Konferans Jeneral
Pa Janm Neglije yon Opòtinite pou Temwaye de Kris la
Konferans jeneral avril 2023


Pa Janm Neglije yon Opòtinite pou Temwaye de Kris la

Vrè lajwa nou repoze sou dispozisyon nou pou nou vin pi pwòch Kris la ak temwaye pou tèt pa nou.

Senkan de sa jodi a, nou te leve men nou pou nou te soutni pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, kòm Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo―pòtpawòl Senyè a pou sezon remakab kwasans ak revelasyon sa a. Atravè li, nou te resevwa envitasyon inonbrab epi nou te jwen pwomès benediksyon glorye si nou santre lavi nou sou Sovè nou an, Jezikri.

An 2011, pandan m t ap sèvi avèk mari m kòm dirijan misyon nan bèl vil Curitiba a, nan Brezil, telefòn mwen te sonnen pandan yon reyinyon. Pandan m t ap depeche m pou m te sispann bri a, mwen te remake ke se te papa m ki t ap rele m. Mwen te kite reyinyon an byen vit pou m te reponn: “Bonjou, papa!”

Etranjman, vwa l te ranpli avèk emosyon: “Bonjou, Bonnie. Mwen bezwen di w yon bagay. Mwen fèk aprann ke m gen ALS (maladie de Charcot).”

Lespri m te plen konfizyon, “Rete tann! Kisa ALS ye?

Papa m te deja kòmanse eksplike, “Lespri m ap rete vijilan pandan ke kò m ap sispann fonksyone tou dousman.”

Mwen te santi tout mond mwen sakaje lè m te kòmanse reflechi sou enplikasyon nouvèl grav sa a. Men, nan jou inoubliyab sa a, se te dènye fraz li a ki te jwenn yon plas pèmanan nan kè mwen. Papa m te di avèk ensistans: “Bonnie, pa janm neglije yon opòtinite pou w temwaye de Kris la.”

Mwen te medite e m te priye sou konsèy papa m nan anpil. Byen souvan, mwen te konn mande tèt mwen si m te vrèman konnen kisa sa vle di pou m pa janm neglije yon opòtinite pou m temwaye de Jezikri.

Menm jan avèk ou, mwen te detanzantan kanpe jou premye Dimanch mwa a pou m temwaye de Kris la. Anpil fwa mwen temwaye konsènan verite levanjil yo kòm yon pati nan yon leson. Mwen konn klèman anseye laverite epi deklare divinite Kris la kòm yon misyonè.

Poutan, siplikasyon sa a te sanble l pi pèsonèl! Sete kòmsi li t ap di, “Bonnie, pa kite mond lan gen viktwa sou ou! Rete fidèl nan alyans ou avèk Sovè a. Chèche fè eksperyans benediksyon L yo chak jou, epi toujou pare pou ke atravè Sentespri a, ou temwaye de pouvwa Li ak prezans Li nan lavi ou!”

N ap viv nan yon monn dechi, avèk distraksyon ki rale je nou ak kè nou desann olye pou yo ta elve nou pi wo. Menm jan avèk Nefit yo nan 3 Nefi 11lan, nou bezwen Jezikri. Èske w ka imajine tèt ou nan epòk sa a, pami moun ki te fè eksperyans si anpil boulvèsman ak destriksyon konsa? Kisa w t ap santi si w ta pèsonèlman tande envitasyon Senyè a:

“Avanse leve vin jwenn mwen, pou nou kapab mete men nou bò kòt mwen, epi tou pou nou kapab touche mak klou yo nan men m ak nan pye m, pou nou kapab konnen m se … Bondye tout tè a, e m te mouri pou peche mond lan.

“Epi … foul la te avanse … yonn apre lòt … epi yo te wè avèk je yo, e yo te touche avèk men yo, epi yo te konnen … epi yo te konnen pou tèt pa yo.”1

Nefit sa yo te avanse avèk anpresman pou yo te mete men yo nan bò kòt Li epi pou yo te santi mak klou yo nan pye Li, pou yo te ka temwen pou tèt pa yo ke se te Kris la. Menm jan an tou, gen anpil moun fidèl nou te etidye nan Nouvo Testaman an ane sa a ki t ap tann avèk enpasyans pou Kris la te vini. Lè sa a, yo te kite jaden yo, travay yo, ak tab dine epi yo epi yo te suiv Li, yo te ransanble bò kote Li, yo te antoure Li, epi chita avèk Li. Èske nou vrèman anvi pou nou wè pou tèt pa nou, menm jan ak foul moun nan nan ekriti yo? Èske benediksyon n ap chèche yo mwens enpòtan pase pa yo a?

Lè Kris la te fizikman vizite Nefit yo nan tanp yo a, envitasyon Li se pa t pou yo te kanpe a distans epi gade Li, men sete pou yo te vin touche L, pou yo te santi pou tèt pa yo ke L sete reyèlman t Sovè limanite a. Ki jan n ka pwoche ase pou nou rive jwenn yon temwayaj pèsonèl de Jezikri? Sa petèt fè pati de sa papa m t ap eseye anseye m nan. Pandan ke nou gendwa pa osi fizikman pwòch de Kris la menmjan avèk moun yo ki te mache avèk Li pandan ministè Li sou tè a, atravè Sentespri a, nou ka fè eksperyans pouvwa Li chak jou! Otan nou bezwen!

Jènfi yo atravè mond lan te anseye m anpil sou chèche Kris la ak jwenn yon temwayaj kotidyen ak pèsonèl de Li chak jou. Kite m pataje sajès de nan yo:

Livvy te gade konferans jeneral tout lavi li. Anfèt, lakay li tradisyonèlman yo te konn gade tout senk sesyon yo an fanmi. Nan tan lontan, konferans pou Livvy te vle di fè ti desen oubyen fè ti kabicha san entansyon tanzantan. Men, konferans jeneral Oktòb ki sot pase a te diferan. Li te vin pèsonèl.

Fwa sa a, Livvy te deside pou l te yon moun ki t ap koute avèk atansyon. Li te etenn notifikasyon sou telefòn li epi li te pran nòt sou enpresyon l te resevwa nan men Lespri a. Li te sezi lè l te santi bagay byen presi Bondye te vle l te tande e pou l fè. Desizyon sa a te fè yon diferans nan lavi l prèske imedyatman.

Kèk jou apre, zanmi l yo te envite l al gade yon fim ki pa t apwopriye. Li te di: “Mwen te santi pawòl ak lespri konferans la retounen nan kè mwen, epi m te tande tèt mwen k ap refize envitasyon yo a.” Li te gen kouraj tou pou l te pataje temwayaj li konsènan Sovè a nan pawas li.

Apre evènman sa yo, li te deklare: “Bagay etonan an sèke, lè m te tande tèt mwen ap temwaye ke Jezi se Kris la, mwen te santi Sentespri a konfime l ankò pou mwen.”

Livvy pa t kontante l sèlman pou l te prezan ak atantif nan wikenn konferans lan; li te plonje ladan l, nan panse ak nan lespri, epi li te jwenn Sovè a la.

Epi apre sa, gen Maddy. Lè fanmi l te sispann al legliz, Maddy te ranpli konfizyon e li pa t konnen kisa pou l te fè. Li te reyalize ke li te manke yon bagay ki enpòtan. Se sa k fè, lè l te gen 13 an, Maddy te kòmanse al legliz poukont li. Menm si sa te pafwa difisil ak malalèz pou l te rete poukont li, li te konnen ke li te ka jwenn Sovè a nan legliz la epi l te vle kote Sovè a te ye. Li te di: “Nan legliz la, nanm mwen te santi tankou l te lakay li.”

Maddy te akwoche l sou lefèt ke fanmi l te sele ansanm pou letènite a. Li te kòmanse mennen ti frè l yo avèk li nan legliz la epi l te kòmanse etidye ekriti avèk yo lakay li. Finalman, manman l te kòmanse vin jwenn yo. Maddy te pale manman l de anvi l te genyen pou l te sèvi yon misyon epi l te mande si manman l te ka pare pou l t al tanp lan avèk li.

Jodi a Maddy nan SFM (Sant Fòmasyon Misyonè) a. L ap sèvi. L ap temwaye de Kris la. Egzanp li te ede l mennen toulède paran l yo retounen nan tanp ak tounen vin jwenn Kris la.

Tankou Livvy ak Maddy, lè nou chwazi chèche Kris la, Lespri a ap temwaye nou de Li nan anpil sitiyasyon diferan. Temwayaj Lespri sa yo rive lè nou jene, priye, rete tann, epi avanse devan. Rapwochman nou avèk Kris la ap grandi atravè adorasyon souvan nan tanp, repantans kotidyen, etid ekriti yo, asiste nan legliz ak seminè, medite sou benediksyon patriyakal nou, rete diy pou resevwa òdonans yo, ak onore alyans sakre yo. Tout bagay sa yo envite Lespri a eklere panse nou, epi yo pote yon lapè ak pwoteksyon siplemantè. Men, èske nou konsidere yo kòm opòtinite sakre pou nou temwaye de Kris la?

Mwen ale nan tanp anpil fwa, men lè m ap adore nan kay Senyè a, sa chanje m. Pafwa pandan m ap jene, mwen twouve m tou senpleman grangou, men kèk lòt fwa, mwen fè festen avèk Lespri a avèk detèminasyon. Mwen pafwa konn mamòte priyè ki repetitif ak woutinye, men mwen konn pafwa pa ka tann pou m resevwa konsèy nan men Senyè a atravè lapriyè tou.

Gen pouvwa lè nou fè abitid sakre sa yo vin mwens pase yon lis tach pou nou akonpli e plis yon temwayaj. Pwosesis la ap gradyèl men li ap grandi avèk patisipasyon aktif kotidyen ak eksperyans ki plen objektif avèk Kris la. Lè nou toujou aji selon ansèyman Li, nou jwenn yon temwayaj konsènan Li; nou bati yon relasyon avèk Li ansanm ak Papa nou ki nan Syèl la. Nou kòmanse vin tankou Yo.

Advèsè a sitèlman fè bri ke l ka difisil pou nou tande vwa Senyè a. Mond nou an, difikilte nou yo, sitiyasyon pèsonèl nou pa p vin plis trankil, men nou ka epi nou dwe grangou ak swaf pou bagay Kris yo pou nou ka “Koute L” avèk klète.2 Nou bezwen kreye yon souvni miskilè sou kisa savle di pou nou se yon disip ak sou temwayaj, a ki ap fè nou pran konsyans de depandans nou sou Sovè nou an chak jou.

Papa m gen plis pase 11 an depi l kite m, men pawòl li yo vivan nan mwen. “Bonnie, pa janm neglije yon opòtinite pou temwaye de Kris la.” Mwen envite nou pou nou ini avèk mwen nan aksepte envitasyon l lan.” Chèche Kris la toupatou―mwen pwomèt nou ke Li la!3 Vrè lajwa nou repoze sou dispozisyon nou pou nou vin pi pwòch Kris la ak temwaye pou tèt pa nou.

Nou konnen ke nan dènye jou yo, “tout jenou pral pliye, e tout lang pral konfese” ke Jezi se Kris la.4 Mwen priye pou temwayaj sa a ap vin yon eksperyans nòmal ak natirèl pou nou kounye a—pou nou ka pwofite tout opòtinite pou nou temwaye ak kè kontan: Jezikri vivan!

Oh, ala mwen renmen Li. Ala mwen rekonesan pou Ekspyasyon enfini L la, ki “rann lavi etènèl yon posibilite e imòtalite yon reyalite pou [nou] tout.”5 Mwen temwaye de bonte Li ak gwo laglwa Li nan non sakre Li, non Jezikri, amèn.