Konferans Jeneral
Èske W Konnen Poukisa Mwenmenm Kòm yon Kretyen mwen Kwè nan Kris?
Konferans jeneral avril 2023


Èske W Konnen Poukisa Mwenmenm Kòm yon Kretyen mwen Kwè nan Kris?

Jezikri te oblije soufri, mouri epi leve ankò pou rachte tout limanite anba lanmò fizik ak pou bay lavi etènèl avèk Bondye.

Yon jou swa apre m te fin travay, mwen te monte nan bis abityèl mwen an soti Nouyòk pou m t al New Jersey. Fi m te chita bò kote l la te remake sa m t ap ekri sou òdinatè m nan epi li te mande m, “Ou kwè nan … Kris?” Mwen te di, “Wi, Mwen kwè!” Pandan nou t ap pale, mwen te aprann ke l te fèk vin rete nan zòn nan soti nan bèl peyi Azyatik li a pou l te vin travay nan sektè teknoloji enfòmasyon konpetitif Nouyòk la.

Natirèlman, mwen te mande li: “Èske W Konnen Poukisa Mwenmenm Kòm yon Kretyen Mwen Kwè nan Kris?” Limenm tou li te reponn nòmalman epi li te envite m pou m te di l poukisa. Men, pandan m t apral pale, mwen te gen youn nan moman sa yo kote anpil panse inonde lespri nou an. Sete premye fwa m t apral eksplike “rezondèt” Krisyanite a bay yon moun ki pa t abitye avèk sa epi ki te trè entèlijan. Mwen pa t kapab di tou senpleman, “Mwen suiv Jezikri paske Li te chwazi pou L te soufri ak mouri pou peche mwen.” Petèt li t apral mande tèt li, “Èske Jezi te oblije mouri? Èske Bondye pa t kapab senpleman padone epi netwaye nou anba peche nou si nou te mande Li?”

Kijan w t ap reponn kesyon nan kèlke minit sèlman? Kijan w t ap eksplike yon zanmi w sa? Timoun ak jèn yo: tanpri, èske n ka mande paran nou oswa yon dirijan pita, “Poukisa Jezi te oblije mouri?” Epi, frè m ak sè m yo, mwen gen yon konfesyon pou m fè: malgre tout sa m te panse mwen te konnen sou doktrin, istwa, politik Legliz la, elatriye, repons pou kesyon santral sa a sou lafwa nou an pa t vini fasilman. Jou sa a, mwen te deside konsantre plis sou sa k pi enpòtan pou lavi etènèl yo.

Ebyen, mwen te enfòme nouvo zanmi m nan1 ke nou gen yon lespri anplis de kò a epi Bondye se Papa lespri nou.2 Mwen te di l nou te viv avèk Papa nou ki nan Syèl la anvan nou te fèt nan mond mòtèl sa a.3 Paske Li renmen li ak tout pitit Li yo, Li te fè yon plan pou nou resevwa yon kò nan imaj kò glorifye L la,4 fè pati yon fanmi,5 epi retounen nan prezans eman Li pou nou jwi lavi etènèl avèk fanmi nou,6 menmjan Li fè avèk fanmi Li.7 Men, mwen te di l, nou t ap rankontre de obstak prensipal nan mond nesesèman dechi sa a:8 (1) lanmò fizik—separasyon kò nou avèk lespri nou. Natirèlman, li te konnen nou tout t ap mouri. Epi (2) lanmò espirityèl—separasyon noumenm avèk Bondye paske peche, erè, ak defo nou yo kòm mòtèl elwanye nou soti nan prezans sakre Li.9 Li te dakò avèk sa tou.

Mwen te eksplike l ke sete yon efè lwa jistis la. Lwa etènèl sa a mande peman yon penalite etènèl pou chak peche nou, oswa vyolasyon sou lwa oswa verite Bondye yo, san sa nou pa t ap janm kapab retounen viv nan prezans sen Li.10 Sa t ap enjis, epi Bondye “pa kapab nye lajistis.”11 Li te konprann sa, men li te byen fasil konprann tou ke Bondye gen mizèrikòd, Li eman epi Li vle pou l banou lavi etènèl.12 Mwen te enfòme zanmi m nan ke nou t ap gen yon advèsè rize ak puisan tou—sous sa ki mal ak mansonj—k ap opoze nou.13 Konsa, yon moun ki gen pouvwa enfini Bondye pou simonte tout opozisyon ak obstak sa yo t ap bezwen sove nou.14

Apre sa, mwen te pataje bon nouvèl la avèk li—“bòn nouvèl ki pote gwo lajwa … pou tout moun”15—ke “Bondye sitèlman renmen mond lan, li te bay sèl Pitit li a, pou tout moun ki kwè nan li p ap peri, men pou yo gen lavi ki p ap janm fini an.”16 Mwen te temwaye bay zanmi m nan, e m temwaye ba nou, ke Jezikri se Sovè sa a, ke Li te oblije soufri, mouri, epi leve ankò—Ekspyasyon enfini L la—pou rachte tout limanite anba lanmò fizik17 epi pou L bay lavi etènèl avèk Bondye ak fanmi nou18 pou tout moun ki suiv Li. Liv Mòmon an deklare: “Se konsa, Bondye … te gen viktwa sou lanmò; li pral bay Pitit Gason an pouvwa pou l plede pou pitit lèzòm … ; zantray li plen [mizèrikòd ak] konpasyon … ; Li kase kòd lanmò, li pran inikite ak transgresyon yo sou tèt pa l, li rachte yo, epi li satisfè egzijans lajistis yo.”19

Etap Bondye revele ke nou dwe pran pou nou suiv Jezi epi resevwa lavi etènèl yo rele doktrin Kris la. Yo enkli “lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan, repantans, batèm [nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo], resevwa don Sentespri a, ak pèsevere jiska lafen.”20 Mwen te pataje etap sa yo avèk zanmi m nan, men, men kèk fason kote pwofèt yo ak apot yo te fèk anseye kijan doktrin Kris la kapab beni tout pitit Bondye yo.

Prezidan Russell M. Nelson te enstwi: “Doktrin pi Kris la puisan. Li chanje lavi tout moun ki konprann li epi k ap chèche aplike l nan lavi yo.”21

Èldè Dieter F. Uchtdorf te ansenye, “[Gid] Pou Fòs Jèn yo [nan] byen klè nan deklare doktrin … Kris la [epi] li envite noumenm [jèn yo] pou nou fè chwa ki baze sou [li].”22

Èldè Dale G. Renlund anseye, “Nou envite misyonè yo pou yo fè sa yo mande moun y ap anseye yo fè:… aplike doktrin Kris la nan lavi yo [epi] antre epi rete sou chemen alyans lan.”23

Doktrin Kris la bay moun k ap lite oubyen ki santi yo pa nan plas yo nan Legliz la fòs paske li ede yo, jan Èldè D. Todd Christofferson te deklare a: “afime ke: Jezikri te mouri pou mwen … [epi] Li renmen mwen.”24

Paran, si pitit ou ap lite avèk yon prensip levanjil oswa ansèyman pwofèt, tanpri reziste anba tout kalite fòm pale mal25 oswa aktivite militan anvè Legliz la oswa dirijan l yo. Apwòch pwofàn ak rabesan sa yo pa diy de ou epi yo ka danjere pou fidelite alontèm pitit ou a.26 Sa pale sitèlman byen de ou lè w pwoteje oswa defann pitit presye w la oubyen montre siy solidarite avèk li. Men, madanm mwen, Jayne, avèk mwen konnen pa eksperyans pèsonèl ke anseye pitit byeneme w la poukisa nou tout dezespereman bezwen Jezikri ak kijan pou l aplike doktrin jwaye L la, se sa ki pral fòtifye l ak geri li. Annou dirije yo bay Jezi, ki se vrè defansè yo devan Papa a. Apot Jan te anseye: “Nenpòt moun ki … rete nan doktrin Kris la … genyen ni Papa a ni Pitit Gason an.” Apre sa, li te avèti nou pou nou fè atansyon ”si nenpòt vin jwenn ou, epi l pa pote doktrin sa a.”27

Dènyèman, Jayne avèk mwen te vizite dezè kote Moyiz te leve yon sèpan eren devan pitit Izrayèl yo ki t ap ere a. Senyè a te pwomèt pou L geri tout moun koulèv anpwazonnen yo te mòde si yo te tou senpleman gade li.28 Nan leve doktrin Kris la devan nou, pwofèt Senyè a ap fè menm bagay la tou, “pou l ka geri nasyon yo.”29 Kèlkeswa mòde oswa pwazon oswa lit n ap fè eksperyans nan dezè mòtalite sa a, annou pa reyaji tankou moun ki, nan tan ansyen yo ak kounye a, te kapab geri men, malerezman, yo “p at vle gade … paske yo pa t kwè li t ap geri yo.”30 Liv Mòmon an afime: “Epi kounyeya, frè byenneme m yo, se chemen an sa; e pa gen okenn lòt chemen ni okenn lòt non anba syèl la ki kapab sove lèzòm nan wayòm Bondye a. Epi, gade, sa se doktrin Kris la.”31

Jou swa sa a nan New Jersey a, pataje poukisa nou bezwen Jezikri ak doktrin Li an te ban m yon nouvo sè epi sa te bay limenm yon nouvo frè. Nou te santi temwayaj pezib ak konfiman Sentespri a. Natirèlman, mwen te envite l pou l te ban m nimewo kontak li pou l te ka kontinye konvèsasyon an avèk misyonè nou yo. Li te kontan fè sa.

“Se poutèt sa, li enpòtan anpil pou fè abitan tè a konnen bagay sa yo,” Liv Mòmon an deklare—pou nou renmen, pataje ak envite32 pandan n ap rasanble Izrayèl nan tout kominote nou yo ak nan fanmi nou—“pou yo kapab konnen ke pa gen lachè ki ka demere nan prezans Bondye, si se pa atravè merit, ak mizèrikòd, ak gras [ak doktrin] Sen Mesi a.”33. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Mwen chwazi pa pibliye non zanmi m nan ni itilize yon fo non.

  2. Gade Women 8:15–17; Ebre 12:9; Doktrin ak Alyans 88:15.

  3. Gade Jeremi 1:4–5; Doktrin ak Alyans 138:55–56; Abraram 3:22–23, 26; Gid Ekriti yo: “Lavi premòtèl,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; “Leson 2: Plan Sali a,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè (2019), 48.

  4. Gade “Leson 2: Plan Sali a,” Preche Levanjil Mwenan, 48.

  5. Plan pafè Papa a —ke yo rele gran plan bonè a, plan sali a, ak plan redanmsyon an, pami lòt referans—òganize yon fason pou tout moun ki vini nan mòtalite a nesesèman fè sa nan yon fanmi, epi tout moun fè pati yon fanmi. Natirèlman, se pa tout sikonstans familyal ki ideyal oswa ann akò avèk vizyon eman Papa nou pou tout pitit Li yo, epi gen kèk sikonstans ki trajik. Sepandan, si nou viv doktrin Kris la, Jezikri ap ede nou resevwa tout benediksyon Papa a genyen pou pitit Li yo atravè plan mizèrikòdye ak inivèsèl Li a. Gade referans 6 tou.

  6. Youn nan pi gwo pwomès Bondye fè pitit Li yo se pi gran nan tout kado Li pou nou tou: egzaltasyon, oswa lavi etènèl, ki se viv etènèlman “nan prezans Bondye epi kontinye antanke fanmi” (Sijè Levanjil yo, “Lavi Etènèl,” topics.ChurchofJesusChrist.org; gade tou Doktrin ak Alyans 14:7). “Fanmi” enkli mari, madanm, ak pitit, osi byen ke fanmi vivan ak fanmi ki mouri nou yo ki aksepte epi viv doktrin Kris la. Manm fanmi ki mouri deja yo ki nan mond dèzespri a ki pa t kapab anbrase doktrin Kris la nan lavi sa a, yo ka fè sa nan mond dèzespri a lè òdonans tankou batèm, resevwa don Sentespri a, ak lòt ki ede nou pèsevere jiska lafen yo akonpli avèk amou pa pwokirasyon pou yo, pa fanmi vivan, nan tanp Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Anplis de sa, pwomès lavi etènèl la se pa sèlman pou moun ki marye nan lavi sa a. Prezidan M. Russell Ballard te anseye: “Ekriti yo ak pwofèt dènye jou yo konfime ke tout moun ki fidèl nan kenbe alyans levanjil yo ap gen opòtinite pou egzaltasyon” (“Esperans nan Kris la,” Liahona, Me 2021; italik ajoute). Prezidan Ballard te kontinye ak sitasyon Prezidan Russell M. Nelson ak Prezidan Dallin H. Oaks, “Lè egzak ak fason egzak benediksyon egzaltasyon yo akòde a pa revele, men sepandan yo asire” (“Esperans nan Kris la,” 55; italik ajoute). Prezidan Nelson te anseye: “Nan fason Senyè a ak nan pa Li, Li p ap refize Sen fidèl Li yo okenn [benediksyon]. Senyè a ap jije ak rekonpanse chak moun selon dezi kè yo osibyen ke selon zèv yo”. (”Maryaj Selès,” Liahona, Nov. 2008, 94). Epi Prezidan Oaks te eksplike, “Anpil nan privasyon mòtalite a ki pi enpòtan yo pral fikse nan milenyòm nan, ki se tan pou akonpli tout sa ki pa konplè nan gran plan bonè a pou tout pitit Papa nou ki diy yo” (“Gran Plan Bonè a,” Ensign, Novanm 1993, 75). Gade referans 5 tou.

  7. Gade Gid Ekriti yo, “Plan Redanmsyon,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; gade tou Sijè Levanjil yo, “Plan Sali a,” topics.ChurchofJesusChrist.org; “Leson 2: Plan Sali a,” Preche Levanjil Mwen an, 48–50, 53.

  8. Gade “Leson 2: Plan Sali a,” Preche Levanjil Mwen an, 49.

  9. Gade “Leson 2: Plan Sali a,” Preche Levanjil Mwen an, 47–50.

  10. Gade “Leson 2: Plan Sali a,” Preche Levanjil Mwen an, 47–50.

  11. Mozya 15: 27. Referans sou jistis etènèl oswa jistis Bondye yo an abondans nan ekriti yo, men gade patikilyèman Alma 41:2–8 ak Alma 42.

  12. Gade Alma 42:14–24; Moyiz 1:39.

  13. Gade “Leson 2: Plan Sali a,” Preche Levanjil Mwen an, 47–50.

  14. Gade Alma 34: 9–13; gade tou Mozya 13:28, 34–35; 15:1–9; Alma 42:15.

  15. Lik 2:10.

  16. Jan 3:16.

  17. Gade Elaman 14:15–17; Mòmon 9:12–14.

  18. Gade referans 5 ak 6.

  19. Mozya 15:8–9.

  20. Ki Objektif mwen kòm misyonè?,” Preche Levanjil Mwen an, 1; gade tou “Lesson 3: Levanjil Jezikri a,” Preche Levanjil Mwen an, 63.

  21. Russell M. Nelson, “Verite Pur, Doktrin Pur, ak Revelasyon Pur,” Liahona, Nov. 2021, 6; italik ajoute.

  22. Dieter F. Uchtdorf, “Jezikri se Fòs Jèn yo,” Liahona, Nov. 2022, 11; gade tou Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022), 4.

  23. Dale G. Renlund, “Konvèsyon Alontèm Misyonè yo” (diskou ki te bay nan seminè dirijan misyon an, 25 Jen, 2021), 1, Libreri Istwa Legliz la, Salt Lake City.

  24. D. Todd Christofferson, “Doktrin Apatenans lan,” Liahona, Nov. 2022; gade tou D. Todd Christofferson, “Lajwa Sen yo,” Liahona, Nov. 2019, 15–18.

  25. Gade Jak 4:11; Doktrin ak Alyans 20:54; Gid Ekriti yo, “Pale Mal/Medizans,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

  26. Gade Ahmad S. Corbitt, “Activism vs. Disip: Pwoteje Vayan an” (diskou ki te bay nan seminè prèt yo, Okt. 2022), cdn.vox-cdn.com/uploads/chorus_asset/file/24159863/Brother_Corbitt_Chaplain_seminar.pdf; video: media2.ldscdn.org/assets/general-authority-features/2022-chaplain-training-seminar/2022-10-1000-activism-vs-discipleship-1080p-eng.mp4.

  27. 2 Jan 1:9–10.

  28. See Nonm 21:5–9.

  29. 2 Nefi 25:20.

  30. Alma 33:20

  31. 2 Nefi 31:21

  32. Gade “2021 Retransmisyon: Prensip Lanmou, Pataje, ak Envite,” broadcasts.ChurchofJesusChrist.org; gade tou Gary E. Stevenson, “Renmen, Pataje, ak Envite,” Liahona, Me 2022, 84–87.

  33. 2 Nefi 2:8.