Konferans Jeneral
Sonje Sa Ki Pi Enpòtan yo
Konferans jeneral avril 2023


Sonje Sa Ki Pi Enpòtan yo

Sa ki pi enpòtan se relasyon nou avèk Pè Selès la ak Pitit Gason Byenneme L la, fanmi nou, ak pwochen nou, ak kite Lespri a gide nou.

Pandan ke nan fen semèn sa a n ap sonje antre triyonfal Sovè a nan Jerizalèm yon ti tan anvan sakrifis ekspyatwa L la, mwen sonje pawòl espwa ak rekonfò L yo: “Mwen se rezirèksyon an, ak lavi a: moun ki kwè nan mwen, menm si li te mouri, l ap viv.”1

Mwen renmen Li. Mwen kwè nan Li. Mwen temwaye ke Li se Rezirèksyon an ak Lavi a.

Temwayaj sa a te rekonfòte m epi li ban m fòs pandan kat dènye ane ki sot pase yo depi madanm mwen, Barbara, te mouri a. Mwen sonje li.

Souvan, mwen reflechi sou maryaj etènèl nou an ak lavi nou ansanm.

Mwen te deja pataje kijan m te rankontre Barbara pou lapremyè fwa ak kijan eksperyans sa a te anseye m pou m te itilize talan pou “fè suivi” a ke m te aprann pandan misyon m nan. M te fè suivi byen vit avèk li apre nou te rankontre pou lapremyè fwa a paske l te bèl, popilè, epi l te l te gen yon kalandriye sosyal trè chaje. Mwen te atire byen bonè sou li paske li te abòdab epi li te amikal. Mwen te admire bonte li. Mwen te santi li menm avèk mwen te fèt pou yonn lòt. Sa te sanble l senp nan lespri m.

Barbara avèk mwen te renmen, epi relasyon nou te kòmanse grandi, men li pa t panse ke marye avèk mwen te bon pou li.

Sa pa t sifi pou m te konnen; Barbara te bezwen konnen pou tèt pa l tou. Mwen te konnen si nou te pase tan ap jene ak priye sou sijè a, Barbara te ka resevwa yon konfimasyon soti nan syèl la.

Nou te pase yon wikenn san youn pa t vizite lòt pou nou te kapab jene epi priye endivityèlman pou nou te ka konnen pou tèt pa nou. Erezman pou mwen, li te resevwa menm konfimasyon m te resevwa a. Rès la, jan yo di a, se istwa.

Lè Barbara te mouri, pitit nou yo te mete sou pyè tonbal li a plizyè leson ke Barbara te vle yo sonje. Youn nan leson sa yo se “sa ki pi enpòtan an se sa ki dire pi lontan an.”

Jodi a, m pral pataje kèk santiman ak panse ki soti nan kè m sou sa k pi enpòtan yo.

Premyèman, yon relasyon avèk Pè Selès nou ak Pitit Gason l lan, Senyè Jezikri a, se sa k pi enpòtan. Relasyon sa a pi enpòtan kounyea ak nan letènite.

Dezyèmman, relasyon familyal nan pami bagay ki pi enpòtan yo.

Pandan tout sèvis mwen nan ministè a, mwen te vizite anpil moun ak fanmi ki te afekte anba katastwòf natirèl ki te devaste yo. Anpil nan yo te oblije deplase, yo te grangou epi yo te pè. Yo te bezwen asistans medikal, manje ak refij.

Yo te bezwen fanmi yo tou.

Mwen rekonèt ke kèk moun petèt pa gen benediksyon pou yo gen yon fanmi pwòch, konsa, m ap enkli fanmi ki pa pwòch, zanmi, ak menm fanmi nan pawas yo kòm “fanmi.” Relasyon sa yo esansyèl pou sante emosyonèl ak fizik nou.

Relasyon sa yo ka ofri lanmou, lajwa, kè kontan ak yon santiman apatenans.

Nouri relasyon enpòtan sa yo se yon chwa. Chwa pou yon moun fè pati yon fanmi mande angajman, lanmou, pasyans, kominikasyon ak padon.2 Kapab gen kèkfwa kote nou pa dakò avèk yon lòt moun, men, nou ka fè sa san nou pa dezagreyab. Nan koutize ak nan maryaj, nou pa tonbe damou ni pa renmen ankò kòmsi nou se objè moun ap deplase soti sou yon jwèt echèk. Nou chwazi pou nou yonn renmen ak pou youn soutni lòt. Nou fè menm bagay la nan lòt relasyon avèk zanmi ki tankou fanmi pou nou tou.

Pwoklamasyon sou fanmi an di ke “Plan bonè diven an pèmèt relasyon familyal yo kontinye jis apre lanmò. Òdonans ak alyans sakre yo rann posib pou chak moun retounen nan prezans Bondye epi pou fanmi yo ini pou letènite.”3

Yon lòt bagay ki pi enpòtan se suiv enspirasyon Lespri a nan relasyon ki pi enpòtan nou yo ak nan efò nou pou renmen pwochen nou menm jan avèk tèt pa nou, enkli nan ministè prive ak ministè piblik nou. Mwen te aprann leson sa a byen bonè nan lavi m pandan m t ap sèvi kòm evèk.

Yon jou swa ivè ranpli fredi ak nèj, byenta, m t ap kite biwo m, kòm evèk, lè m te gen yon gwo enpresyon pou m t al vizite yon vèv aje nan pawas la. Mwen te gade nan mont mwen—li te 10:00 p.m. Mwen te fè rezonman ke li te twò ta pou m t al fè yon vizit konsa. Epi anplis, nèj t ap tonbe. Mwen te deside pou m t al vizite sè byenneme sa a byen bonè nan demen maten olye pou m ta al nui l nan lè ta sa a. M te kondui al lakay mwen epi m t al nan kabann mwen, men, m te vire tounen tout nuit la paske Lespri a t ap brase m.

Bonè nan demen maten, mwen te kondui tou dwat al lakay vèv la. Pitit fi l la te ouvri pòt la epi l te di avèk dlo nan je: “O, Evèk, mèsi paske w vini. Manman m mouri sa gen dezèdtan”—Mwen te devaste. Mwen p ap janm bliye santiman ki te nan kè m lè sa a. Mwen te kriye. Kiyès plis pase vèv byeneme sa a, ki te merite pou evèk li te kenbe men l, rekonfòte l, epi petèt ba li yon dènye benediksyon? Mwen te rate opòtinite sa a paske m te goumen avèk gwo enpresyon sa a ki te soti nan Lespri a.4

Frè m ak sè m yo, jènjan ak jènfi, ak timoun Primè yo, mwen temwaye ke suiv enspirasyon Lespri a se youn nan bagay ki pi enpòtan nan tout relasyon nou.

Finalman, nan fen semèn Dimanch Pak sa a, mwen temwaye ke konvèti nan Senyè a, rann temwayaj konsènan Li, epi sèvi Li, se pami bagay ki pi enpòtan yo tou.

Lafwa nan Jezikri se fondasyon temwayaj nou. Yon temwayaj se yon atestasyon oswa konfimasyon verite etènèl ki enpresyone sou kè ak nam moun atravè Sentespri a. Yon temwayaj konsènan Jezikri, ke Lespri a fè ak fòtifye, chanje lavi moun—li chanje fason nou panse ak fason nou viv. Yon temwayaj vire nou nan direksyon Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Divin L lan.

Alma te ansenye:

“Gade, m rann nou temwayaj mwen, m konnen bagay m te pale yo se verite. Epi kòman nou sipoze m konnen yo se verite?

“Gade, m ap di nou se Lespri Sen Bondye a ki te fè m konnen yo. Gade, m te jene epi m te priye pou anpil jou, pou m te kapab konnen pou tèt pa m. Epi kounyeya, m konnen pou tèt pa m bagay sa yo se verite; paske Senyè Bondye te manifeste yo ban mwen pa mwayen Lespri Sen li a.”5

Gen yon temwayaj sèlman pa ase. Pandan konvèsyon nou nan Jezikri ap grandi, natirèlman nou vle temwaye de Li—de bonte Li, lanmou Li, ak jantiyès Li.

Souvan nan reyinyon temwayaj nou yo nan Dimanch jèn, nou tande fraz “m rekonesan” ak “m renmen” yo plis pase nou tande fraz yo “Mwen konnen” ak “Mwen kwè” yo.

Mwen envite nou pou nou rann temwayaj nou konsènan Jezikri pi souvan. Rann temwayaj konsènan sa w konnen ak sa w kwè ak sa w santi, pa sèlman pou sa ou rekonesan. Temwaye konsènan pwòp eksperyans pèsonèl ou ke w konnen ak renmen Sovè a, ke w ap viv ansèyman L yo, ak sou pouvwa redanmsyon Li nan lavi ou. Lè w rann temwayaj sou sa w konnen, sa w Kwè, ak sa w santi, Sentespri a ap konfime verite a bay moun k ap sensèman koute temwayaj ou yo. Y ap fè sa paske yo wè w vin tounen yon disip pezib JeziKri. Y ap vin wè kisa sa vle di pou yo se disip Li. Y ap santi yon bagay yo gen dwa pa t santi anvan sa. Yon temwayaj pur soti nan yon kè ki chanje epi pouvwa Sentespri a ka pote l nan kè lòt moun ki ouvè pou resevwa l.

Moun ki santi yon bagay kòm rezilta temwayaj ou yo, yo ka mande Senyè a nan lapriyè pou L konfime verite temwayaj ou a. Lè sa a, yo ka konnen pou tèt pa yo.

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye nou ke m konnen Jezikri se Sovè ak Redanmtè mond lan. Li vivan. Li se Pitit Gason resisite Bondye a, epi sa se Legliz Li a ke pwofèt ak apot Li yo ap dirije. Mwen priye pou yon jou lè m pase al nan pwochen mond lan, m ka fè sa avèk temwayaj mwen k ap briye byen klè.

Atravè ministè mwen, m te vin aprann ke sa k pi enpòtan an se relasyon nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme L la, fanmi nou, ak powochen nou, ak pèmèt Lespri Senyè a gide nou nan relasyon sa yo pou nou ka temwaye de bagay ki pi enpòtan epi ki dire pi lontan yo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Jan 11:25.

  2. Gade nan atik “Fanmi an,” “Inite,” ak “Amou” nan sijè Levanjil yo ki nan Bibliyotèk Levanjil la (nan ChurchofJesusChrist.org oubyen app mobil) pou w li ekriti ak diskou pwofèt yo, apot yo, ak lòt dirijan yo sou sijè sa a.

  3. Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org.

  4. N ap jwenn yon istwa sou eksperyans sa a nan Susan Easton Black ak Joseph Walker Anxiously Engaged: A Biography of M. Russell Ballard (2021), 90–91.

  5. Alma 5:45–46.