2009
Toujou fè efò a
Jiyè 2009


Toujou fè efò a

Imaj
Elder Octaviano Tenorio

Lè m te gen 15 an, misyonè yo te gen abitid manje avèk kèk nan vwazen nou yo. Pi gran sè m nan te wè yo ap ale vini chak jou, epi li te mande yo si yo t ap vann yon bagay. Yo te di non, epi sete fason sa a yo te kòmanse vizite fanmi nou. Papa m, manman m, ak frè m ak sè m yo te fè leson yo epi yo tout te batize. Men mwen pa t batize. Nan moman sa a mwen t ap fè rechèch sou yon lòt legliz, men mwen t ap chèche sensèman.

Jou 10 Me se fèt manman nan Meksik. Jou sa a, manman m te mande m si m te renmen li. Mwen te di, “Wi, mwen renmen ou.”

Li te rann mwen temwayaj li epi li te mande m pou m batize. Mwen te deside pou m te batize nan jou sa a. Nan dimanch apre a, mwen te konfime epi m te resevwa don Sentespri a. Nan moman sa a lavi m te chanje konplètman. Mwen te kòmanse li tout sa m te ka jwenn sou Legliz la, espesyalman ansèyman Joseph Smith yo. Mwen te gen lafwa, epi pandan m t ap etidye, mwen te aksepte ansèyman legliz yo. Lafwa m te grandi pandan m t ap grandi nan levanjil la.

Fè efò a

Anvan m rakonte nou de istwa nan lavi mwen, mwen ta renmen fè remake yon bagay mwen te gen abitid pale avèk misyonè m yo pandan m t ap sèvi kòm prezidan misyon. Nan Preche Levanjil Mwen an gen yon deklarasyon Prezidan Ezra Taft Benson (1899 –1994) ki di: “Mwen souvan di ke youn nan pi gwo sekrè travay misyonè se travay! Si yon misyonè travay, l ap vin gen Lespri a; si li gen Lespri a, l ap anseye pa Lespri; si li anseye pa Lespri, l ap touche kè moun epi l ap gen kè kontan. Pa p gen okenn nostalji lakay, okenn trakase tèt pou fanmi, paske tout tan li ak talan li ak enterè li pral santre sou travay ministè a. Travay, travay, travay—pa gen okenn ranplasan valab, espesyalman nan travay misyonè.”1

Nan vèsyon espanyòl Gid pou Misyonè a, ke nou te itilize anvan Preche Levanjil Mwen an mo travay la te tradui kòm efò. Anplis fè yon efò, nou bezwen konsantre tout tan nou, tanlan nou, ak enterè nou. Fokis sa a nesesè pou siksè. Epi si nou gen kè kontan olye n ankòlè oubyen kontratye, travay nou ap pwodui bon bagay.

Mwen te aprann fòmil sa a nan pwòp lavi pa mwen. Mwen te kòmanse travay pou yon gwo konpayi petwòl yon ti tan apre m te fin batize. Verite sa yo konsènan travay la te antre nan lavi mwen epi yo te pèmèt mwen pwogrese nan konpayi an.

Pratik ouvri wout pou opòtinite

Yon administratè an patikilye te gen anpil pouvwa nan konapyi an. Li te mande pou chak depatman voye de moun pou ede l fè yon envantè. Epi li te di sèl egzijans li sete ke moun nan konnen yon bagay nan kontablite.

M te etidye nan yon lekòl komès, epi m te gen yon sètifika pou klas kontablite m nan. Bòs depatman m nan te di, “Al di li ke ou pral ede fè envantè a epi ou se yon kontab.” Li te vle wè reyaksyon lòt mesye a paske m te jèn anpil.

Lè mwen te rive, manadjè a te m mande kisa m vle. Mwen te reponn, “Mwen pral ede ou fè envantè a.” Mwen te fè sa bòs mwen te di m pou m fè a epi m te di li mwen sete yon kontab. Li te ri.

Apresa li te di, “Oke, Mesye kontab, vin nan chèz mwen an. Pran machin adisyon sa a, epi fè adisyon tout bagay nan chak kolòn osi vit ke ou kapab.”

Mwen te kòmanse avèk yon dwèt, trè dousman. Li te pouse m soti nan chèz la epi l te di, “Ou pa konnen anyen; mwen pral pini ou. Ou pral chita la a nan yon chèz anfas mwen pandan de semèn, ap gade kijan m fè travay la.”

Mwen te deplase ale nan yon lòt chèz. Li te di, “Gade m.” Li te kòmanse fè adisyon vit anpil, san li pa t menm gade dwèt li yo. Mwen te etone. Mwen te panse li t ap jwe sou zafè pou m chita gade l k ap travay pandan de semèn nan, men li te serye.

Premye jou sa a m te chita la pandan sis oswa sèt èdtan. Jou swa sa a m te rete apre travay epi m te tann tout moun kite bilding nan. Apresa mwen te ale nan biwo li a epi m te chanje woulo papye a nan machin akalkile a epi m te kòmanse pratike fè adisyon menm kolòn li te fè yo. Pandan katrèdtan mwen te travay epi m t ale pi vit epi pi vit e pi vit. Lè m te santi mwen t ap fè l osi vit oswa pi vit pase jan l te fè a, mwen t al dòmi pou inèdtan ou de.

Nan demen maten mwen te jis lave figi m epi m t ale devan pòt antre yo byen bonè lè yo te ouvri, apresa m te mache, epi m te rantre apre manadjè a te rive. Mwen te frape nan pòt li. Li te di, “Ok, chita la epi gade sa m ap fè.”

Lè l te kòmanse sou machin akalkile a, li te parèt lan pou mwen. Mwen te pratike pandan setèdtan san rete. Mwen te jantiman pouse l akote epi m te mande l pou l te chita nan chèz mwen an. Mwen te kòmanse fè adisyon rapid. Li te etone.

Li te di, “Kisa ou te fè?” Li te fòse m pou m di li. Li te di, “Apati kounyeya, paske ou aprann sa a, ou pral travay avèk mwen, epi mwen pral aprann ou tout sa m konnen.”

Mwen te chanje depatman. Apre kèk ane li te demisyone, epi m te gen posiblite pran plas li sou rekòmandasyon li. Mwen te itilize efò ak konsantrasyon, epi m te kontan nan sa m t ap fè a. Mwen pa t fache dèske li te pini m okòmansman an.

Sekrè pou reyisi

Nou ka fè tout bon bagay. Nou jis bezwen mete efò a, konsantrasyon an, epi fè kè nou kontan.

Konpayi kote m t ap travay la te fèmen. Mwen te deplase ale Vil Meksiko, epi paske m te renmen travay, mwen te aplike pou yon anplwa tanporè nan yon konpayi editoryal entènasyonal. Yo te mande m fè yon envantè, sa ki te tankou yon espesyalite pou mwen. Mwen te fè envantè a nan de semèn. Yo te ofri m yon anplwa pèmanan ak yon bon salè, epi mwen te aksepte.

Mwen pa t pale anglè nan moman sa a. Direktè nou an, yon mesye ki te soti Tegzas ki pa t pale espanyòl ditou, te di bòs mwen, “Jènjan sa a ap fè yon bon travay. Si l te pale anglè, nou t ap peye l plis. Nou ta voye l Nouyòk pran fòmasyon, epi li ta ka finalman vin yon manadjè isit la.”

Lè bòs mwen te di m sa, mwen te mande, “Tout sa m gen pou fè se aprann Anglè?”

Mwen te marye lèsa a. Madanm mwen te pale anglè paske li te fèt nan kominote legliz la nan Meksiko. Premye fwa m te eseye pale kèk mo anglè, yon moun te di m pa bezwen eseye. Mwen pa t gen don sa a.

Kounyeya mwen te motive pa panse pou amelyore pozisyon travay mwen epi jwenn opòtinite vwayaje ale Nouyòk la. Mwen te ale nan yon lekòl lang epi m te di yo mwen te vle aprann anglè pi vit mwen te kapab.

Yo te mande m, “Kisa ou deja konnen?”

Mwen te di, “Pa yon mo. Pa menm ‘Good Morning.’”

Yo te di, “Nou gen yon kou entansif: de semèn, 16 èdtan pa jou. Yuit èdtan isit la avèk pwofesè yo epi yuit èdtan lakay ou avèk kasèt. L ap koute $1,000.”

Mwen te di, “M ka fè sa. Mwen pral mande vakans, epi m ap ka etidye 16 èdtan pajou pandan de semèn.”

Mwen te ale kote bòs mwen epi m te di, “Mwen pral aprann anglè nan de semèn, epi w ap gen pou peye $1,000 sèlman.” Li te ri epi l te di, “Se pa posib. Mwen te aprann nan dezan.”

Mwen te di bòs mwen, “Mande direktè a pou l ban m vakans de semèn epi peye kou a. Si apre de semèn m pa ka pale avèk li an anglè, lèsa a ou gen dwa retire frè a nan salè mwen.”

Li te bay pèmisyon an.

Mwen te ale lekòl. Chak 45 minit pandan yuit èdtan, yo te chanje pwofesè yo. Yo te pratike epi pratike vokabilè, fraz, ak konvèsasyon.

Apre yuit èdtan lekòl la, mwen te konn soti nan lari ap chèche touris ki pale anglè pou pale avèk yo. Apresa mwen te koute kasèt pandan yon lòt yuit èdtan.

Rezon prensipal ki fè m t ale lekòl la se pa t pou aprann Anglè. Mwen te reyèlman vle vin yon manadjè epi ale nan vil Nouyòk. Paske m te motive anpil, aprann anglè pa t difisil pou mwen. Mwen te jwi chak segond m te pase ladan.

Lè m te fin fè 24 èdtan etid yo, mwen te yon ti jan kapab kominike an anglè. Mwen te konnen ke tès la sete kominike avèk direktè m nan. Si m pa t kapab, mwen t ap gen pou remèt $1,000 a. Konsa mwen te bati yon plan. Mwen ta pral pale avèk li sou tout sa m te aprann. Lè m te antre nan biwo li, mwen te pale san rete pandan 29 minit san m pa kite l di yon mo. Li te di, “Sa sifi. Voye l Nouyòk.” Epi mwen te ale Nouyòk!

Yon ekperyans aprantisaj.

Mwen kapab di nou ke si nou vle reyisi nan nenpòt bagay, nou bezwen konsantre, deplwaye efò, epi gen kè kontan nan sa n ap fè a. Apwòch sa a kapab ba nou tout bagay. Nou ka apran anpil epi atenn nenpòt bi ki nòb. Pran plezi nan sa n ap fè a, menmsi li difisil. Fè sa nan yon misyon oswa nan nenpòt aspè nan lavi nou. Jan prezidan Benson te di, “Travay, travay, travay.”

Nòt

  1. Ansèyman Ezra Taft Benson (1988), 200.

Ilistrasyon yo pa John Zamudio