Konferans Jeneral
Repons la Se Toujou Jezikri
Konferans jeneral avril 2023


Repons la Se Toujou Jezikri

Kèlkeswa kesyon oswa pwoblèm nou genyen, n ap jwenn repons la nan lavi ak ansèyman Jezikri yo.

Chè frè m ak sè m yo, nou te resevwa nouriti espirityèl pandan de dènye jou sa yo. Mizik koral la te mayifik. Moun ki te pale yo se enstriman pou Senyè a. Mwen priye pou nou chèche Sentespri a pou gide nou nan etid nou pandan n ap kontanple verite ki te anseye yo sou pipit sa a. Se vrèman nan syèl la yo soti.

Yon semèn apre jodia se Dimanch Pak. Sa se tradisyon relijye pi enpòtan pou tout disip Jezikri yo. Prensipal rezon nou selebre Nwèl se akòz Pak. Leson Vini, Suiv Mwen an pou semèn sa a pral mande pou nou etidye rantre triyonfal Sovè a nan Jerizalèm, netwayaj Li nan tanp lan, soufrans Li nan Jaden Jetsemani an, Krisifiksyon Li, Rezirèksyon Gloriye Li, ak aparisyon Li nan apre devan disip Li yo.1

Savoure vèsè sakre sa yo epi jwenn tout fason nou kapab pou remèsye Papa nou ki nan Syèl la paske Li te voye Sèl Pitit Gason Byenneme L la pou nou.2 Gras avèk Jezikri, nou ka repanti e resevwa padon pou peche nou yo. Gras avèk Li, nou chak ap resisite.

Mwen envite nou tou pou nou etidye istwa sou aparisyon Sovè a devan Nefit yo an Amerik la ankò, jan l ekri nan 3 Nefi a. Pa lontan avan aparisyon sa a, yo te tande vwa Li nan mitan pèp la, avèk pawòl siplikasyon sa yo:

“Èske nou p ap retounen vin jwenn mwen, e repanti pou peche nou yo, konvèti pou m kapab geri nou?

“… Gade, bra mizèrikòd mwen lonje ba nou, nenpòt moun ki vini, m ap resevwa li.”3

Chè frè m ak sè m yo, Jezikri ofri nou menm envitasyon sa a jodia. M ap mande nou pou nou vin jwenn Li pou Li kapab geri nou! L ap geri nou anba peche lè nou repanti. L ap geri nou anba tristès ak laperèz. L ap geri nou anba blesi mond sa a.

Kèlkeswa kesyon oswa pwoblèm nou genyen, n ap jwenn repons la nan lavi ak ansèyman Jezikri yo. Aprann plis konsènan Ekspyasyon L la, Lanmou Li, Mizèrikòd Li, doktrin Li, ak levanjil retabli L la pou gerizon, pwogresyon an. Vire gade Li! Suiv Li!

Jezikri se rezon ki fè n ap bati tanp yo. Chak se kay sakre Li. Fè alyans epi resevwa òdonans esansyèl yo nan tanp lan, osibyen ke chèche rapwoche nou pi pre Li ladan l, ap beni lavi nou nan fason okenn lòt adorasyon pa ka fè. Pou rezon sa a, n ap fè tout sa ki nan pouvwa nou pou rann benediksyon tanp yo pi aksesib pou manm nou yo atravè tout mond lan. Jodia, mwen rekonesan pou m anonse plan nou pou bati yon nouvo tanp nan chak nan kote sa yo:

  • Retalhuleu, Gwatemala

  • Iquitos, Pewou

  • Teresina, Brezil

  • Natal, Brezil

  • Tuguegarao City, Filipin

  • lloilo, Filipin

  • Jakata, Endonezi

  • Hamburg, Almay

  • Lethbridge, Albèta, Kanada

  • San Jose, Kalifòni

  • Bakersfield, Kalifòrni

  • Springfield, Missouri

  • Charlotte, Kawolin diNò

  • Winchester, Vijini

  • Harrisburg, Pennsylvania

Chè frè m ak sè m yo, mwen rann temwayaj ke Jezikri dirije bagay yo nan Legliz Li a. Mwen temwaye ke suiv Li se sèl fason pou nou jwenn lajwa dirab. Mwen konnen ke pouvwa Li ap desann sou pèp k ap kenbe alyans Li a, ki “ame avèk lajistis epi avèk pouvwa Bondye nan gwo laglwa.”4 Mwen temwaye konsa, avèk lanmou m ak benediksyon m pou nou chak, nan non sakre Jezikri, amèn.