Konferans Jeneral
Kilè pou Resevwa Benediksyon Patriyakal Ou
Konferans jeneral avril 2023


Kilè pou Resevwa Benediksyon Patriyakal Ou

Lè w resevwa benediksyon w lan, w ap reyalize epi santi jan Papa Nou ki nan Syèl la ak Jezikri renmen w ak fason Yo konsantre sou ou endividyèlman.

Yè, chè zanmi mwen, Èldè Randall K. Bennett te pale sou benediksyon patriyakal. Se te yon gwo mesaj e li te enspire nou tout. Chè frè m ak sè m yo, èske m ka pale de benediksyon patriyakal tou? Patriyach yo, kòm demand pou benediksyon patriyakal yo ka ogmante, mwen priye pou Senyè a beni nou pandan n ap u kontinye manyifye apèl nou.

Lè m ale nan konferans pieu, mwen toujou vizite patriyach la ak madanm li. Patriyach yo dou, yo obeyisan, yo se dirijan enkwayab Bondye aple. Yo rakonte m anpil bèl eksperyans espirityèl. Mwen mande yo laj moun ki pi piti ak pi gran yo konn bay yon benediksyon. Jiska prezan, pi piti a te gen 11 an e pi gran an te gen 93 an.

Mwen te resevwa benediksyon patriyakal mwen lè m te yon nouvo manm Legliz la, nan laj 19 an, dezan apre m te fin batize. Patriyach mwen an te ekstrèmman aje. Li te antre nan Legliz la an 1916 epi li te yon pyonye nan Legliz la nan Japon. Se te gwo onè pou m te resevwa benediksyon patriyakal mwen nan men yon disip remakab Senyè a konsa. Japonè l te yon ti jan difisil pou m te konprann, men li te puisan.

Patriyach mwen rankontre yo konn di m ke anpil moun resevwa benediksyon patriyakal yo jis anvan yo sèvi yon misyon. Jènjan m yo, jènfi m yo, paran yo, ak evèk yo, benediksyon patriyakal yo pa sèlman pou preparasyon pou sèvi yon misyon. Manm ki diy ki batize yo ka resevwa benediksyon patriyakal yo lè moman an bon pou yo.1

Chè manm adilt yo, kèk nan nou poko resevwa benediksyon patriyakal nou. Sonje, pa gen okenn laj maksimòm.

Bèlmè m te yon manm Legliz trè aktif, ki te sèvi kòm yon instriktris Sosyete Sekou jiskaske li te mouri nan laj 90 an. Mwen te tris anpil pou m te aprann ke li pa t resevwa yon benediksyon patriyakal li. Li te travèse anpil difikilte nan lavi l, e paske li pa t gen yon detantè prètriz nan kay la, li pa t resevwa anpil benediksyon prètriz. Yon benediksyon patriyakal petèt te ka ba l rekonfò na moman l te bezwen l pi plis la.

Adilt yo, si w poko resevwa yon benediksyon patriyakal, tanpri pa enkyete w! Chemen espirityèl tout moun diferan. Si w gen 35 oswa 85 an e ou gen yon dezi, pale avèk evèk ou konsènan resevwa benediksyon ou.

Nouvo manm Legliz yo, èske nou tande pale de benediksyon patriyakal? Mwen pa t konn anyen sou opòtinite pou m te resevwa youn lè m te antre nan Legliz la, men evèk byeneme m nan te pale m de benediksyon patriyakal epi l te ankouraje m pou m te prepare m pou m te resevwa pa m nan apre m te fin batize. Chè nouvo manm mwen yo, nou ka resevwa yon benediksyon patriyakal tou. Senyè a ap ede nou prepare pou opòtinite sakre sa a.

Ann konsidere de rezon pou yon benediksyon patriyakal:

  1. Yon benediksyon patriyakal gen konsèy pèsonèl Senyè a ba ou.2

  2. Yon benediksyon patriyakal deklare lineyaj ou nan kay Izrayèl la.

Benediksyon patriyakal ou a se yon mesaj Papa nou ki nan Syèl la epi l ap gen ladan l pwomès ak konsèy enspire pou gide w pandan tout lavi ou. Yon benediksyon patriyakal pa pral trase chemen lavi ou oswa reponn tout kesyon ou genyen. Si li pa mansyone yon evènman lavi enpòtan, pa pran sa kòm si l vle di ou pa pral gen opòtinite sa a. Menm jan an tou, pa gen okenn garanti ke tout bagay ki nan benediksyon ou a ap reyalize nan lavi sa a. Yon benediksyon patriyakal etènèl, epi si w ap viv diy, pwomès ki pa akonpli nan lavi sa a, yo pral akòde w yo nan pwochen an.3

Lè w resevwa yon deklarasyon sou lineyaj ou, w ap vin konnen ke w soti nan kay Izrayèl la epi w se yon desandan Abraram.4 Pou konprann siyifikasyon bagay sa a, konsantre w sou pwomès Senyè a te fè kay Izrayèl la atravè Abraram.

Pwomès sa yo enkli:

  • “Posterite li t ap anpil (gade Jenèz 17:5–6; Abraram 2:9; 3:14).

  • “Pitit pitit li yo, oswa desandan l yo, t ap resevwa levanjil la epi detni Prètriz la (gade Abraram 2:9).

  • “Atravè ministè pitit li, ‘tout fanmi ki sou tè a [t ap] beni, menm avèk benediksyon Levanjil la, ki se benediksyon delivrans yo, menm lavi etènèl’ (Abraram 2:11.”5

Antanke manm Legliz la, nou se pitit alyans lan.6 Nou resevwa benediksyon alyans Abraramik yo si nou obeyi lwa ak òdonans levanjil yo.

Preparasyon pou benediksyon patriyakal ou ap ede w ogmante lafwa w nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Epi lè w resevwa benediksyon patriyakal ou epi w li ak medite sou li, ou ka konsantre sou Yo pi souvan.

Prezidan Thomas S. Monson te eksplike, “Menm Senyè a ki te bay yon Liahona pou Leyi a bay oumenm avèk mwen jodi a yon kado ki ra ak valab pou nou dirije lavi nou, pou make danje pou sekirite nou yo, epi trase wout la, menm pasaj ki an sekirite—non pa nan pou al nan yon tè pwomiz, men pou n al nan fwaye selès nou.”7

Chè evèk, paran, prezidan kowòm ansyen ak prezidant Sosyete Sekou m yo, dirijan misyon pawas yo, frè ak sè sèvis pastoral yo, tanpri ankouraje jènjan ak jènfi, manm adilt, ak nouvo manm ki poko resevwa benediksyon patriyakal yo pou yo chèche direksyon Senyè a ak èd pou prepare tèt yo pou yo fè sa.

Mwen souvan li benediksyon patriyakal mwen nan yon espri lapriyè; li toujou ban m ankourajman. Mwen rekonèt sa Senyè a atann de mwen, e sa ede m repanti epi vin enb. Lè m li ak medite li, mwen vle viv diy pou m resevwa benediksyon li pwomèt yo.

Menm jan gen ekriti nou li anpil fwa ki vin gen nouvo siyifikasyon pou nou nan apre a, se menmjan tou benediksyon patriyakal nou an ap gen yon lòt siyifikasyon pou nou nan moman diferan. Pa m nan gen yon siyifikasyon diferan kounyea pase jan l te genyen l lè m te gen 30 an ak lè mwen te gen 50 an. Se pa ke mo yo chanje, men nou wè yo nan yon fason diferan.

Prezidan Dallin H. Oaks te deklare ke yon benediksyon patriyakal “resevwa sou enspirasyon Sentespri a epi nou dwe li l ak entèprete l anba enfliyans menm Lespri sa a. Sans ak siyifikasyon yon benediksyon patriyakal ap anseye w liy sou liy nan kous tan an pa pouvwa menm Lespri ki te enspire [l] la.”8

Frè m ak sè m yo, m rann temwayaj mwen ke Papa nou ki nan Syèl la ak Sèl Pitit Gason Byeneme l la, Senyè a Jezikri, vivan. Yo renmen nou. Benediksyon patriyakal se kado sakre Yo ba nou. Lè w resevwa benediksyon w lan, w ap reyalize epi santi jan Yo renmen w ak fason Yo konsantre sou ou endividyèlman.

Liv Mòmon An se Yon Lòt Temwayaj Konsènan Jezikri. E, mwen rekonesan dèske yon pwofèt vivan ap dirije m, Prezidan Russell M. Nelson.

Mwen vrèman rekonesan pou Sovè nou an, Jezikri. Dimanch Pak sa a mwen pral konsantre sou li ak sou Rezirèksyon L la epi adore Li epi remèsye Li pou sakrifis Li a. Mwen konnen Li te soufri pwofondman paske Li renmen nou pwofondman. Mwen konnen Li te resisite poutèt lanmou Li pou nou. Li reyèl. Mwen temwaye konsènan sa nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Manyèl Enstriksyon Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 18.17, ChurchofJesusChrist.org.

  2. Gade “Benediksyon Patriyakal yo,” nan Ankre nan Lafwa (2004), 112.

  3. Gade “Benediksyon Patriyakal yo,” nan Ankre nan Lafwa, 113.

  4. Gade Abraram 2:10

  5. Alyans Abraramik,” an Ankre nan Lafwa, 5.

  6. Gade 3 Nefi 20:25–26.

  7. Thomas S. Monson, “Benediksyon Patriyakal ou: Yon Lyawona Limyè,” Ensign, Nov. 1986, 65.

  8. Dallin H. Oaks, “Benediksyon Patriyakal,” Reyinyon Fòmasyon Lidèchip Mondyal: Patriyach la, 8 janvye 2005, 10.