Konferans Jeneral
Konsantre sou Jezikri
Konferans jeneral avril 2023


Konsantre sou Jezikri

Sovè a Jezikri se solisyon pwoblèm nou yo, men nou dwe leve je nou epi konsantre atansyon nou pou nou ka wè Li.

Papa m te konn di m, “Pa konsantre w sitèlman sou pwoblèm ou ke w pa ka wè solisyon an.”

Mwen temwaye ke Senyè a, Jezikri se solisyon pou menm pwoblèm ki pi difisil nou yo. Espesyalman, Li te simonte kat pwoblèm ke chak nan nou ap fè fas men ke youn nan nou pa ka rezoud poukont nou:

  1. Premye pwoblèm nan se lanmò fizik. Nou ka eseye ralanti li oswa inyore li, men nou pa ka simonte li poukont nou. Sepandan, Jezikri te simonte lanmò pou nou, e kòm konsekans, nou tout ap resisite yon jou.1

  2. Dezyèm pwoblèm nan enkli tribilasyon, eksperyans difisil, tristès, doulè ak enjistis nan mond sa a. Jezikri te simonte tout bagay sa yo. Pou moun ki fè efò pou suiv Li, yon jou Li pral “seche tout dlo nan je” epi fè bagay yo vin dwat ankò.2 Antretan, Li ka fòtifye nou pou nou travève eprèv nou yo avèk konfyans, kouraj, ak lapè.3

  3. Twazyèm pwoblèm nan se lanmò espirityèl ki se rezilta peche. Jezikri te simonte pwoblèm sa a lè Li te pran sou tèt Li “chatiman ki pote lapè pou nou an.”4 Akoz de sakrifis ekspyatwa L la, nou ka libere anba konsekans peche nou yo si nou gen lafwa nan Sovè a, sensèman repanti, aksepte alyans Papa a ofri nou atravè òdonans esansyèl tankou batèm, epi pèsevere jiska lafen.5

  4. Katriyèm pwoblèm nan se nati enpafè ak limite nou. Jezikri gen solisyon pwoblèm sa a tou. Li pa jis efase erè nou yo epi fè nou inosan ankò. Li ka travay “yon gwo chanjman nan nou … kè nou, ki fè nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole.”6 Nou ka vin pafè nan Kris la atravè gras Li epi yon jou na vin menmjan avèk li.7

Malerezman, twò souvan nou sitèlman konsantre sou pwòp pwoblèm nou ke nou pèdi konsantrasyon sou solisyon an, Sovè nou an, Jezikri. Kijan nou ka evite erè sa a? Mwen kwè repons lan chita nan alyans yo envite nou pou nou fè avèk Li ansanm ak Papa nou ki nan Syèl la.

Konsantre sou Jezikri atravè Alyans

Alyans nou yo ede nou konsantre atansyon nou, panse nou ak aksyon nou sou Kris la. Lè nou “respekte alyans [nou] te fè yo,” nou ka pi fasil idantifye “bagay ki nan mond sa a” ke nou ta dwe mete “sou kote” ak “bagay ki pou yon mond ki pi bon” nou ta dwe chèche avèk dilijans yo.8

Se sa pèp Amon an te fè nan Liv Mòmon an. Pandan yo t ap aprann de Jezikri epi yo te kòmanse konsantre lavi yo sou Li, yo te rekonèt ke yo ta dwe antere zam lagè yo e vin pafètman onèt e “ddistenge pou devouman yo devan Bondye.”9

Kenbe alyans nou yo gide nou pou n chèche tout sa ki envite enfliyans Lespri a epi rejte tout sa ki chase enfliyans sa a—“paske nou konnen si nou ka diy pou n gen prezans Sentespri a, nou ka diy pou nou viv nan prezans Pè Selès la ak Pitit Gason L lan, Jezikri, tou.”10 Sa ka vle di nou dwe chanje vokabilè nou, pandan ke n ap itilize pawòl janti. Sa ka vle di ranplase abitid espirityèlman malsen pa nouvo abitid ki ranfòse relasyon nou avèk Senyè a, tankou lapriyè ak etid ekriti chak jou, endividyèlman e avèk fanmi nou.

Prezidan Russel M. Nelson te di “chak moun ki fè alyans nan fon batismo yo ak nan tanp yo—epi ki kenbe yo—ogmante aksè yo nan pouvwa Jezikri. …

“Rekonpans ki genyen nan kenbe alyans nou fè avèk Bondye yo se pouvwa selès—pouvwa ki fòtifye nou pou n pi byen reziste devan eprèv yo, tantasyon yo, ak chagren yo.”11

Renouvle alyans nou yo pandan Sentsèn nan chak Dimanch se yon gwo opòtinite pou egzamine tèt nou12 epi rekonsantre lavi nou sou Jezikri. Lè nou pran sentsèn nan, nou deklare ke nou “toujou sonje li.”13 Mo toujou a e enpòtan anpil. Li pwolonje enfliyans Sovè a nan chak pati nan lavi nou. Nou pa sonje Li sèlman nan legliz la oswa sèlman pandan priyè maten nou yo oswa sèlman lè nou nan pwoblèm epi nou bezwen yon bagay.

Wi, pafwa nou konn distrè. Nou bliye. Nou pèdi konsantrasyon nou. Men, renouvle alyans nou yo vle di ke nou vle toujou sonje Sovè a, ke n ap eseye fè sa pandan tout semèn nan, epi n ap reyangaje epi n ap rekonsantre sou li ankò devan tab Sentsèn nan nan semèn k ap vini an.

Konsantre sou Jezikri nan Fwaye Nou

Klèman, konsantre sou Jezikri dwe plis pase yon aktivite nan legliz la nan jou Dimanch. Lè Prezidan Nelson te prezante Vini, Suiv mwen an an 2018, li te di, “Li lè pou yon Legliz ki santre sou fwaye.”14 Li te di nou dwe “transfòme fwaye [nou] vin tounen yon sanktyè lafwa” ak “yon sant aprantisaj levanjil la.” Epi li te fè kat bèl pwomès pou nou si nou fè sa.15

Premye pwomès la: “Jou Sabaou yo pral tounen yon delis.” L ap vin yon jou kote nou vin pi pwòch Sovè nou an. Jan yon jènfi ki soti Pewou te di, “Jou Senyè a se jou mwen jwenn plis repons nan men Senyè a.”

Dezyèm pwomès la: “Pititou yo pral kontan pou yo aprann epi viv ansèyman Sovè a.” Se poutèt sa “nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, … pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”16

Nou fè sa pou yon jou, lè pitit gason nou soti al travay oubyen lè li ap fè randone nan mòn yo oubyen pou l fè lachas bèt nan forè yo, jan Enòs te fè a, li ka sonje sa nou te anseye l konsènan Kris la ak konsènan lajwa ki genyen nan viv levanjil la. E kiyès ki konnen? Petèt se jou sa a lè l ap finalman santi grangou espirityèl la ki ka vire l bay Jezikri pou l ka tande vwa Senyè a ki di l: “Peche w yo padone, e w pral beni.”17

Twazyèm pwomès la: “Enfliyans advèsè a nan lavi nou ak nan fwaye nou pral diminye.” Poukisa? Paske plis nou konsantre sou Jezikri, se plis peche pèdi atirans li.18 Lè fwaye nou ranpli avèk limyè Sovè a, gen mwens an mwens plas pou fènwa advèsè a.

Katriyèm pwomès la: “Chanjman nan fanmi yo pral ekstraòdinè ak rekonfòtan.” Poukisa? Paske chanjman Jezikri pote se “yon gwo chanjman.”19 Li chanje nati nou; nou vin “nouvo kreyati.”20 Nou gradyèlman vin plis tankou Sovè a, ranpli ak lanmou pi Li pou tout pitit Bondye yo.

Ki moun ki pa ta vle pwomès sa yo akonpli nan lavi yo ak nan fanmi yo? Kisa nou dwe fè pou n ka genyen yo? Repons lan se transfòme fwaye nou vin fè yo tounen yon sanktyè lafwa ak yon sant aprantisaj levanjil. Kijan nou ka fè sa? Lè nou konsantre sou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri, epi nou fè Yo vin santral nan lavi familyal nou, enfliyans ki pi enpòtan an nan fwaye nou.

Èske m ka sijere pou nou kòmanse nan fè pawòl Kris yo, ke nou jwenn nan ekriti yo, yon pati nan lavi kotidyèn nou? Pa gen okenn fòmil preskri pou etid ekriti pafè. Li gen dwa dire 5 oswa 10 minit chak jou —oswa plis si w kapab. Li gen dwa yon chapit oswa kèk vèsè nan yon jounen. Gen kèk fanmi ki prefere etidye nan maten anvan yo kite pou al lekòl oswa nan travay. Gen lòt ki prefere li aswè anvan yo al dòmi. Gen kèk jèn koup ki te di m ke yo etidye endivityèlman lè yo sou wout pou al nan travay yo epi apresa yo pataje dekouvèt yo youn ak lòt atravè tèks, konsa kòmantè yo ak diskisyon yo anrejistre.

Vini, Suiv Mwen an ofri anpil sigjesyon sou aktivite ak resous ki ka ede moun yo ak fanmi yo aprann prensip levanjil yo nan ekriti yo. Videyo Bib yo ak Videyo Liv Mòmon yo kapab zouti enpòtan pou fè ekriti yo pi aksesib pou fanmi ou. Jèn yo ak timoun yo souvan enspire pa istwa memorab yo nan ekriti yo. Istwa sa yo ak prensip levanjil yo anseye yo, ap rete avèk pitit ou yo, tankou zanmi nou fè konfyans, lè yo bezwen bon egzanp sou sèvis, vèti, obeyisans, pasyans, pèseverans, revelasyon pèsonèl, charite, imilite, ak lafwa nan Jezikri. Avèk letan, konsistans ou nan fè yon festen ak pawòl Senyè a ap ede pitit ou yo vin pi pwòch Sovè a. Y ap vin konnen Li pi byen pase anvan.

Senyè Jezikri vivan jodi a. Li kapab yon prezans aktif nan lavi chak jou nou. Li se solisyon pwoblèm nou yo, men nou dwe leve je nou epi konsantre atansyon nou pou nou wè li. Li te di, “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.”21 Pandan n ap konsantre sou Li ak sou Papa nou ki nan Syèl la, fè ak kenbe alyans avèk yo, epi fè Yo vin enfliyans ki pi enpòtan an nan fwaye nou ak nan fanmi nou, n ap vin kalite moun Prezidan Nelson te anvizaje a: “Yon pèp ki kapab, ki pare, epi ki diy pou resevwa Senyè a lè Li vini ankò; yon pèp ki deja chwazi Jezikri nan plas mond dechi sa a; yon pèp ki rejwi nan libabit li pou viv lwa siperyè ak pi sakre Jezikri yo.”22 Nan non Jezikri, amèn.