Konferans Jeneral
Jezikri se Sekou
Konferans jeneral avril 2023


Jezikri se Sekou

Nou ka asosye avèk Sovè a pou n ede pote soulajman tanporèl ak espirityèl pou moun ki nan bezwen—epi epi nan pwosesis la na va jwenn pwòp sekou pa nou.

Avèk lafwa nan Jezikri ak espwa nan sa yo te tande pale de mirak Li yo, moun ki t ap bay yon mesye ki te gen paralezi swen yo te mennen li bay Jezi. Yo te kreyatif nan fason pou yo te mennen li—yo te dekouvri do kay la epi yo te desann nonm lan, sou kabann li, nan plas kote Jezi t ap anseye a. Lè Jezi te “wè jan yo te kwè nan li, li te [nonm ki te gen paralezi a], tout peche ou yo padonnen.”1 Apresa “Mwen di ou: leve kanpe, pran nat ou, ale lakay ou.”2 Epi imedyatman mesye ki te gen paralezi a te ale epi li te pran kabann li epi li te ale lakay li, “ap fè lwanj Bondye.”3

Ki lòt bagay nou konnen de zanmi ki te bay mesye paralize an swen yo? Nou konnen Sovè a te rekonèt lafwa yo. Epi lè yo te wè ak tande Sovè a e te tounen yon temwen pou mirak Li yo, yo te “sezi” epi yo te “fè lwanj Bondye.”4

Jezikri te ofri gerizon-yo te espere a— sekou fizik kont doulè ak konsekans enfim maladi kwonik la. Yon bagay enpòtan, Sovè a te ofri sekou espirityèl tou pou l te netwaye mesye a anba peche.

Epi zanmi yo—nan efò pou yo te pran swen yon moun ki te nan bezwen, yo te jwenn sous sekou a; yo te jwenn Jezikri.

Mwen temwaye ke Jezikri se sekou nou. Atravè Ekspyasyon Jezikri a, nou ka soulaje anba fado ak konsekans peche epi jwenn sekou nan enfimite nou yo.

Epi paske nou renmen Bondye, epi nou te fè alyans pou n sèvi Li, nou ka asosye avèk Sovè a pou ede pote soulajman tanporèl ak espirityèl pou moun ki nan bezwen—epi nan pwosesis la na va jwenn pwòp soulajman nou nan Jezikri.5

Pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te envite nou pou nou venk mond lan epi jwenn repo.6 Li te defini “vrè repo” kòm “sekou ak lapè.” Prezidan Nelson te di, “Paske Sovè a, atravè Ekspyasyon enfini L la, te rachte nou chak anba feblès, erè, ak peche, epi paske Li te fè eksperyans tout doulè, enkyetid, ak fado nou te janm genyen, konsa, lè nou repanti vrèman epi nou chèche èd Li, nou ka elve nou pi wo pase mond frajil sa a kote n ap viv la.”7 Sa se soulajman Jezikri ofri nou!

Nou chak ap pote yon sakado metaforik. Li ka yon panye byen balanse sou tèt ou oswa yon sachè oswa yon pake bagay vlope nan twal ke w jete sou zepòl ou. Men, pou panse nou, an nou rele l yon sakado.

Sakado senbolik sa a se kote nou pote fado lavi yo nan yon mond dechi. Chay nou yo tankou wòch nan sakado a. Anjeneral, gen twa kalite:

  • Wòch ki la pou pwòp aksyon nou akoz de peche nou.

  • Wòch ki nan sakado nou akoz de move desizyon, move konduit ak mechanste kont lòt moun.

  • Ak wòch nou pote paske n ap viv nan yon kondisyon dechi. Sa yo enkli wòch maladi, doulè, maladi kwonik, chagren, desepsyon, solitid, ak efè katastwòf natirèl.

Mwen deklare ak lajwa ke fado mòtèl nou yo, wòch sa yo ki nan sakado senbolik nou an, yo oblije lou.

Jezikri ka aleje chay nou.

Jezikri kapab leve fado nou.

Jezikri ofri yon mwayen pou nou soulaje anba pwa peche.

Jezikri se sekou nou.

Li te di:

“Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m a soulaje nou [sa vle di, sekou ak lapè].

“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n a viv ak kè poze.

“Paske, jouk m ap ban nou an fasil pou pote, chay m ap ban nou an pa lou.”8

Pou jouk sa a fasil epi chay la pa lou, sa mande ke nou anba jouk la avèk Sovè a, ke nou pataje fado nou avèk Li, pou nou kite Li leve chay nou. Sa vle di antre nan yon relasyon alyans avèk Bondye epi respekte alyans sa a, ki, jan Prezidan Nelson te eksplike, “fè tout bagay sou lavi pi fasil.” Li te di, “Men jouke tèt nou avèk Sovè a vledi ke nou gen aksè nan fòs ak pouvwa redanmtè Li.”9

Alò poukisa nou chich avèk wòch nou yo? Poukisa yon jwè bezbòl fatige ta refize kite teren an lè yon lòt jwè pare pou l fini match la nan plas li? Poukisa mwen ta ensiste pou m rete kote m ye a poukont mwen lè Soulajè a kanpe pou l kenbe l avè m?

Prezidan Nelson te anseye: “Jezikri … kanpe avèk bra louvri, espwa pou geri, padone, pwòpte, fòtifye, pirifye, ak sanktifye nou.”10

Konsa, poukisa nou ensiste pou nou pote wòch nou yo poukont nou?

Entansyon an se pou l yon kesyon pèsonèl, pou nou chak konsidere.

Pou mwen, se vis etènèl ògèy la. Mwen di, “M ka fè sa a.” “Pa gen pwoblèm; M ap fè li.” Se gwo mantè a ki vle m kache pou Bondye, pou m detounen m de Li, pou al fè l poukont mwen.

Frè m ak sè m yo, mwen pa ka al fè l poukont mwen, e mwen pa oblije, e mwen p ap fè l. Pandan m ap chwazi pou m liye m avèk Sovè m nan, Jezikri, atravè alyans mwen fè avèk Bondye, “Mwen ka fè tout bagay atravè Kris la ki fòtifye m.”11

Moun ki kenbe alyans yo beni avèk soulajman Sovè a.

Konsidere egzanp sa a ki nan Liv Mòmon an: Pèp Alma a te jwenn pèsekisyon avèk “chay sou do yo, epi … chèf pou fè yo travay.”12 Paske yo te entèdi yo priye vokalman, yo “te leve kè yo bay [Senyè a]; e li te konnen panse kè yo.”13

Epi, “se te konsa, vwa Senyè a te fè yo tande l nan afliksyon yo, li te di: Leve tèt nou, e konsole nou paske m konnen ki alyans nou te fè avèk mwen; m ap fè alyans avèk pèp mwen an, e m ap delivre l anba esklavaj.

“Epi m ap fè chay ki sou zepòl nou yo vin lejè pou nou pa menm kapab santi yo sou do nou.”14

Epi, Senyè a te fòtifye yo pou yo te kapab pote chay yo alèz, e yo te aksepte avèk kè kontan ak pasyans, tout sa Senyè a te vle.”15

Moun ki te kenbe alyans sa yo te resevwa sekou sou fòm rekonfò, pasyans ak kè kontan ogmante, yo fasilite nan chay yo pou yo te santi yo lejè, epi finalman delivrans.16

Koulye a, ann retounen nan pwòp sakado metaforik nou an.

Repantans, atravè Ekspyasyon Jezikri a, se sa ki soulaje nou anba pwa wòch peche yo. Epi, atravè kado mayifik sa a, mizèrikòd Bondye soulaje nou anba gwo demand jistis yo.17

Ekspyasyon Jezikri a rann li posib tou pou nou resevwa fòs pou nou padone, sa ki pèmèt nou dechaje pwa nou pote akòz move tretman pa lòt moun.18

Konsa, kijan Sovè a soulaje nou anba fado lavi nan yon mond dechi avèk yon kò mòtèl ki sijè a chagren ak doulè?

Souvan, Li fè kalite soulajman sa a atravè nou! Antanke manm alyans Legliz Li a, nou pwomèt pou nou “kriye ak moun k ap kriye” epi “konsole moun ki bezwen konsolasyon.”19 Paske nou “vle antre nan twoupo Bondye a” pou nou “pote non pèp Li a,” epi nou “vle pote chay lòt, pou yo kapab vin lejè.”20

Benediksyon alyans nou an se pou nou patnè avèk Jezikri nan pote sekou ni tanporèl ni espirityèl, pou tout pitit Bondye yo. Nou se yon kanal Li itilize pou pote soulajman.21

Epi konsa, tankou zanmi mesye paralize a, nou “sekouri fèb yo, leve men ki pandye yo, ak ranfòse jenou ki fèb yo.”22 Nou “pote … fado youn lòt, epi konsa nou satisfè lwa Kris la.”23 Pandan n ap fè sa, nou vin konnen Li, nou vin menmjan avèk Li, epi nou jwenn soulajman Li.”24

Kisa sekou ye?

Sekou se retire oswa soulaje yon bagay ki fè mal, ki enkyetan, oswa lou, oswa fòs pou andire li. Li fè referans ak yon moun ki pran plas yon lòt. Se koreksyon legal pou yon move bagay.25 Mo Kreyòl-Rranse a soti nan yon mo fransè ansyen, relever, oswa,“sekouri,” ak nan mo laten relevare, oswa “relve.”26

Frè m ak sè m yo, Jezikri se sekou. Mwen temwaye ke Li te leve ankò nan twazyèm jou a epi, paske L te akonpli Ekspyasyon eman ak enfini an, Li kanpe avèk bra ouvè, pou L ofri opòtinite pou nou leve ankò, pou nou sove, epi pou nou egzalte ak vin tankou Li. Sekou Li ofri a etènèl.

Tankou fi yo zanj lan te vizite jou premye maten Pak la, mwen swete pou nou “prese ale” epi avèk “kè kontan” pote nouvèl ke Li leve soti vivan.27 Nan non Sovè nou an, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Lik 5:20.

  2. Mak 2:11.

  3. Lik 5:25.

  4. Lik 5:26.

  5. Gade D. Todd Christofferson, “The First Commandment First” (Devosyon Inivèsite Brigham Young, 22 Me, 2022), 2. speeches.byu.edu: “Lanmou nou pou Bondye elve kapasite nou pou n renmen lòt moun pi konplètman ak pafè paske nou sanse vin patnè avèk Bondye nan swen pitit li yo” (anfaz ajoute).

  6. Gade Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” Lyawona, Nov. 2022; 95-98

  7. Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” 96.

  8. Matye 11:28–30.

  9. Russell M. Nelson,, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” 97.

  10. Russell M. Nelson, “Nou Ka Fè pi Byen e Vin pi Bon,” Lyawona, Me 2019, 67.

  11. Filipyen 4:13.

  12. Mozya 24:9.

  13. Mozya 24:12.

  14. Mozya 24:13-14; anfaz ajoute.

  15. Mozya 24:15.

  16. Gade Mozya 24:13–15.

  17. Gade Alma 34:14–16; gade tou Mozya 15:8–9.

  18. Gade Russell M. Nelson, “Kat kado Jezikri Ofri Nou” (devosyon Nwèl Premye Prezidans lan, 2 Des 2018), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org. “Dezyèm kado Sovè a ofi nou se kapasite pou n padone. Atravè Sakrifis Ekspyatwa enfini L lan, nou ka padone moun ki blese nou ak moun ki gen dwa pa janm aksepte responsablite pou kriyote yo fè nou.

    “Sa abityèlman fasil pou nou padone yon moun ki sensèman ak enbleman chèche padon nou. Men Sovè a ap ba nou kapasite pou nou padone nenpòt moun ki maltrete nou nan nenpòt fason. Lè sa a, bagay blesan yo fè nou yo pa ka chaje nanm nou ankò.

  19. Mozya 18:9.

  20. Mozya 18:8.

  21. Sosyete Sekou, òganizasyon fi yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, te òganize pa Pwofèt Joseph Smith nan dat 17 mas 1842, kòm “yon branch nan prètriz la kin divinman etabli.” (Dallin H. Oaks, “Kle ak Otorite Prètriz la,” Lyawoman, Me 2014, 51). Pou chwazi non nouvo òganizasyon an, mo benevolan an te konsidere, men sekou te favorize pa fanm yo. Emma Smith, premye prezidan òganizasyon an, ak Eliza R. Snow, sekretè an ki pita te sèvi kòm dezyèm prezidan Sosyete Sekou a, te eksplike kijan benevolan te yon mo popilè-popilè avèk enstitisyon yo nan tan an—men popilè “pa ta dwe gid nou.” Emma te eksplike ke mo sekou an te pi byen dekri misyon yo. “Nou pral fè yon bagay ekstraòdinè … nou espere okazyon ki ekstraòdinè ak apèl ki prese” (Emma Smith, nan Relief Society Minute Book, 17 mas 1842, 12). Vrèmanvre, manda Sosyete Sekou a te toujou pou ofri sekou tanporèl ak espirityèl. Joseph Smith te anseye: “Sosyete sa se pa sèlman pou soulaje pòv yo, men pou konsève nanm” (Relief Society Minute Book, 9 jen 1842, 63, josephsmithpapers.org). Se konsa, Sosyete Sekou kontinye pote soulajman: “Soulajman nan povrete, soulajman nan maladi; soulajman nan dout, soulajman nan inyorans—soulajman nan tout sa ki anpeche lajwa ak pwogrè fanm” (Jan A. Widtsoe, Evidences and Reconciliations, arr. G. Homer Durham, 3 vols. nan 1 [1960], 308).

  22. Doktrin ak Alyans 81:5; gade tou Ebre 12:12.

  23. Galat 6:2.

  24. Nan youn nan premye reyinyon sosyete Sekou ki te fèk òganize a, Lucy Mack Smith, manman Pwofèt Joseph Smith, te di: “Nou youn dwe cheri lòt, youn rekonfòte lòt e enstwi nou, pou nou ka chita nan syèl la ansanm.” Istoryen Jennifer Reeder te ekri sou sa: “Nan yon kòz ini pou bay soulajman, fanm yo asosye avèk Kris la, epi nan fè sa, yo te jwenn soulajman Li” (First: The Life and Faith of Emma Smith [2021], 130).

  25. Gade Diksyonè Merriam-Webster.com, “relief.”

  26. Gade Dictionary.com, “relief.”

  27. Gade nan Matye 28:1–8.