Konferans Jeneral
Ansèyman Jezikri yo
Konferans jeneral avril 2023


Ansèyman Jezikri yo

Yo ban nou ekriti yo pou gide lavi nou. Mesaj mwen an jodi a konpoze pa yon seleksyon nan kèk pawòl Sovè nou an—sa Li te di.

Nou kwè nan Kris la. Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou adore Li epi nou suiv ansèyman L yo ki nan ekriti yo.

Anvan Chit la, Papa nou ki nan Syèl la te pale dirèkteman avèk Adan ak Èv. Apre sa, Papa a te prezante sèl Pitit Gason Literal Li a, Jezikri, kòm Sovè nou ak Redanmtè nou epi li te ba nou kòmandman pou nou ”tande Li.”1 Apati direksyon sa a nou reyalize ke ekriti yo se pawòl ki soti nan bouch “Bondye” oubyen “Senyè a” ki se prèske toujou pawòl Jewova, Senyè resisite nou an, Jezikri.2

Yo ban nou ekriti yo pou gide lavi nou. Jan pwofèt Nefi te ansenye nou, nou ta dwe “fè yon festen ak pawòl Kris yo; paske gade, pawòl Kris yo pral di nou tout bagay nou dwe fè.”3 Pifò ekriti ki rapòte ministè mòtèl Jezi yo se deskripsyon sou sa L te fè. Mesaj mwen an jodi a konpoze pa yon seleksyon kèk pawòl Sovè nou an—sa li te di. Pawòl sa yo ekri nan Nouvo Testaman an (enkli kèk adisyon enspire ke Joseph Smith te ajoute) ak nan Liv Mòmon an. Pifò nan seleksyon sa yo nan menm lòd jan Sovè nou an te di yo a.

“Sa m’ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri li pa p ka rantre nan wayòm Bondye a.”4

“Benediksyon pou … tout moun [ki] grangou, epi ki swaf lajistis, yo beni, paske Sentespri a ap ranpli yo.”5

“Benediksyon pou moun k ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit Li.”6

“Nou tande kijan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè:

“Men mwen menm, men sa m ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.”7

“Nou te tande ke yo te di, Renmen pwochen nou, epi rayi ènmi nou.

“Men mwen menm, men sa m’ap di nou, renmen enmi nou, beni moun ki modi nou, fè byen ak moun ki rayi nou, e priye pou moun ki maltrete nou ak moun ki pèsekite nou;

“Se konsa n’a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k’ap fè sa ki byen ni pou moun k’ap fè sa ki mal.”8.

“Si ou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen ou tou:

“Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p’ap padonnen peche nou yo non plis.”9

“Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou.”10

“Se sa ki fè, pa chèche bagay ki nan mond sa a, men, chèche bati wayòm Bondye a premyèman, epi pou tabli lajistis li, epi tout bagay sa yo ap vin yon diplis ki ajoute pou ou.”11

“Se poutèt sa, nenpòt bagay nou ta vle lèzòm fè pou nou, nou dwe fè l pou yo, paske se sa lalwa ak pwofèt yo di.”12

“Fè atansyon ak fo pwofèt yo ki vini kote nou ak rad mouton sou yo, men andedan kè yo, yo se lou ki mechan.

“N ap rekonèt yo daprè fwi yo. Èske moun kapab keyi rezen nan pye pikan, oubyen fig nan pye rakèt?

“Menm jan an, bon plant bay bon fwi; men plant kòwonpi bay move fwi.”13

“Se pa tout moun k’ap plede di m’: Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la.”14

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma soulaje nou.

“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, na viv ak kè poze.

“Paske, jouk m ap ban nou an fasil pou pote, chay m ap ban nou an pa lou.”15

“Si yon moun vle suiv chemen mwen an, se pou l bliye tèt li, epi pou l chaje kwa l sou zepòl li, epi suiv mwen.

“Epi kounyeya, pou yon moun pran kwa li, sa vle di pou l debarase tèt li anba tout sa ki pa sen, ak tout anvi monden, epi pou l kenbe kòmandman mwen yo.”16

“Se poutèt sa, bliye mond lan, epi sove nanm nou; paske kisa sa ap sèvi yon moun pou l ta genyen tout mond lan annantye si l ta pèdi nanm li? Oubyen kisa yon moun ta dakò bay kòm echanj pou nanm li?”17

‘Si nenpòt moun fè volonte l, l ap konnen si doktrin nan se doktrin Bondye oubyen si se pawòl pa m.”18

“E m ap di nou, Mande, n ap resevwa; chèche, e n ap jwenn; frape, e y ap louvri pou nou.

“Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. y’a louvri pou moun ki frape.”19

“M gen lòt mouton ki pa nan patiraj sa a; m dwe mennen yo tou, y ap tande vwa m; epi ap gen yon sèl patiraj ak yon sèl bèje.”20

“Jezikri te di li, “Mwen se rezirèksyon an, ak lavi a: moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri:

“Epi nenpòt moun k ap viv epi ki mete konfyans yo nan mwen pa p janm mouri.”21

“[Gwo kòmandman nan lalwa a se sa a:] Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tou lide ou.

“Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.

“Men dezyèm nan ki gen menm enpòtans avèk li, Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

“De kòmandman sa yo se fondasyon tout sa ki nan lalwa a ak sa pwofèt yo di.”22

“Moun ki asepte kòmandman m’ yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m’ va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m’a renmen l’, epi m’a fè l’ wè mwen.”23

“M ap ba nou kè poze. M ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.”24

“Men kòmandman m ap ba nou: se pou nou youn renmen lòt, menmjan m renmen nou.”25

“Gade men m ak pye m yo. Se mwen menm wi. Nou mèt manyen m. Gade m byen; yon lespri pa gen vyann ak zo jan nou wè m genyen an.”26

“Ale, fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a:

“Anseye yo pou yo obsève tout sa mwen te kòmande nou: sonje, mwen avèk nou toulèjou, jiska lafen mond la.”27

Aprè ministè Li nan Tè Sent la, Jezikri te parèt devan moun ki jis yo sou kontinan Ameriken an. Sa yo se kèk nan pawòl Li te di nan kote sa a:

“Gade, mwen se Jezikri, Pitit Gason Bondye a. M te kreye syèl la ak tè a ak tout sa ki ladan l yo. Mwen te avèk Papa a depi nan kòmansman an. Mwen nan Papa a, e Papa a nan mwen; e Papa a te glorifye non l nan mwen.”28

“Mwen se limyè ak lavi mond lan. M se Alfa ak Omega, kòmansman an ak finisman an.

“Epi, pa ofri m pou san koule ankò, wi, sakrifis ak olokòs nou yo fini, paske, m p ap aksepte okenn nan sakrifis ak olokòs nou yo.

“Epi, ofri m yon kè brize ak yon lespri kontri kòm sakrifis. Epi, nenpòt moun ki vin jwenn mwen avèk yon kè dou, ak yon lespri kontri, m ap batize l avèk dife epi avèk Sentespri a. …

“Gade m te vini nan mond lan pou m pote redanmsyon nan mond lan, pou m sove mond lan anba peche.”29

“Epi ankò, m di nou, nou dwe repanti, batize nan non m e vin tankou yon timoun piti, san sa, nou pa kapab eritye wayòm Bondye a nan okenn fason.”30

“Se poutèt sa, m ta vle pou nou vin pafè menm jan avèk mwen oubyen menm jan Papa nou ki nan syèl pafè a.”31

“An verite, an verite, m di nou, nou dwe veye epi priye tout tan pou dyab la pa tante nou, e pou l pa mennen nou nan prizon.”32

“Se poutèt sa nou dwe toujou priye Papa a nan non m.”33

“Se poutèt sa, tout sa w ap fè, fè l nan non mwen; se poutèt sa, nou dwe bay legliz la pote non mwen.”34

“Reyèlman, m te ba nou levanjil mwen an, e se levanjil sa a m te ba nou—m te vini nan mond lan pou m fè volonte Papa m, paske Papa m te voye m.

“Epi Papa m te voye m pou yo te kapab leve m sou kwa a, e apre yo fin leve m sou kwa a pou m kapab atire tout moun kote m … pou yo jije pou zèv yo, kit zèv yo te bon oubyen move.”35

“Kounyeya, men kòmandman an: Repanti, noumenm ki nan tout kwen tè yo, vin jwenn mwen, e batize nan non m, pou nou kapab sanktifye lè nou resevwa Sentespri a, pou nou kapab kanpe san tach devan m nan dènye jou a.”36

Nou kwè nan Kris la. M ap fini avèk sa L te di sou fason nou ta dwe konnen ak suiv ansèyman L yo:

“Men, Konsolatè a, ki se Sentespri a, ke Papa a ap voye nan non m nan, li va moutre nou tout bagay, epi li va fè nou sonje tout bagay, tout sa m te di nou.”37

Mwen rann temwayaj konsènan verite ansèyman sa yo nan non Jezikri, amèn.