Konferans Jeneral
Yonn nan Kris la
Konferans jeneral avril 2023


Yonn nan Kris la

Se sèlman nan e pa mwayen lwayote endividyèl nou ak lanmou nou pou Jezikri ke nou ka espere vin fè youn.

Jan Prezidan Dallin H. Oaks te mansyone, jodi a se Dimanch Ramo, kòmansman Semèn Sent la, ki make antre triyonfal Senyè a nan Jerizalèm, soufrans Li nan Jetsemane ak lanmò L sou kwa a kèlke jou apre, epi Rezirèksyon gloriye Li nan Dimanch Pak la. Ann pran detèminasyon pou nou pa janm bliye sa Kris la te andire pou rachte nou.1 Epi se pou nou pa janm pèdi lajwa ekstraòdinè nou pral santi yon lòt fwa ankò pou Pak pandan n ap reflechi sou tonm nan ak kado rezirèksyon inivèsèl la.

Nan jou swa anvan eprèv ak krisifiksyon ki t ap tann Li yo, Jezi te patisipe nan yon repa Fèt Pak avèk Apot Li yo. Nan fen Dènye Soupe sa a, nan yon priyè Entèsesyon sakre, Jezi te adrese Papa Li nan pawòl sa yo: “Papa Sen, pwoteje pa pouvwa non ou [Apot mwen yo] ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menmjan ou fè yon sèl avèk mwen an.”2

Apresa, tandreman, Sovè a te elaji rekèt Li a pou enkli tout kwayan:

“Ni tou, m p ap priye pou sa yo sèlman, men pou moun ki pral kwè nan non m atravè pawòl moun sa yo tou;

“Pou yo tout ka vin fè yonn; menmjan oumenm, Papa, ou nan mwen, epi m nan ou a, pou yo ka vin fè youn avèk nou tou.”3

Vin fè yon sèl se yon tèm ki repete nan levanjil Jezikri a ak nan relasyon Bondye avèk pitit Li yo. Nan sa ki konsène vil Siyon an nan epòk Enòk la, yo di nou ke “yo te gen yon sèl kè ak yon sèl lespri.”4 Apwopo premye Sen yo nan Legliz primitif Jezikri a, Nouvo Testaman an rapòte ke, “Foul moun yo ki te kwè yo te gen yon sèl kè ak yon sèl nanm.”5

Nan pwòp dispansasyon pa nou an, Senyè a te avèti nou: “M di nou, se pou nou fè youn; e si nou pa fè youn, nou pa pou mwen.”6 Pami rezon Senyè a te bay sou poukisa premye Sen nan Missouri yo pa t reyisi etabli Siyon an sete ke “yo pa t ini yo dapre inyon lalwa wayòm selès la mande a.”7

Kote Bondye gen premye plas nan tout kè ak tou panse yo, yo rekonèt pèp la kòm yon pèp ki fè “yon sèl, , kòm pitit Kris la.”8

Lè Sovè resisite a te parèt devan ansyen pèp yo nan Liv Mòmon an, Li te note avèk dezapwobasyon ke nan lepase te gen diskisyon pami pèp la konsènan batèm ak lòt bagay ankò. Li te kòmande:

“Epi p ap gen diskisyon nan pami nou, jan sa te konn ye a; ni tou p ap gen diskisyon nan pami nou konsènan pwen doktrin mwen an, jan sa te konn ye a.

“Paske an verite, an verite m di nou, moun ki gen espri chirepit se pa mwen ki voye l, men se dyab la, ki se papa chirepit.”9

Nan mond ekstrèmman kontwovèse nou an, kijan nou ka atenn inite, espesyalman nan Legliz la, kote nou dwe gen “yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm” nan?10 Pòl ban nou kle a:

“Paske tout moun pami nou ki te batize nan Kris la te pran Kris la sou yo.

“Pa gen ni Juif ni Grèk, ni esklav ni lib, ni gason ni fi: paske nou tout se youn nan Kris la.”11

Nou twò diferan e pafwa twò an dezakò pou nou kapab reyini ansanm kòm youn sou nenpòt lòt baz oswa anba nenpòt lòt non. Se sèlman nan Jezikri nou ka vrèman vin fè yon sèl.

Vin tounen youn nan Kris la rive youn pa youn—nou chak kòmanse avèk tèt nou. Nou se èt ki alafwa lachè ak lespri epi nou pafwa nan lagè andedan nou. Jan Pòl te eksprime:

“Paske m pran plezi nan lalwa Bondye a daprè lòm enteryè a.

“Men, mwen wè yon lòt lwa nan manm [nan kò mwen], ka p fè lagè kont lalwa lespri m, epi mennen m nan kaptivite lalwa peche ki nan manm mwen yo.”12

Jezi sete yon èt lachè ak lespri tou. Li te sibi tès; Li konprann; Li ka ede nou reyalize inite andedan nou.13 Se poutèt sa, pandan n ap konte sou limyè a ak favè Kris la, nou fè efò pou bay lespri nou—ak Sentespri a—dominasyon sou bagay fizik yo. Epi lè nou pa alawotè, Kris la, atravè Ekspyasyon L lan, ban nou don repantans ak opòtinite pou nou eseye ankò.

Si endividyèlman nou chak “andose Kris la,” lèsa a, ansanm nou ka espere vin fè youn, jan Pòl te di, “kò Kris la.”14 Pou “andose Kris la” sètènman gen ladan fè “premye kòmandman Li”15 a vin premye angajman nou, epi si nou renmen Bondye, n ap respekte kòmandman L yo.16

Inite avèk frè n ak sè nou yo nan kò Kris la ap grandi pandan nou suiv dezyèm kòmandman an—ki entimeman konekte avèk premye a—pou nou renmen lòt moun tankou tèt nou an.17 Epi mwen sipoze ke yon inite ki pi pafè ta etabli nan mitan nou si nou suiv ekspresyon pi gran ak pi sakre Sovè a pou dezyèm kòmandman sa a—pou nou renmen youn lòt non sèlman jan nou renmen tèt nou an men, men jan Li renmen nou an tou.18 An rezime, se pou “chak moun chèche enterè pwochen yo, epi fè tout bagay avèk je yo fikse sou laglwa Bondye.”19

Prezidan Marion G. Romney, yon ansyen konseye nan Premye Prezidans lan, pandan l t ap eksplike kijan pou nou jwenn lapè ak inite dirab, te di:

“Si yon grenn moun, ki lage tèt li bay Satan, ranpli avèk zèv lachè, li nan lagè avèk tèt li. Si de lage, yo chak nan lagè avèk tèt yo epi y ap goumen youn ak lòt. Si anpil moun sede, yon sosyete [rekòlte] rekòt gwo strès ak chirepit. Si dirijan yo nan yon peyi sede, gen yon chirepit nan tout mond lan.”

Li te kontinye: “Menmjan zèv lachè yo gen aplikasyon inivèsèl la, se konsa tou pou levanjil lapè a. Si yon moun ap viv li, li gen lapè avèk tèt li. Si de moun ap viv li, yo chak gen lapè avèk tèt yo epi youn ak lòt. Si sitwayen yo ap viv li, nasyon an gen lapè enteryè. Lè gen ase nasyon k ap jwi fwi Lespri a pou kontwole zafè mond lan, lèsa a, epi sèlman lèsa a, pa pral gen tanbou-lagè k ap rezone ankò, epi drapo batay yo pral pliye. … (Gade Alfred Lord Tennyson, “Locksley Hall,” The Complete Poetical Works of Tennyson, ed. W. J. Rolfe, Boston, Houghton–Mifflin Co. 1898, p. 93, liy 27–28.)”20

Lè nou “pran Kris sou ou,” li vin posib pou nou swa rezoud oswa mete akote diferans, dezakò, ak diskisyon. N ap jwenn yon egzanp ki ase dramatik nan simonte divizyon disponib nan istwa Legliz nou an. Èldè Brigham Henry Roberts (ki yo te kouraman rele B. H. Roberts), te fèt nan Angletè an 1857, li te sèvi kòm manm Premye Konsèy Swasanndis la—sa nou refere jodi a kòm Prezidans Swasanndis la. Èldè Roberts sete yon defansè efikas ak enfatigab pou levanjil retabli a ak Legliz la nan kèk nan moman ki te pi difisil li yo.

Imaj
Young B. H. Roberts

Sepandan, an 1895, sèvis Èldè Roberts nan Legliz la te andanje akoz yon kontansyon. B. H. te resevwa tach kòm yon delege nan konvansyon ki te redije yon konstitisyon pou Utah lè l te vin yon eta. Apresa, li te deside vin yon kandida pou Kongrè Etazini an men li pa t avèti ni chèche pèmisyon Premye Prezidans lan. Prezidan Josph F. Smith, yon konseye nan Premye Prezidans lan, te blame B. H. pou mankman sa a nan yon reyinyon jeneral prètriz. Èldè Roberts te pèdi eleksyon an epi l te santi ke defèt li a sete an gran pati akoz deklarasyon Prezidan Smith yo. Li te kritike dirijan Legliz yo nan kèk diskou politik ak entèvyou. Li te retire tèt li nan sèvis aktif nan Legliz la. Nan yon reyinyon long nan Tanp Salt Lake la avèk manm Premye Prezidans lan ak Konsèy Douz yo, B. te rete kategorik nan jistifye tèt li. Annapre, “Prezidan [Wilford] Woodruff te bay [Èldè Roberts] twa semèn pou l te rekonsidere pozisyon li. Si li te rete san repanti, yo t ap relve l nan Swasanndis yo.”21

Nan yon reyinyon anprive apresa avèk Apot Heber J. Grant ak Francis Lyman, B. H. te okòmansman enfleksib, men lanmou ak Sentespri a te finalman predomine. Dlo je te vin nan je l. De Apot yo te gen posiblite pou yo te reponn a sèten afwon ak ofans ki te blese B. H. epi yo te separe avèk yon apèl sensè pou rekonsilyasyon. Nan demen maten, apre anpil lapriyè, Èldè Roberts te voye yon nòt bay Èldè Grant ak Lyman pou l te di ke l te pare pou l te reyini ankò avèk frè l yo.22

Lè l te rankontre premye Prezidans lan, Èldè Roberts te di: “Mwen te al jwenn Senyè a epi m te resevwa limyè ak enstriksyon atravè Lespri Li pou m soumèt anba otorite Bondye.”23 Motive pa lanmou li pou Bondye, B. H. Roberts te rete yon dirijan fidèl ak yon dirijan efikas nan Legliz la jis nan fen lavi li.24

Imaj
Eldè B. H. Roberts

Nou ka wè tou nan egzanp sa a ke inite pa vledi tou senpleman dakò ke chak moun ta dwe fè pwòp zafè pa li oswa ale selon pwòp fason pa li. Nou pa ka vin youn amwenske nou tout mete efò nou ansanm devan enterè komen an. Sa vledi, dapre pawòl B. H. Roberts yo, soumèt bay otorite Bondye. Nou se manm diferan nan kò Kris la, k ap ranpli fonksyon diferan nan moman diferan—zòrèy la, je a, tèt la, men an, pye yo—men tout nan yon sèl kò.25 Sepousa, objektif nou se pou “pa ta dwe gen divizyon nan kò a; men ke tout manm yo youn pran swen lòt menm jan an.”26

Inite pa mande pou nou tout se menm, men li mande amoni. Nou ka gen kè nou mare ansanm nan lanmou, fè youn nan lafwa ak doktrin, epi toujou ankouraje lòt ekip diferan, nou gen dwa pa dakò sou zafè politik, fè deba sou objektif yo ak bonjan fason pou reyalize yo, ak anpil lòt bagay toujou. Men, nou pa dwe janm manifeste dezapwobasyon nou ni konteste avèk kòlè oubyen meprip youn pou lòt. Sovè a te di:

“Paske anverite, anverite, m ap di nou, yon moun ki gen lespri chirepit se pa mwen ki voye l, men se dyab la, ki se papa chirepit, e li soulve kè lèzòm pou yo goumen nan kòlè, youn ak lòt.

“Gade, se pa doktrin pa m, pou soulve kè lèzòm nan kòlè youn kont lòt; men, doktrin mwen se pou bagay konsa sispann.”27

Sa gen yon ane, Prezidan Russell M. Nelson te pale avèk nou konsa: “Okenn nan nou pa ka kontwole nasyon yo, ni aksyon lòt moun, ni menm manm pwòp fanmi nou. Men nou ka kontwole tèt nou. Apèl mwen jodia, chè frè m ak sè m yo, se pou mete fen a konfli k ap fè raj nan nou, nan fwaye nou, ak nan lavi nou yo. Antere tout panchan pou nou blese lòt moun—kit panchan sa yo se yon tanperaman, yon lang file, oubyen yon rankin kont yon moun ki te blese nou. Sovè a te kòmande nou pou nou vire lòtbò figi a [gade 3 Nefi 12:39], pou renmen enmi nou yo, epi pou nou priye pou moun k ap pèsekite nou [gade 3 Nefi 12:44].”28

M ap repete ke se sèlman nan ak atravè lwayote endividyèl nou pou Jezikri ke nou ka espere vin fè youn—youn andedan nou, youn nan fwaye nou, youn nan Legliz la, evantyèlman youn nan Siyon, epi anlè tout bagay, youn avèk Papa a ak Pitit Gason an ak Sentespri a.

M ap retounen sou evenman Semèn Sent yo ak triyonf final Redanmtè nou an. Rezirèksyon Jezikri a rann temwayaj konsènan divinite Li ak reyalite ke Li te venk tout bagay la. Rezirèksyon L la rann temwayaj ke, liye avèk Li pa alyans, nou menm tou nou ka venk tout bagay epi vin fè youn. Rezirèksyon L la rann temwayaj ke atravè Li, imòtalite ak lavi etènèl se reyalite.

Maten an, mwen rann temwayaj konsènan Rezirèksyon literal Li ak tout sa l implique, nan non Jezikri, amèn.