Konferans Jeneral
Lespri M te Konsantre sou Panse Sa a sou Jezikri a
Konferans jeneral avril 2023


Lespri M te Konsantre sou Panse Sa a sou Jezikri a

Si, avèk atansyon, nou konsantre panse nou sou Jezikri, mwen pwomèt nou ke n ap non sèlman resevwa gidans men pouvwa selès tou.

Nan bèl peryòd Pak sa a, m ap fè eko a priyè ki nan kantik puisan sa a, “Guide-nous, O grand Jéhovah.”1

Yon istwa remakab nan Liv Mòmon an rakonte istwa yon jèn gason ki rele Alma ke ekriti yo dekri kòm yon enkwayan idolat.2 Li te konn pale byen epi l te konvenkan, li te sèvi ak flatri pou konvenk lòt moun pou yo suiv li. Etonaman, yon zanj te parèt devan Alma ak zanmi l yo. Alma te tonbe atè a epi li te sitèlman fèb ke yo te pote l san fòs lakay papa l. Li te rete nan yon eta koma pandan twa jou.3 Annapre, li te esplike ke pandan l te parèt enkonsyan pou moun ki te bò kote l yo, espri l te trè aktif pandan ke nanm li te nan lapenn, li t ap panse ak lavi l nan pa kenbe kòmandman yo. Li te dekri eta despri l la kòm “rapèl peche [l] yo t ap toumante l”4 epi l t ap “kòde anba touman etènèl.”5

Nan dezespwa pwofon li, li te sonje ke lè l te jèn, yo te anseye l konsènan vini yon Jezikri, yon Pitit Gason Bondye ki te gen pou l ekspye peche mond lan.”6 Apresa, li te fè deklarasyon puisan sa a: “Kounyeya, pandan panse m te sou bagay sa a, m te kriye nan kè m: O, Jezi, Pitit Gason Bondye a, gen mizèrikòd pou mwen.”7 Pandan l t ap fè apèl a pouvwa divin Sovè a, yon bagay mirakile te rive: “Lè m te panse bagay sa a,” li te di: “Mwen pa t kapab sonje soufrans mwen yo ankò.”8 Toudenkou, li te santi lapè ak limyè. “Pa gen anyen ki [te] pi dous pase lajwa m te genyen an,”9 li te deklare.

Lespri Alma a te “konsantre sou” verite apwopo Jezikri a. Si nou t ap itilize mo “konsantre” a nan yon sans fizik, nou ta ka di, “Li te kenbe bafè a jis nan moman li t ap tonbe a,” sa vledi li te lonje men l epi atache l toudenkou e solidman a yon bagay solidman simante sou yon fondasyon sekirize.

Nan ka Alma a, sete lespri li ki te chèche èd epi ki te akwoche l byen fèm nan verite puisan sakrifis ekspyatwa Jezikri a. Paske l te aji ak lafwa sou verite sa a, epi pa pouvwa ak lagras Bondye, li te sove anba dezespwa e ranpli avèk esperans.

Pandan eksperyans nou yo ka pa osi dramatik ke pa Alma yo, yo sepandan osi enpòtan etènèlman. Lespri nou tou te “konsantre sou panse sa a” sou Jezikri ak sakrifis mizèrikòdye L la, epi nanm nou te santi limyè ak lajwa ki te suiv la.

Sekirize Panse nou de Jezikri a

Priyè mwen nan sezon Pak sa a se pou nou pi konsyamman fòme, fòtifye, ak sekirize panse espirityèl sa a ki pi enpòtan an andedan nanm nou,10 pou nou pèmèt li toujou ap koule nan lespri nou, gide nou nan sa n ap panse ak sa n ap fè, epi pote lajwa dous lanmou Sovè a.11

Ranpli espri nou avèk pouvwa Jezikri pa vle di ke Li se sèl panse nou genyen. Men, sa vledi ke tout panse nou anglobe nan amou Li, lavi L ak ansèyman L yo, ak sakrifis ekspyatwa ak Rezirèksyon gloriye L la. Jezi pa janm nan yon kwen nou bliye nan lespri nou, paske panse nou de Li toujou prezan epi “tout sa ki nan [nou adore] Li!”12 Nou priye epi nou repase nan lespri nou eksperyans ki mennen nou pi pwòch de Li yo. Nou akeyi nan lespri nou imaj diven, ekriti sent yo, ak kantik enspire pou nou ka jantiman amòti panse inonbrab chak jou yo nan lavi okipe nou yo. Amou nou pou Li pa anpeche nou gen tristès ak chagren nan lavi mòtèl sa a, men li pèmèt nou mache atravè difikilte yo avèk yon fòs ki siperyè ak pa nou.

O Jezi, Lè M Panse Avèk Ou

Lapè ranpli kè mwen;

Men mwen ta renmen fas ou pi pre pou m wè

Epi repoze nan prezans ou.13

Sonje, ou se yon pitit espri Papa nou ki nan syèl la. Jan Apot Pòl esplike sa, nou se “ras Bondye.”14 Ou te viv ak pwòp idantite endividyèl ou lontan anvan w te vin sou tè a. Papa nou te kreye yon plan pafè pou nou vin sou tè a, aprann, epi retounen al jwenn Li. Li te voye Pitit Gason Byeneme L la pou ke atravè pouvwa Ekspyasyon ak Rezirèksyon Enfini L lan, nou viv odela tonbo a; epi si nou dispoze pou nou egzèse lafwa nan Li epi repanti pou peche nou yo,15 n ap jwenn padon epi n ap resevwa lavi etènèl.16

Bay Panse Nou ak Lespri Nou yon Atansyon Eksepsyonèl

Nan lavi mòtèl sa a, panse nou ak lespri nou bezwen atansyon eksepsyonèl.17 Lespri nou pèmèt nou viv, chwazi, ak disène ant byen ak mal.18 Lespri nou resevwa temwayaj ki konfime ke Bondye se Papa nou, ke Jezikri se Pitit Gason Bondye, epi ansèyman Yo se gid nou pou bonè isit la ak lavi etènèl odela tonm nan.

Lespri Alma a te konsantre sou panse sa a sou Jezikri a. Sa te chanje lavi li. Konferans jeneral se yon tan pou nou konprann sa Senyè a ta renmen nou fè ak sa L ta renmen nou devni. Se yon tan tou pou nou reflechi sou pwogrè nou. Pandan ke tach mwen mennen m toupatou nan mond lan, mwen obsève yon fòs espirityèl k ap ogmante nan manm jis e devwe yo nan Legliz la.

Senkan de sa, yo te mande nou pou nou mete Sovè a pi plis nan tout sa n ap fè kote n ap itilize vrè non Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.19 N ap pwononse non Li pi sensèman.

Sa gen katran, lè nou te redui lè reyinyon sentsèn nou an, nou te mete plis aksan sou pran sentsèn Senyè a. Nou panse plis a Jezikri epi nou pi serye nan pwomès nou pou nou toujou sonje L la.20

Avèk izolman pandemi mondyal la ak èd pwogram Vini, Suiv mwen an, ansèyman Jezi yo te vin pi enpòtan nan fwaye nou, pou ede nou adore Sovè a pandan semèn nan.

Si nou suiv konsèy prezidan Russell M. Nelson an pou “koute Li”21 a, n ap amelyore kapasite nou pou n rekonèt chichotman Sentespri a ak pou nou wè men Senyè a nan lavi nou.

Avèk anons ak finisman dè douzèn tanp, nou antre pi souvan nan kay Senyè a epi nou pi souvan resevwa benediksyon Li pwomèt yo. Nou pi pwofondeman santi bote transandan Sovè ak Redanmtè nou an.

Prezidan Nelson te di: “Pa gen anyen ki fasil ni otomatik nan vin [yon] disip puisan. Atansyon nou dwe konsantre sou Sovè a ak levanjil Li a. Sa mande anpil rigè mantal pou n fè efò pou n leve je gade li nan chak panse.”22

Lè nou konsantre atansyon nou sou Jezikri, tout lòt bagay bò kote nou—byenke yo toujou prezan—nou wè yo atravè lanmou nou pou Li. Distraksyon ki mwens enpòtan yo fennen, epi nou retire bagay ki pa annakò avèk kenbe limyè L ak karaktè L yo. Pandan n ap atantivman konsantre sou panse sa a sou Jezikri a, mete konfyans nou nan Li, epi respekte kòmandman L yo, nou beni non sèlman avèk gidans, men avèk pouvwa selès tou—pouvwa ki pote fòs nan alyans nou yo, lapè pou difikilte nou yo, ak lajwa nan benediksyon nou yo.

Sonje Jezikri

Sa gen kèk semèn, Kathy avèk mwen t al fè yon vizit lakay Matt ak Sarah Johnson. Sou miray la te gen yon foto fanmi presye yo a, yon bèl imaj Sovè a, ak yon foto tanp.

Kat pitit fi yo, Maddy, Ruby, Claire ak June, te di ak kè kontan konbyen yo te renmen manman yo.

Pandan plis pase ennan, Sara te pwograme randevou regilyèman chak Samdi pou fanmi an te ale nan tanp ansanm yon fason pou tifi yo te ka patisipe nan batèm pou manm fanmi ki te viv anvan yo.

Nan mwa Novanm ane pase a, Sarah te pwograme yon randevou tanp pou fanmi an pou dènye semèn nan mwa Desanm nan, nan Jedi olye de Samdi. “Mwen espere ke w OK avèk sa,” li te di Matt.

Sara te dyagnostike ak kansè, men doktè yo te antisipe ke li t ap viv de ou twazan anplis. Pandan yon reyinyon sentsèn, Sara te rann temwayaj puisan li, li te di ke kèlkeswa rezilta a pou li, li te renmen Sovè a ak tout kè li, epi “viktwa a te deja genyen” pa Li. Amezi mwa Desanm nan t ap avanse, sante Sara te bese rapidman, epi yo te entène l nan lopital. Bonè nan maten Jedi 29 Desanm lan, li te trankilman fini vi l nan mòtalite a. Matt te bò kote Sara pandan tout nuit la.

Avèk kè l brize epi konplètman fatige fizikman ak emosyonèlman, li te rantre lakay li, ap kriye avèk pitit fi l yo. Pandan Matt te gade nan telefòn li, li te remake rapèl randevou tanp inabityèl Jedi a Sara te pwograme pou pita nan jou sa a. Matt te di, “Lè m te premye wè li, mwen te panse, sa pa pral mache.”

Men apresa lespri Matt te konsantre sou panse sa a: “Sovè a vivan. Pa gen okenn kote nou ta pito ye kòm yon fanmi pase nan kay sakre L la.”

Imaj
Fanmi Johnson

Matt, Maddy, Ruby, Claire ak June te rive nan tanp lan pou randevou Sara te pwograme pou yo a. Avèk dlo nan je ki t ap tonbe sou figi li, Matt te fè batèm yo avèk pitit fi l yo. Yo te santi lanmou yo ak relasyon etènèl yo avèk Sara, epi yo te santi gwo lanmou ak lapè rekonfòtan Sovè a. Matt te pataje avèk tandrès, “Byenke m te santi gwo lapenn ak chagren, mwen te kriye ak lajwa, paske m te konnen bèl plan sali mèveye Papa m nan.”

Nan sezon Pak sa a, mwen temwaye verite konplè ak absoli sakrifis ekspyatwa enkonparab Sovè a ak Rezirèksyon gloriye L la. Si lespri nou konsantre sou panse sa a byen fèm ak pou tout tan, epi pandan n ap konsantre lavi nou sou panse sa a, mwen pwomèt nou ke n ap santi esperans Li, lapè Li, ak lanmou Li. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Guide nous, O Gran Jéhovah,” Cantiques, no. 39.

  2. Gade Mozya 27:8.

  3. Gade Alma 36:10.

  4. Alma 36:17.

  5. Alma 36:12.

  6. Alma 36:17.

  7. Alma 36:18. Lòt lè mo “konsantre” a itilize nan Liv Mòmon an, se lè y ap pale de moun ki “kenbe dènye bout ba fè a” (1 Nefi 8:24, 30).

  8. Alma 36:19.

  9. Alma 36:21.

  10. “Pi gwo batay lavi a konbat andedan chanm nanm nou an silans” (David O. McKay, nan Conference Report, Avr. 1967, 84).

  11. “[Panse] patwone tout aksyon. Panse nou yo se tablo kòmand lan, pano kontwòl ki gouvène aksyon nou yo” (Boyd K. Packer, That All May be Edified [1982], 33).

    Prezidan Oaks te anseye: “Nou ka siprime move dezi yo epi ranplase yo pa sa ki jis yo. Sa mande edikasyon ak pratik. Prezidan Joseph F. Smith te anseye ke “edikasyon … dezi nou se youn ki gen pi gwo enpòtans’” (Pure in Heart [1988], 149).

  12. “Louange à Dieu,” Cantiques, no. 37)

  13. “O Jésus, quand je pense à toi,” Cantiques, no. 76.

  14. Travay 17:29.

  15. Gade Doktrin ak Alyans 58:42–43.

  16. Gade Doktrin ak Alyans 14:7.

  17. “Pa gen okenn lòt moun eksepte Bondye ki konnen panse ou ak entansyon ki nan kè ou” (Doktrin ak Alyans 6:16).

  18. “Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale soti nan kè li ki bon; epi yon nonm ki mechan, se move bagay li rale soti nan kè li ki move: paske sa k nan kè yon nonm, se sa k soti nan bouch li” (Lik 6:45).

  19. Gade Russell M. Nelson, “Non Kòrèk Legliz la,” Liahona, Nov. 2018, 87–89.

  20. Alyans nou chak semèn nan priyè sentsèn nan sèke n ap “toujou sonje Li” (Mowoni 4:3; Doktrin ak Alyans 20:77). Liv Mòmon an ankouraje nou nan itilize mo sa a de fwa, youn apre lòt: “sonje, sonje” (Mozya 2:41; Alma 37:13; Elaman 5:9). Sonje espirityèlman vini atravè pouvwa Sentespri a: “Li va montre nou tout bagay, la fè nou sonje tout sa m te di nou” (Jan 14:26).

  21. Russell M. Nelson, “Koute Li,” Lyawona, Me 2020, 90.

  22. Russell M. Nelson, “Atire Pouvwa Jezikri nan Lavi Nou,” Lyawona, Me 2017, 41. Prezidan Nelson te di tou: “Lajwa [Sen Dènye Jou yo] santi a pa gen anpil bagay pou wè ak sikonstans lavi nou epi tout bagay ki gen pou wè avèk sou kisa nou konsantre lavi nou” (”Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Liahona, Nov. 2016, 82).