Konferans Jeneral
Li Te Ka Geri Mwen!
Konferans jeneral avril 2023


Li Te Ka Geri Mwen!

Pouvwa gerizon ak redanmsyon Sovè a aplike pou erè pa aksidan, move desizyon, difikilte, ak eprèv tout kalite—osi byen ke pou peche nou.

Mowoni pwomèt ke si nou li Liv Mòmon an epi apresa nou mande Bondye Papa Etènèl la, avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, ak lafwa nan Kris la si l se verite, Bondye ap manifeste verite li pa pouvwa Sentespri a.1 Gen plizyè milyon moun ki aplike pwomès sa a epi yo te resevwa yon temwayaj asiran sou Retablisman plenitid levanjil Jezikri a.

Mowoni egzòte nou, pandan n ap li Liv Mòmon an, pou nou “sonje kòman Senyè a te gen mizèrikòd pou pitit lèzòm, depi nan kreyasyon Adan jouk nan lè n apresevwa bagay [sa yo], …epi [pou] nou medite l nan kè [nou].”2 Istwa ak ansèyman nan Liv Mòmon yo raple nou epi temwaye de lanmou, konpasyon, ak mizèrikòd. Sovè a.

Papa m te mouri an avril 2013. Pandan m t ap prepare m pou m pale nan antèman l, mwen te rann mwen kont kijan m te beni paske m konnen ak renmen vèsè li pi renmen yo. Li te konn pataje yo nan reyinyon familyal yo, e li te konn li yo avè m lè m te bezwen konsèy, gidans, oswa fòtifye lafwa m. Mwen te konn tande l pataje yo nan diskou ak nan tach li yo. Non sèlman m konnen yo, men mwen ka toujou sonje son vwa li ak santiman espirityèl mwen te genyen pandan li t ap pataje yo a. Atravè pataje ekriti ak santiman l yo, papa m te ede m etabli yon fondasyon lafwa fèm nan Senyè a, Jezikri.

Papa m te patikilyèman renmen istwa vizit Sovè a te bay pèp Nefi a.3 Istwa sakre sa a se sou Senyè Jezikri resiste ak egzalte a. Li te bwè nan koup fyèl anmè a epi li te soufri tout bagay pou pa soufri yo si nou ta repanti.4 Li te vizite mond dèzespri a epi li te òganize predikasyon levanjil la ladan l.5 Li te leve soti vivan nan lanmò, epi Li te avèk Papa a epi L te resevwa kòmandman nan men Papa a pou Lataje ekriti yo avèk Nefit yo ki t ap beni jenerasyon ki t ap vini yo.6 Li te egzalte epi Li te gen tout pouvwa etènèl Li ak kapasite etènèl Li. Nou ka aprann nan tout detay sou ansèyman L yo.

Nan 3 Nefi 11, nou li kijan Sovè a te desann soti nan syèl la pou anseye Nefit yo ke li se Jezikri, ke pwofèt yo te temwaye ki t ap vini nan mond lan. Li te deklare ke Li se limyè mond lan epi Li te glorifye Papa a nan pran peche mond lan. Li te envite pèp la pou yo te vini mete men yo bò kote l epi pou yo te santi mak klou yo nan men l ak nan pye l. Li te vle yo konnen ke li se Bondye Izrayèl la ki te mouri pou peche mond lan. Pèp la te repon ak lajwa, yo te ale youn pa youn jiskaske yo tout te wè epi santi ke se te Limenm vrèman, ke pwofèt yo te ekri ki te dwe vini an.7

Jezi te anseye Nefit yo sou enpòtans repantans, sou vin tankou yon timoun piti, ak sou bezwen pou nou batize pa yon moun ki gen otorite li a. Apresa li te anseye anpil nan doktrin n ap etidye ane sa a nan Nouvo Testaman an.

Nan 3 Nefi 17, nou te li ke Jezi te di moun yo li te lè pou L te ale kot Papa a epi tou pou L te montre tèt Li a tribi pèdi Izrayèl yo.8 Pandan L te voye je l sou foul moun yo, li te remake ke yo te gen dlo nan je yo, yo t ap gade li fiks kòm si yo te vle mande l pou l rete yon ti jan pi lontan avèk yo.9

Repons Sovè a te bay Nefit yo te emouvan ak enstriktif. Li te di yo: Gade zantray mwen chaje avèk konpasyon pou nou.”10

Mwen kwè ke konpasyon Li te pi plis pase yon repons a dlo nan je pèp la. Li sanble li te kapab wè yo atravè je sakrifis ekspyatwa L la. Li te wè tout doulè yo, afliksyon yo ak tantasyon yo. Li te wè maladi yo. Li te wè enfimite yo, epi Li te konnen nan soufrans Li nan Jetsemane ak Golgotha a kijan pou L te sekouri yo dapre enfimite yo.11

Menm jan an tou, lè Sovè nou an, Jezikri, gade nou, Li wè epi L konprann doulè nou ak chay peche nou yo. Li wè depandans nou yo ak difikilte nou yo. Li wè lit nou yo ak afliksyon nenpòt kalite nou—epi Li chaje ak konpasyon pou nou.

Envitasyon Li te fè pou Nefit yo te suiv : “Èske nou gen moun ki malad nan mitan nou? Mennen yo vini. Èske gen moun ki paralize, oubyen avèg, oubyen bwate, oubyen domaje, oubyen lepre, oubyen ki vyeyi, oubyen ki soud, oubyen ki aflije nan nenpòt fason? Mennen yo vini e m ap geri yo, paske m gen konpasyon pou nou; zantray mwen chaje avèk mizèrikòd.”12

Epi pèp la te vini “avèk tout moun ki te aflije nan nenpòt fason; epi li te geri tout moun yo te mennen ba li.”13

An 1990, nou t ap viv nan ti vil Sale a, nan Victoria, nan peyi Ostrali. Nou te kontan okipe avèk responsablite fanmi, legliz ak travay. Nan yon bèl Samdi an ete jis anvan Nwèl la, nou te deside vizite kèk pak avèk yon plaj nou renmen. Apre nou te fin pran plezi nan yon bèl jounen apjwe antanke fanmi, nou te chaje tout moun nan machin nan epi nou te pran direksyon kay la. Pandan m t ap kondui, dòmi te pran m momantaneman epi m te lakoz yon aksidan machin. Apre kèk moman, mwen te gade andedan machin nan. Madanm mwen, Maxine, te gen yon janm ki te kase epi li t ap lite pou l te respire. Li te gen yon estènòm kase. Twa pitit fi nou yo te sou chòk men erezman yo te parèt OK. Mwen te gen kèk blesi lejè. Men, pitit gason nou an ki te gen senk mwa a pa t reyaji.

Nan mitan strès ak konfizyon sèn aksidan sa a, pi gran pitit fi nou an, Kate, 11-an, te di avèk ijans, “Papa, ou bezwen bay Jarom yon benediksyon.” Apre kèk difikilte, pitit fi m yo avèk mwen te degaje nou sòti nan machin nan. Maxine pa t kapab deplase. Ak anpil atansyon mwen te leve Jarom; epi pandan m te kouche atè a sou do, mwen te mete l dousman sou pwatrin mwen epi m te ba l yon benediksyon prètriz. Letan pou anbilans lan te rive anviwon 40 minit apre, Jawom te reprann konesans.

Jou swa sa a, mwen te kite twa manm fanmi m nan lopital la epi m te pran yon taksi pou m t al lakay mwen avèk de pitit fi m yo. Pandan tout nuit lan, mwen te sipliye Papa m ki nan Syèl la pou fanmi m ak moun ki te blese yo nan lòt machin nan te refè. Avèk mizèrikòd, priyè m yo ak priyè fèvan anpil lòt moun te ofri ak tout kè yo te reponn. Tout moun te geri apre yon tan, yon gwo benediksyon ak mizèrikòd.

Sepandan, mwen te kontinye gen santiman kilpabilite ak remò pwofon paske m te lakoz yon aksidan terib konsa. Mwen te konn reveye pandan lannuit epi reviv evenman terib sa a. Mwen te lite pandan plizyè ane pou m padone tèt mwen epi jwenn lapè. Epi, pandan m t ap ede lòt moun repanti epi ede yo santi konpasyon, mizèrikòd, ak lanmou Sovè a, mwen te reyalize ke Li te kapab geri mwen.

Pouvwa gerizon ak redanmsyon Sovè a aplike a erè pa aksidan, move desizyon, difikilte, ak eprèv tout kalite—osi byen ke pou peche nou. Pandan m te tounen vin jwenn Li, santiman kilpabilite ak remò m yo te vin ranplase piti piti pa lapè ak repo.

Prezidan Nelson Te anseye: “Lè Sovè a te ekspye pou tout limanite a, Li te ouvri yon wout pou moun ki suiv Li yo ka gen aksè nan pouvwa gerizon, fòtifyan ak redanmsyon Li. Privilèj spirityèl sa yo disponib pou tout moun k ap chèche koute Li ak suiv Li.”14

Frè m ak sè m yo, kit w ap pote chay peche ki pa rezoud, soufri poutèt yon ofans ki te fèt kont ou depi lontan, oubyen w ap lite pou padone tèt ou pou yon erè pa aksidan, ou gen aksè a pouvwa gerizon ak rachtan Jezikri a.

Mwen temwaye ke Li vivan. Li se Sovè nou ak Redanmtè nou. Li renmen nou. Li gen konpasyon pou nou, Li ranpli avèk mizèrikòd, epi Li ka geri nou. Nan non Jezikri, amèn.