Konferans Jeneral
Kontinye Avanse—avèk Lafwa
Konferans jeneral avril 2023


Kontinye Avanse—avèk Lafwa

Egzèse lafwa nan Sovè nou an, Jezikri, ede nou simonte dekourajman kèlkeswa obstak nou rankontre.

Èldè George A. Smith, yon Apot, te resevwa konsèy nan men Pwofèt Joseph Smith nan yon moman gwo difikilte: “Li te di m mwen pa dwe janm dekouraje, kèlkeswa difikilte ki ta ka antoure m. Si m ta tonbe nan pi gwo twou nan Nouvelle-Ecosse epi tout mòn Montagne Rocheuses yo ta anpile sou tèt mwen, mwen pa ta dwe dekouraje men kenbe fèm, egzèse lafwa, gen bon kouraj epi m t ap retwouve m soti sou tèt pil la alafen.”1

Kijan Pwofèt Joseph te ka fè di sa—a yon moun ki t ap soufri? Paske li te konnen sete verite. Li te viv li. Joseph te toujou gen gwo difikilte nan lavi l. Sepandan, lè l te egzèse lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan, epi l te jis kontinye avanse, li te simonte obstak ki te parèt ensimontab.2

Jodi a, mwen ta renmen renouvle apèl Joseph la pou nou pa kite dekourajman akable nou lè n ap fè fas ak desepsyon, ak eksperyans douloure, ak pwòp enkapasite nou, oswa lòt difikilte.

Lè mwen di dekourajman, mwen pa p pale de gwo difikilte debilitan tankou depresyon, twoub anksyete, oswa lòt maladi ki mande tretman espesyal.3 Mwen jis ap pale de dekourajman nou konnen ki vini avèk monte desann natirèl yo nan lavi a.

Mwen enspire pa ewo m yo ki jis kontinye avanse—ak lafwa—kèlkeswa sa k ap pase.4 Nan Liv Mòmon an, nou li apwopo Zoram, sèvitè Laban an. Lè Nefi te jwenn plakderen yo, Zoram te fè fas ak yon chwa pou l te suiv Nefi ak frè l yo nan dezè a oubyen petèt pèdi lavi li.

Ala yon chwa! Premye reflèks Zoram sete pou l kouri, men Nefi te kenbe l epi li te fè yon sèman ke si Zoram te ale avèk yo, li t ap lib epi gen yon plas nan fanmi yo a. Zoram te pran kouraj epi li te ale avèk yo.5

Zoram te soufri anpil afliksyon nan nouvo lavi l la, men li te avanse avèk lafwa. Nou pa gen okenn endikasyon ke Zoram te akwoche a lepase li ni te kenbe rankin kont Bondye oswa lòt moun.6 Li te yon bon zanmi pou Nefi, yon pwofèt, epi limenm ak posterite li te viv nan libète ak pwosperite nan tè pwomiz la. Sa ki te yon gwo obstak sou chemen Zoram nan te finalman mennen nan gwo benediksyon, gras ak fidelite li ak dispozisyon li pou l te jis kontinye avanse—avèk lafwa.7

Dènyèman mwen te koute yon sè kouraje ki t ap pataje fason li te pèsevere nan difikilte.8 Li te gen kèk pwoblèm, epi yon dimanch sè sa a te chita nan Sosyete Sekou, ap koute yon enstriktris ke l te panse ki t ap viv yon lavi-pafè—totalman diferan de lavi pa li. Li te fatige e dekouraje. Li te santi ke l pa t alawotè—oswa menm pa nan plas li—konsa li te leve epi l te ale, avèk plan pou l pa janm retounen nan legliz la ankò. Pandan l t ap mache al nan machin li, li te santi yon enpresyon byen klè: “Ale nan chapèl la epi koute oratè reyinyon Sentsèn nan.” Li te kesyone enpresyon an men li te santi l byen fò ankò, konsa li te ale nan reyinyon an.

Mesaj la te egzakteman sa l te bezwen. Li te santi Lespri a. Li te konnen ke Senyè a te vle l rete avèk Li, pou l te vin disip Li, epi pou l te asiste Legliz, donk li te fè sa.

Èske w konnen pou kisa li te rekonesan? Paske li pa t lage sa. Li te jis kontinye avanse—avèk lafwa nan Jezikri, menm lè sa te trè difisil, epi li menm ak fanmi li te beni anpil pandan l t ap avanse annavan an.

Bondye syèl la ak tè a ap ede nou simonte dekourajman ak kèlkeswa obstak nou rankontre si nou vire kote Li, suiv enspirasyon Sentespri a,a,9 epi jis kontinye avanse—avèk lafwa.

Erezman, lè nou fèb oswa enkapab, Senyè a ka ogmante lafwa nou. Li ka ogmante kapasite nou pou l depase pwòp pa nou. Mwen te viv sa. Sa gen plis pase 20 ane, yo te rele m sanzatann kòm yon Swasanndis Entèrejyon, e m te santi m pa t kalifye. Apre peryòd fòmasyon m nan, mwen te gen pou m te prezide nan premye konferans pieu mwen.10 Mwen menm ak prezidan pieu a te planifye chak detay avèk swen. Yon ti tan anvan konferans lan, Prezidan Boyd K. Packer, ki sete Prezidan Sipleyan Kolèj Douz Apot yo lè sa a, te rele pou l te wè si l te kapab akonpaye m. Mwen te sezi e natirèlman, mwen te dakò. Mwen te mande l kijan li ta renmen sa fèt paske li ta pral prezide. Li te sigjere ke nou anile plan yo epi prepare pou nou suiv Lespri a. Erezman, mwen te ankò gen 10 jou pou m te etidye, priye, ak prepare.

Avèk yon ajanda ouvè, nou te sou podyòm lan 20 minit anvan reyinyon lidèchip la te kòmanse. Mwen te panche kote prezidan pieu a epi m te chichote, “Sa a se yon pieu ekstraòdinè.”

Prezidan Packer te teke kout koud mwen jantiman epi l te di “Pa gen pale.”

Mwen te sispann pale, epi diskou konferans jeneral “Reverans Envite Revelasyon”11 li an te vin nan tèt mwen. Mwen te obsève kijan Prezidan Packer t ap ekri referans ekriti yo. Lespri a te konfime pou mwen ke li t ap resevwa enpresyon pou reyinyon an. Eksperyans aprantisaj mwen te fèk kòmanse.

Prezidan Packer te pale pou premye 15 minit yo epi li te mete aksan sou enpòtans pou kondui tout reyinyon yo jan Sentespri a gide.12 Apre sa, li te di, “Kounyea nou pral tande Èldè Cook.”

Sou wout mwen pou chè a, mwen te mande l konbyen tan li ta renmen m pran ak si li gen yon sijè li ta renmen m adrese. Li te di, “Pran 15 minit epi avanse jan ou santi w enspire.” Mwen te pran apeprè 14 minit epi m te pataje tout bagay mwen te gen nan lide m.

Prezidan Packer te kanpe ankò e li te pale pou yon lòt 15 minit. Li te pataje ekriti sa a:

“Di pawòl m pral mete nan kè ou yo, epi nou p ap gen konfizyon devan lèzòm;

“Paske nou resevwa … nan lè a menm, kisa pou nou di.”13

Lè sa a, li te di: “Kounyea nou pral tande Èldè Cook.”

M te sezi. Mwen pa t janm konsidere posiblite pou m te pale de fwa nan yon sèl reyinyon. Mwen pa t gen anyen nan tèt mwen pou m te di. Ak gwo lapriyè epi ak konfyans mwen sou Senyè a pou èd, kanmèm, mwen te beni ak yon panse, yon ekriti, e mwen te rive pale pou yon lòt 15 minit. Mwen te chita konplètman fatige.

Prezidan Packer te pale ankò pandan 15 minit konsènan suiv Lespri a epi li te pataje ansèyman Pòl yo ke nou pa ta dwe pale “pawòl nou jwen nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou.”14 Kòm ou ka imajine, mwen te akable lè li te enpresyone pou di pou yon twazyèm fwa, “Kounyea nou pral tande Èldè Cook.”

M te vid. M pa t gen anyen. Mwen te konnen li te lè pou m egzèse plis lafwa. Dousman, mwen te monte sou chè a, ap sipliye èd Bondye. Pandan m t ap monte devan mikwo a, Senyè a te beni m ak yon mirak kanmèm pou m te bay yon mesaj 15 minit ankò.15

Reyinyon an finalman te fini, men byen vit, mwen te rann mwen kont ke sesyon adilt la t pral kòmanse nan inèdtan. O, non! Tankou Zoram, mwen te sensèman anvi kouri, men menmjan Nefi te kenbe l la, mwen te konnen Prezidan Packer ta p atrape m. Reyinyon granmoun nan te suiv menm modèl la. Mwen te pale twa lòt fwa. Nan demen, pandan sesyon jeneral la, mwen te pale yon fwa.

Apre konferans lan, Prezidan Packer te di avèk afeksyon, “Ann fè sa ankò yon jou.” Mwen renmen Prezidan Boyd K. Packer e mwen apresye tout sa m te aprann yo.

Èske w konnen pou kisa mwen rekonesan? Paske mwen pa t abandone—oubyen reziste. Si m te koute dezi dezespere mwen pou m te kouri kite reyinyon sa yo, m t ap rate opòtinite pou m te ogmante lafwa m epi resevwa yon gwo devèsman lanmou ak sipò nan men Papa nou ki nan Syèl la. Mwen te aprann de mizèrikòd Li, pouvwa mirak abilitan Jezikri ak Ekspyasyon L lan, ak enfliyans puisan Sentespri a. Malgre feblès mwen,16 mwen te aprann m ka sèvi; Mwen ka kontribye lè Senyè a bò kote m, si mwen jis kontinye ale—avèk lafwa.

Kèlkeswa gwosè a, etandi, ak gravite difikilte nou fè fas nan lavi a, nou tout gen moman nou santi nou anvi kanpe, kite, chape, oswa petèt bay vag. Men, egzèse lafwa nan Sovè nou an, Jezikri, ede nou simonte dekourajman kèlkeswa obstak nou rankontre.

Menm jan Sovè a te fini travay Li te genyen pou fè a, Li gen pouvwa pou ede nou fini travay yo ba nou fè.17 Nou ka jwenn benediksyon pou nou avanse devan sou chemen alyans lan, kèlkeswa si l gen wòch sou li, finalman na va resevwa lavi etènèl.18

Jan Pwofèt Joseph Smith te di, “Kenbe fèm, nou menm Sen Bondye yo, kenbe yon ti tan ankò, epi tanpèt lavi a ap pase, epi n ap jwenn rekonpans nan men Bondye sa a nou sèvi an.”19 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. George A. Smith, nan Enseignement des Présidents de L’Eglise: Joseph Smith (2011), 235.

  2. Gade Enseignements: Joseph Smith, 227–36.

  3. Lè mwen pale de dekourajman, mwen pa p sijere ke “jis kontinye ale avèk lafwa nan Kris la” se sèl efò ki nesesè pou moun ki gen depresyon klinik, maladi anksyete, oswa lòt maladi. Pou zanmi sa yo, manm fanmi yo, ak lòt moun ki ap koute, mwen repete konsèy dirijan Legliz nou yo pou tanpri chèche swen medikal, sikolojik, ak espirityèl ansanm pandan n konfye n nan Senyè a. Mwen konprann sensèman chak nan nou ki ap lite kont defi inik sa yo. Nou sensèman priye pou ou.

  4. Kèk nan ewo mwen yo nan ekriti yo enkli Kalèb (gade Nimewo 14:6–9, 24), Jòb (gade Jòb 19:25–26), ak Nefi (gade 1 Nefi 3:7), anplis de ewo modèn mwen yo.

  5. Gade 1 Nefi 4:20, 30–35, 38.

  6. Gade Dale G. Renlund, “Enjistis Revòltan,” Lyawona, Avril 2021.

  7. Gade 2 Nefi 1:30-32. “Malgre [Zoram] te oblije andire yon ti sakad grav, pyèj li te tonbe ladan an sete sitiyasyon egzak kote Bondye te detèmine pou L beni li. Malgre li te oblije abandone peyi li, Bondye te prepare youn ki pi bon” (David B. Paxman, “Zoram and I: Getting Our Stories Straight” [Devosyon Inivèsite Brigham Young, 27 jiyè 2010], speeches.byu.edu).

  8. Mwen te tande temwayaj sè sa a nan yon pawas nan Pieu Riverdale Utah jou 11 desanm 2022. Eksperyans sa a li te fè a te fèt nan yon pawas presedan.

  9. Gade Doktrin ak Alyans 11:12–13.

  10. Asiyasyon m nan te nan Pieu Benson Utah nan dat 3–4 novanm 2001. Prezidan Jerry Toombs sete prezidan pieu a.

  11. Gade Boyd K. Packer, “Reverence Invites Revelation,” Ensign, Nov. 1991, 21–23.

  12. Gade Doktrin ak Alyans 46:2.

  13. Doktrin ak Alyans 100:5–6; gade tou vèsè 7–8.

  14. 1 Korentyen 2:13.

  15. Prezidan Russell M. Nelson te di, “Lè ou detire pi plis espirityèlman pase nenpòt bagay ou janm fè anvan, lè sa a pouvwa [Sovè a] pral koule nan ou” (“Atire Pouvwa Jezikri nan Lavi Nou,” LyawonaAvril 2017).

  16. Gade Etè 12:27.

  17. Gade Jan 17.4.

  18. Gade 2 Nefi 31:20; Mozya 2:41; Alma 36:3.

  19. Enseignements: Joseph Smith, 235.