Konferans Jeneral
Yon Rekòt Enpafè
Konferans jeneral avril 2023


Yon Rekòt Enpafè

Sovè a kanpe pare pou L aksepte ofrann enb nou yo pou L pèfeksyone yo atravè gras Li. Avèk Kris la, pa gen okenn rekòt enpafè.

Lè m te yon jèn gason, mwen te aprann renmen chanjman radikal ki te konn fèt nan sezon yo nan ane a nan Sidwès Montana, kote m te grandi. Sezon m te pi renmen an sete otòn—epòk rekòt la. Fanmi nou te konn espere epi priye pou tout mwa travay di nou yo te ka rekonpanse pa yon rekòt abondan. Paran m te konn enkyete pou meteo, pou sante bèt yo ak rekòt yo, ak pou anpil lòt bagay ke yo pa t gen anpil kontwòl sou yo.

Pandan m t ap grandi, mwen te vin pi konsyan de ijans ki te enplike ladan nan bagay sa yo. Lavi nou te depann de rekòt la. Papa m te anseye m sou ekipman nou te konn itilize pou rekòlte grenn yo. Mwen te gade jan li te deplase machin nan sou teren an, koupe yon ti echantiyon grenn epi tcheke dèyè machin mwason an pou asire l ke otan grenn ke posib te ateri nan rezèvwa rekòt la epi yo pa t jete soti avèk pay la. Li te repete egzèsis sa a plizyè fwa, pandan l t ap ajiste machin nan chak fwa. Mwen te kouri bò kote l epi pase menm nan pay la avèk li kòmsi m te konnen sa m t ap fè.

Apre l te fin satisfè avèk reglaj ki te fèt nan machin nan, mwen te jwenn kèk nwayo grenn nan pay la atè a e m te prezante yo ba li avèk yon je kritik. Mwen p ap janm bliye ke papa m te di m: “Sa sifi epi se pi bon bagay machin sa a ka fè.” Paske m pa t vrèman satisfè avèk eksplikasyon l lan, mwen te medite sou enpèfeksyon rekòt sa a.

Yon ti tan apre, lè tan an te vin frèt nan aswè, mwen te gade kijan anpil zwazo migratè, zwa, ak kana te desann vin nan jaden an pou yo te nouri tèt yo pandan long vwayaj yo pou al nan Sid la. Yo te manje rès grenn ki te rete yo nan rekòt enpafè nou an. Bondye te fè l pafè. Epi, menm yon nwayo p at pèdi.

Se souvan yon tantasyon nan mond nou an e menm nan kilti Legliz la pou nou obsede pa pèfeksyon. Rezo sosyal, atant ireyèl, e souvan kritik nou sou pwòp tèt nou kreye santiman enkapasite—ke nou pa bon ase epi nou pa p janm bon ase. Gen moun ki menm mal konprann envitasyon Sovè a ki di “se nou pafè”1a.

Sonje ke pèfeksyonis se pa menm bagay avèk vin pèfeksyone nou nan Kris la.2 Pèfeksyonis mande yon prensip enposib, ke nou enflije sou pwòp tèt nou, ki konpare nou avèk lòt moun. Sa lakoz nou santi nou koupab, enkyete, epi li fè nou vle retire tèt nou e izole tèt nou.

Vin pafè nan Kris la se yon lòt kesyon. Se yon pwosesis—ki gide avèk amou pa Sentespri a—pou nou vin pi plis tankou Sovè a. Nòm sa yo etabli pa yon Papa nou ki nan Syèl la ki plen bonte e ki kon tout bagay epi nòm sa yo klèman defini nan tout alyans yo envite nou pou nou anbrase yo. Li soulaje nou anba fado kilpabilite ak enkapasite, li toujou mete aksan sou kiyès nou ye nan je Bondye. Pandan pwosesis sa a elve nou epi pouse nou pou nou vin pi bon, se devosyon pèsonèl nou anvè Bondye ki mezire l pandan n ap manifeste efò pou nou suiv li nan lafwa. Pandan n ap aksepte envitasyon Sovè a pou nou vin jwenn Li, nou rann nou kont kijan pi bon efò nou bon ase epi lagras yon Sovè eman ap mete diferans lan nan fason nou pa ka imajine.

Nou ka wè prensip sa a anvigè lè Sovè a te nouri senk mil moun yo.

“Lè Jezi gade li wè yon gwo foul moun ki t ap vin jwenn li, li rele Filip, li di l konsa, ki bò nou ta ka jwen manje pou n achete pou n bay moun sa yo manje? …

“Filip reponn li, menm si nou ta gen desan goud pou achte pen, pa ta gen ase pou chak moun ta jwen ti kal.

“Yon lòt nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè a, di li,

“Gen yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason: men sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo.”3

Èske w te janm mande ki jan Sovè a te santi l apwopo jèn ti gason sa a, ki avèk lafwa yon timoun te ofri sa l dwe te konnen te vrèman ensifizan parapò avèk tach ki pou te akonpli a?

“Epi Jezi pran pen yo. Lè li fin di Bondye mèsi pou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Yo tout te jwen kantite yo te vle.

“Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo, Rasanble tout ti moso ki rete yo, pa kite anyen gaspiye.”4

Sovè a te pèfeksyone ofrann enb la.

Yon ti tan apre eksperyans sa a, Jezi te voye disip Li yo devan nan yon bato. Byen vit yo te twouve yo nan yon lanmè tanpèt nan mitan lannuit la. Yo te vin pè lè yo te wè yon imaj fantòm ki t ap mache nan direksyon yo sou dlo a.

“Men lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.

“Lè sa a, Pyè di li: Mèt si se ou menm vre, di m vin jwenn ou sou dlo a.

“Jezi di li, Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li te kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi.

“Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè, li kòmanse koule, li pran rele, … Mèt, sove m non.

“Menm lè a, Jezi lonje men l, li te pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans; poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?”5

Frè m ak sè m yo, petèt se pa t fen konvèsasyon an. Mwen kwè ke pandan Pyè ak Sovè a t ap mache tounen bra nan bra, Pyè tou tranpe e petèt avèk santiman ke l te stipid, Sovè a te siman di yon bagay tankou: “O, Pyè, pa pè e pa enkyete w. Si w te kapab wè tèt ou jan mwen wè w la, dout ou t ap efase epi lafwa w t ap ogmante. Mwen renmen ou, chè Pyè; ou te soti nan bato a. Ofrann ou an akseptab, e menm si ou te febli, m ap toujou la pou leve w soti nan pwofondè yo, epi m ap fè ofrann ou an vin pafè.”

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye:

“Mwen kwè ke Sovè a, Jezikri, t ap renmen nou wè, santi, ak konnen ke Li se fòs nou. Ke avèk èd Li pa gen limit pou sa nou kapab akonpli. Ke potansyèl nou san limit. Li t ap renmen pou w ta wè tèt ou jan Li wè w la. E sa trè diferan de jan mond lan wè ou. …

“Li bay moun ki fatige yo fòs; epi li ogmante fòs moun ki santi yo enpuisan yo.”6

Nou dwe sonje ke kèlkeswa ofrann ki pi bon men ki enpafè nou pote, Sovè a ka fè l pafè. Kèlkeswa jan efò nou parèt ensiyifyan, nou pa janm dwe souzestime pouvwa Sovè a. Yon senp mo jantiyès, yon ti vizit sèvis pastoral sensè, yon leson Primè ki anseye avèk amou kapab, avèk èd Sovè a, bay konsolasyon, adousi kè, ak chanje lavi etènèl. Efò maladwa nou yo ka mennen nan mirak, epi nan pwosesis la, nou ka patisipe nan yon rekòt pafè.

Byen souvan, nou plase nan sitiyasyon ki ka lakoz nou detire. Nou gendwa gen enpresyon nou pa bon ase pou tach la. Nou ka gade moun k ap sèvi avèk nou yo epi santi nou pap janm alawotè yo. Frè m ak sè m yo, si w santi w konsa, gade gason ak fi ki dèyè m yo.

Mwen santi doulè w.

Mwen aprann, sepandan, ke menm jan pèfeksyonis se pa menm bagay ak vin pèfeksyone nan Kris la, konpare tèt nou avèk lòt moun se pa menm bagay avèk imite yo. Lè nou konpare tèt nou avèk lòt moun, ka gen de rezilta sèlman. Swa n ap wè tèt nou kòm pi bon pase lòt moun epi n ap vin kòmanse jije yo ak pote kritik sou yo, oswa n ap konsidere tèt nou kòm enferyè a lòt moun epi n ap vin enkyete, kritike pwòp tèt nou, ak dekouraje. Konpare tèt nou ak lòt moun pa pwodiktif, li pa edifyan, epi pafwa li senpleman depriman. Anfèt, konparezon sa yo kapab detwi nou espirityèlman, e anpeche nou resevwa èd espirityèl nou bezwen an. Yon lòt bò, lè nou imite moun nou respekte ki demontre kalite Kris yo, sa kapab enstriktif, edifyan, epi sa ka ede nou vin pi bon disip Jezikri.

Sovè a te ban nou yon modèl pou n suiv lè Li te imite Papa a. “Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m toujou? Moun ki wè m, li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m Papa a?7

Epi apresa li te anseye, “Sa m di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l fè tout sa m ap fè a.”8

Kèlkeswa ki jan efò nou parèt ensiyifyan, si nou sensè, Sovè a ap itilize nou pou akonpli travay Li. Si nou tou senpleman fè pi byen nou kapab epi mete konfyans nou nan Li pou fè diferans lan, nou ka vin yon pati nan mirak ki antoure nou yo.

Èldè Dale G. Renlund te di, “Ou pa bezwen pafè, men nou bezwen ou, paske tout moun ki gen anvi ka fè yon bagay.”9

Epi kòm Prezidan Nelson anseye nou: “Senyè a renmen efò.”10

Sovè a kanpe pare pou aksepte ofrann enb nou yo pou L pèfeksyone yo atravè gras Li. Avèk Kris la, pa gen okenn rekòt ki enpafè. Nou dwe gen kouraj pou nou kwè ke lagras Li se pou nou—ke L ap ede nou, sekouri nou anba pwofondè lè nou afebli, epi L ap pèfeksyone efò enpafè nou yo.

Nan parabòl smoun k ap imen an, Sovè a dekri semans ki plante nan bon tè a. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, epi yon lòt bay trant. Tout fè pati rekòt pafè L la.11

Pwofèt Mowoni te envite nou tout, “Wi, vin jwenn Kris la, e pèfeksyone nou nan li, … e si nou debarase kò nou ak tout endiyite, e si nou renmen Bondye avèk tout pouvwa nou, panse nou, ak fòs nou, lè sa a gras li ap ase pou nou, pou nou kapab vin pafè nan Kris la atravè gras Li.”12

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye de Kris la, ki gen pouvwa pou pèfeksyone menm ofrann ki pi enb nou yo. Ann fè tout sa nou kapab, pote sa nou kapab, epi, avèk lafwa, mete ofrann enpafè an nou nan pye Li Nan non Limenm ki se Mèt rekòt pafè a, Jezikri, amèn.