Konferans Jeneral
Senyè a Jezikri Anseye Nou pou Nou Sèvi
Konferans jeneral avril 2023


Senyè a Jezikri Anseye Nou pou Nou Sèvi

Avèk èd Sovè a, nou kapab renmen brebi presye L yo epi sèvi yo jan Li t ap fè sa.

Senyè a, Jezikri te di:

“Mwen se bon bèje a, Bon Bèje a bay lavi li pou mouton yo.”

“Jan Papa a konnen m, mwen konnen Papa a: e mwen bay lavi m pou mouton yo.”1

Nan vèsyon Grèk ekriti sa a, mo pou bon an vledi “bèl, mayifik.” tou. Konsa jodia, mwen vle pale konsènan Bon Bèje a, Bèl Bèje a, Bèje Mayifik a, ki se Jezikri.

Nan Nouvo Testaman an, yo rele Li “gran bèje,”2 “chèf bèje,”3 a ak “Bèje ak Evèk nanm [nou].”4

Nan Ansyen Testaman an, Ezayi te ekri ke “L ap nouri twoupo li a tankou yon bèje.”5.

Nan Liv Mòmon an, li rele “bon bèje a”6 ak “gran ak vrè bèje a.”7.

Nan Doktrin ak Alyans, Li deklare, “Se poutèt sa, M nan mitan nou, epi m se bon bèje a.”,8

Nan epòk pa nou an, Prezidan Nelson te deklare: “Bon Bèje a jantiman pran swen tout monton nan twoupo L la, epi nou tout se vrè asistan bèje Li. Privilèj nou se pou nou pote lanmou Li epi ajoute pwòp lanmou pa nou bay zanmi ak pwochen nou—bayo manje, pran swen yo, epi nouri yo—menmjan Sovè a t ap fè l.”9

Sa pa fè lontan, Prezidan Nelson te eksplike: “Mak fabrik vrè Legliz vivan an ap toujou yon efò òganize, ki dirije pou sèvi tout pitit Bondye yo endividyèlman ansanm avèk fanmi yo. Paske se Legliz Li, noumenm, antanke sèvitè Li, n ap sèvi moun yo youn pa youn, jan l te fè a. N ap sèvi nan non Li, avèk pouvwa ak otorite Li, epi avèk bonte eman Li.”10

Lè Farizyen ak eskrib yo te plenyen kont Senyè a, kote yo te di, “Nonm sa a ap resevwa moun k’ap fè sa ki mal, epi l’ap manje ak yo,”11 Li te reponn kote L te prezante twa bèl istwa ke nou vin konnen kòm parabòl brebi pèdi a, parabòl pyès lajan pèdi a, ak parabòl anfan pwodig la.

Sa enteresan pou remake ke lè Lik, ekriven Levanjil la ap entwodui twa istwa yo, li itilize mo parabòl la osengilye, e pa opliryèl12 Sanble ke Senyè a ap ansenye yon leson unique avèk twa istwa—istwa ki prezante diferant nimewo, 100 brebi, 10 pyès lajan, ak 2 pitit gason.

Men, mimewo ki pi enpòtan nan chak istwa sa yo, se nimewo enan. Epi, yon leson nou dwe tire nan nimero sa a sèke ou ka yon asistan bèje pou 100 ansyen ak fiti ansyen nan kowòm ansyen w lan, oubyen yon konseye pou 10 jènfi, oswa yon enstriktè pou 2 timoun primè, men ou dwe toujou sèvi yo, pran swen yo, epi renmen yo youn pa youn endividyèlman. Pa janm di, “Ala yon brebi ensanse,” oubyen “Apretou, mwen pa reyèlman bezwen pyès lajan sa a,” oubyen “Ala yon pitit gason rebèl.” Si oumenm avèk mwen genyen “lanmou pi Kris la,”13 avèk nou, noumenm, tou tankou mesye a nan istwa brebi pèdi a, n ap “kite katreven diznèf yo … epi nou prale dèyè sa ki pèdi a, jiskaske, [… jiskaske … jiskaske nou] jwenn li.”14 Oubyen tankou fi a nan istwa pyès lajan pèdi a, n ap “limen yon balèn, epi bale kay la epi, epi chèche ak dilijans, [… dilijans] jiskaske, [… jiskaske … jiskaske nou] jwenn li.”15, Si nou gen “lanmou pi Kris la,” avèk nou, n ap suiv egzanp papa a nan istwa anfan pwodig la, ki, lè pitit gason l la “te byen byen lwen, [li] te wè li, epi li te gen konpasyon epi li te kouri, epi anbrase li epi bo li.”16.

Èske nou ka santi ijans ki te nan kè mesye a ki te pèdi yon sèl brebi l la? Oswa panik nan kè fi a ki te pèdi yon sèl pyès lajan l lan? Oswa gran lanmou ak konpasyon nan kè papa anfan pwodig la?

Madanm mwen, Maria Isabel, avèk mwen te sèvi nan Amerik Santral, nou te rete nan Vil Guatemala. Kote sa a mwen te gen opòtinite pou m te rankontre Julia, yon manm fidèl Legliz la. Mwen te santi m pouse pou m te mande l pale m de fanmi li. Manman li te mouri ak kansè an 2011. Papa li sete yon dirijan fidèl nan pieu a, ki te sèvi kòm evèk epi kòm konseye prezidan pieu l la pandan plizyè ane. Li te yon vrè asistan bèje pou Senyè a. Julia te rakonte m tou efò li pou l te vizite, pran swen ak sèvi. Li te pran plezi nan nouri ak pran swen brebi presye Senyè a yo. Li te remarye epi l te rete aktif nan Legliz la.

Kèk ane apre, li te vin divòse e kounyea li te vin oblije ale legliz poukont li yon fwa ankò. Li pa t santi l te nan plas li epi l te santi ke kèk moun t ap kritike l akoz divòs li a. Li te sispann ale legliz pandan ke yon espri negatif te ranpli kè li.

Julia te pale byen de asistan bèje mèveye sa a, ki sete yon nonm ki te travay di, ki te eman e plen konpasyon. Mwen sonje byen klè ke yon santiman ijans te desann sou mwen pandan l t ap dekri l la. Mwen jis te anvi fè yon bagay pou mesye sa a, yon moun ki te fè anpil pou sitèlman anpil moun pandan tout ane sa yo.

Li te banmwen nimewo telefòn selilè li epi mwen te kòmanse rele l, ak espwa pou m te gen chans pou m te rankontre l pèsonèlman. Apre plizyè semèn ak anpil, anpil apèl telefòn san siksè, yon jou li te finalman reponn telefòn nan.

Mwen te di l ke m te rankontre Julia, pitit fi l la, epi mwen te kaptive pa fason li te sèvi, pran swen, ak renmen mouton presye Senyè a yo pandan si anpil ane. Li pa t atann a yon kòmantè konsa. Mwen te di l ke m te reyèlman vle rankontre l pèsonèlman, fas a fas. Li te mande m ki objektif mwen nan pwopoze yon reyinyon konsa. Mwen te reponn, “Mwen vrèman vle rankontre papa yon dàm mèveye konsa.” Epi, pandan kèk segonn, te gen silans nan telefòn nan—kèk segonn ki te sanble pou mwen tankou yon etènite. Li tou senpleman di, “Ki lè e ki kote?”

Jou m te rankontre l la, mwen te envite li pou l te pataje avèk mwen kèk nan eksperyans li te fè lè l te konn ap vizite, pran swen ak sèvi brebi presye Senyè a yo. Pandan li t ap rakonte kèk istwa touchan, mwen te remake ke ton vwa li te chanje epi menm espri li te santi pandan si anpil fwa lè l te asistan bèje a te retounen. Kounyea je l te ranpli ak dlo. Mwen te konnen sete bon moman an pou mwen, men mwen te reyalize ke m m pa t konn kisa pou m te di. Mwen te priye nan lespri mwen, “Papa, ede mwen.”

Toutakou, mwen te tande m k ap di, “Frè Florian, antanke yon sèvitè Senyè a, mwen eskize m paske nou pa t la pou ou. Silvouplè, padone nou. Banou yon lòt chans pou nou montre w ke nou renmen ou. Ke nou bezwen ou. Ke ou enpòtan pou nou.”

Nan Dimanch pwochen li te retounen. Li te fè yon gran konvèsasyon avèk evèk li epi l te rete aktif. Kèk mwa apre, li te mouri—men li te retounen. Li te retounen. Mwen temwanye ke avèk èd Sovè a, nou kapab renmen mouton presye L yo epi sèvi yo jan Li t ap fè sa. Epi konsa, kote sa a, nan Vil Guatemala a, Senyè a, Jezikri te mennen yon brebi presye anplis retounen nan twoupo L la. E Li te ansenye m yon leson sou sèvi ke mwen paka bliye Nan non Bon Bèje a, Bèl Bèje a, Bèje Mayifik la, ki se Senyè a, Jezikri, amèn.