n ap mete ase konfyans nan Kris la pou nou viv selon chak pawòl Li tou.14 N ap vin fè yon etid tout yon lavi sou Jezikri,15 sou ministè L la, sou ansèyman L yo, ak sou Sakrifis Ekspiyatwa enfini L la, ansanm ak Rezirèksyon glorye L la. N ap etidye pwomès Li yo ak kondisyon Li bay pou pwomès sa yo .16 Pandan n ap etidye a, n ap vin ranpli avèk pi plis lanmou pou Senyè a.

Si nou mete konfyans nan doktrin Kris la, n ap apwoche Papa nou ki nan Syèl la chak jou nan lapriyè enb ak sekrè, kote nou ka eksprime rekonesans nou pou Pitit Gason L lan Li ofri kòm kado a ak pou tout benediksyon nou yo.17 Nou kapab lapriyè pou nou resevwa konpayi revelatè Sentespri a,18 lapriyè pou nou mete volonte nou annakò avèk pa Li,19 lapriyè pou nou reflechi sou alyans nou yo ak pou nou renouvle angajman nou pran pou respekte yo a.20 Nou kapab lapriyè pou nou ka soutni ak eksprime lanmou pou pwofèt, vwayan ak revelatè nou yo;21 lapriyè pou nou jwenn pouvwa pirifikasyon padon an;22 epi lapriyè pou nou ka jwenn fòs pou n reziste anba tantasyon.23 Mwen envite nou pou nou fè lapriyè vin yon priyorite nan lavi nou, pandan n ap chèche pou n amelyore kominikasyon nou avèk Bondye.

Si nou mete konfyans nan doktrin Kris la, n ap mete bagay briyan mond lan akote pou nou kapab konsantre nou sou Redanmtè mond lan.24 N ap limite oubyen elimine tan n ap pase sou rezo sosyal; nan jwèt sou entènèt yo; nan divètisman initil, eksesif, oubyen ki pa apwopriye yo; nan atirans pou trezò ak vanite mond sa a; ak nan nenpòt lòt aktivite ki kite plas pou tradisyon ki fo ak filozofi egare lèzòm yo. Se sèlman nan Kris la nou ka jwenn laverite ak akonplisman.

Repantans sensè25 ap vin yon26 pati ki pote lajwa nan lavi nou—ni pou nou jwenn padon pou peche nou yo ni pou nou vin chanje nan imaj Kris la.27 Repantans avèk lafwa nan Kris la ba nou aksè nan Ekspyasyon Kris la. Prezidan Dallin H. Oaks te anseye ke lè Sovè a padone, Li “fè plis pase jis netwaye [nou] anba peche. Li renouvle fòs[nou] tou.”28 Chak grenn nan noumenm bezwen fòs sa a pou n ka respekte kòmandman Bondye yo epi pou nou atenn objektif etènèl lavi nou.

Nan Jezi ak nan doktrin Li a, n ap jwenn fòs. Li te di, “An verite an verite, m ap di nou, sa se doktrin mwen, epi nenpòt moun ki bati sou sa li bati sou wòch mwen an, e pòt lanfè a p ap kapab gen pouvwa sou li.”29

Nou wè pwomès sa a akonpli nan lavi moun ki fidèl yo. Sa fè yon ti kras plis pase yon lane depi m te gen privilèj pou m te rankontre Travis ak Kacie. Yo te fè maryaj sivil yo an 2007. Nan epòk sa a, Travis pa t manm Legliz la. Kacie, malgre ke l te elve nan yon fwaye Sen Dènye Jou aktif, te devye nan lafwa l pandan adolesans li epi li te pèdi fondasyon l lan.

An 2018, Travis te rankontre misyonè yo, epi li te batize nan lane 2019. Travis te vin yon misyonè pou Kacie, ki te fè eksperyans yon konvèsyon ki te chanje lavi l tou. Yo te sele nan tanp nan mwa septanm 2020 an. Anviwon dezan aprè l te fin batize, Travis te resevwa apèl pou l te sèvi nan episkopa a.

Travis gen yon maladi inabityèl ki toujou ap fòme grap timè nan ògàn entèn li. Li sibi plizyè operasyon pou retire timè yo ki toujou retounen, men maladi a pa p janm geri. Sa gen kèk ane, yo te di Travis ke li te gen mwens pase 10 ane pou l viv.

Kacie gen yon maladi ki rele retinitis pigmentosa (retinit retinit), ki se yon maladi jenetik ki ra ki lakoz yon retresisman irevèsib nan chan vizyon li jiskaske l ap vin rive avèg nèt.

Kacie te pale avèk mwen konsènan avni li. Li te prevwa tan sa a, pa trè lontan, kote li t ap vin yon vèv, avèg, san sipò finansye, epi rete poukont li pou l elve kat timoun k ap grandi. Mwen te mande Kacie kijan l t ap fè kapab jere yon lavni ki sonb konsa. Li te souri pezibleman epi l te di: “Mwen pa t janm pi kontan ni gen plis espwa nan lavi m pase kounyea. Nou akwoche a pwomès nou te resevwa nan tanp yo.”

Travis se evèk kounyeya. Sa gen de mwa, li te fè yon lòt gwo operasyon. Men, li optimis epi li gen lapè. Pwoblèm vizyon Kacie a vin agrave. Kounyeya li gen yon chyen pou gide l epi li pa ka kondui. Men li kontan, l ap elve pitit li yo epi l ap sèvi kòm konseyè nan prezidans Jènfi a.

Travis ak Kacie te bati kay yo sou wòch la Travis ak Kacie mete konfyans yo nan doktrin Kris la ak nan pwomès ke Bondye “pral konsakre afliksyon [nou] yo pou benefis pa [nou] ”30ankò. Nan plan pafè Bondye a, soufrans mache serekole avèk vin pafè nan Kris la.31 Menm jan avèk mesye saj la nan parabòl la ki te bati kay li sou wòch la,32 lè lapli te desann, epi inondasyon te vini, epi van te soufle ak frape sou kay Travis ak Kacie te bati a, li p ap tonbe, paske l ap fonde sou yon wòch.33

Jezi pa t pale de posibilite pou lapli ak inondasyon ak van nan lavi nou; Li te pale de sètitid ke tanpèt yo ap vini. Varyab la nan parabòl sa a se pa èske tanpèt la ap vini men se kòman nou te reponn envitasyon plen lanmou L lan pou nou tande ak fè sa Li ansenye yo.34 Pa gen okenn lòt fason pou nou siviv.

Lè nou te bati kay nou sou fondasyon yon relasyon ki baze sou alyans avèk Kris la, nou mete konfyans nou nan doktrin Kris la epi pandan n ap vin jwenn Li, nou gen pwomès lavi etènèl Li a. Moun ki mete konfyans yo nan doktrin Kris la kontinye avanse avèk konstans nan Kris la epi yo pèsevere jiska lafen. Pa gen ankenn lòt fason nou kapab sove nan wayòm syèl la.35

Mwen rann temwayaj pèsonèl mwen sou reyalite Jezikri vivan ak resisite a. Mwen temwaye ke Bondye Papa nou an sitèlman renmen mond lan ke L te voye Pitit Gason L lan pou rachte nou anba peche36 epi pou L geri nou anba lapenn nou yo.37 Mwen temwaye ke Li aple yon pwofèt Bondye nan epòk pa nou an, ki se Prezidan Russell M. Nelson, se atravè li ke L pale avèk nou ak gide nou.

Ak tout kè m, mwen envite nou pou nou mete konfyans nan doktrin Kris la epi bati lavi nou sou wòch Redanmtè a. Li p ap janm lage nou. Nan non Jezikri, amèn.