2009
Pyonye nan Gana
Jiyè 2009


Pyonye nan Gana

Lè GayLynn Ribeira, yon etidyan nan art nan Inivèsite Brigham Young, te tande istwa etonan sou Sen pyonye yo nan Gana, li te santi pouse pou l te kreye pòtre yo pou tèz li sou pwojè ilistrasyon atistik la. Nan otòn 2005 la, li te kòmanse chèche fason pou fè sa. Rezilta a sete yon bous ki te pèmèt li menm ak twa lòt etidyan—Jesse Bushnell, Emmalee Glauser, ak Angela Nelson—pase mwa Me ak Jen 2006 nan Gana. Richard Hull, yon manm fakilte Inivèsite Brigham Young nan te sipèvize pwojè a. Yo senk la te rasanble istwa ak imaj sou non sèlman Sen pyonye yo men sou nouvo manm yo tou. Richès enfòmasyon yo jwenn yo tounen kànva nan mwa apre vwayaj yo epi yo vin rive sou mi B. F. Larsen Gallery a nan Inivèsite Brigham Young an Oktòb 2007 la. Men kèk nan travay atistik sa a.

Imaj
Stand Alone—For Something, Adjoa

1. Kanpe poukont ou—pou yon bagay, Adjoa, pa Angela Nelson

Adjoa Amoa-Ampah, ki ap etidye pou l vin doktè, di: “Li bon pou n yon manm lè nou lakay nou oubyen nan pami lòt moun.” “Men yon vrè fi Sen Dènye Jou kapab toujou rele tèt li yon manm lè l poukont li. Pafwa yo pa konprann Legliz la, konsa li enpòtan pou mwen pou m yon egzanp laverite.”

Imaj
Joseph William Billy Johnson: Holiness to the Lord

2. Joseph William Billy Johnson: Sentete pou Senyè a, pa Emmalee Glauser

Emmalee Glauser te ekri sou Frè Johnson nan Cape Coast: “Gratitid ak lanmou degaje sot nan li.” “Li te anseye levanjil la pandan 14 an, epi prèske yon milye moun te pare pou batèm lè misyonè yo te rive an 1978. Li se yon moun ki konsakre lavi li ak nanm ni bay Bondye. Li te enspire mwen pou m eseye fè atribi kretyen yo tankou lanmou ak charite fè pati mwen menm.”

Imaj
Bitner Johnson: Grandson of the Patriarch

3. Bitner Johnson: Pitit pitit gason Patriyach la, pa Jesse Bushnell

Bitner Johnson, ki pote non Prezidan Gordon Bitner Hinckley, se pitit gason Brigham Johnson epi pitit pitit gason Joseph William Billy Johnson.

Imaj
Busua Morning

4. Busua Morning, pa GayLynn Ribeira

Imaj
Bring Up Your Children in Light and Truth

5. Grandi pitit ou yo nan limyè ak laverite, pa GayLynn Ribeira

Evèk Kofi Sosu ak madanm ni, Linda, ki soti Kumasi, fòtifye fanmi yo atravè priyè familyal, etid ekriti, ak sware familyal regilye

Imaj
Dr. Emmanuel Kissi—He Raised the Woman Up

6. Dr. Emmanuel Kissi—“He Raised the Woman Up,” pa Jesse Bushnell

An 1983 yon madanm ki te frape pa pòvrete ki te gen yon timoun ki te soufri malnitrisyon grav te vin jwenn doktè Emmanuel Kissi, yon Sen Dènye Jou, pou te mande èd. Doktè Kissi te gen manje legliz la te voye ba li pou l te trete moun ki te gen malnitrisyon. Li te ba l diri, mayi, pwa, ak luil gratis. Madanm nan te tonbe nan pye doktè a ak gratitid. Doktè Kissi te lonje lamen l leve li epi l te di: “Manje sa a se Bondye ki voye l ba ou. Se li menm pou w bay tout remèsiman ou.”

Imaj
Sisters in Zion, Emma Boateng

7. Sè nan Siyon, Emma Boateng, pa Angela Nelson

Atis Angela Nelson te ekri apwopo yon ansyen misyonè, Emma Boateng: “Sete kòmsi nou te jwenn yon sè n te pèdi lontan.” “Li sete gid nou nan Kumasi e li toujou gen bèl aparans misyonè sa a nan li. Emma t ap etidye jounalis, ale nan enstiti, fè sousi epi espere jwenn yon mennaj, epi li t ap eseye kenbe levanjil la nan sant lavi li. Li t ap pase pa menm eksperyans nou tout te pase kòm jèn adilt yo.”

Imaj
Bishop Kofi Sosu and His Father: Forgiveness of Father and Son

8. Evèk Kofi Sosu ak papa li: Padon Papa a ak Pitit la, pa Emmalee Glauser

Apre misyon li, Kofi te anvi retounen lakay li men, papa l te renye li. Li te santi l te pouse pou l te ale kanmèm. Lè l te rive, papa l te wè li epi li te di: “Kanpe.” Li te kanpe.

“Kiyès ou ye?” papa l te mande.

“M se pitit gason ou.”

“Pitit gason mwen?”

“Wi, pitit gason ou, Kofi.” Lè sa a li te wè dlo t ap koule desann sou figi papa li. Papa l te kanpe epi l te anbrase li.

“O pitit gason mwen, pitit gason mwen. Mwen regrèt anpil. Mwen konnen ou te fè bagay egzat la. Mwen aksepte ou kòm pitit gason mwen.”

Imaj
William and Charlotte Acquah: One Heart and One Mind

9. William ak Charlotte Acquah: Yon kè ak yon lespri, pa Emmalee Glauser

William ak Charlotte (dezyèm jenerasyon Sen Dènye Jou) te grandi nan levanjil la ansanm pandan anpil ane difikilte ak lajwa. Atravè tout bagay sa yo, yo vin fè youn avèk Bondye epi youn avèk lòt. Yo kenbe men pou montre amou yo youn pou lòt—yon bagay William te aprann nan men koup misyonè k te anseye li pou priye ak pou l konnen ke li se yon pitit Bondye yo.

Imaj
Baptism Beach

10. Plaj batèm, pa Jesse Bushnell

Plaj pezib sa a sete kote dèsantèn moun peyi Gana te batize.

Imaj
Theodora Acquah: Third-Generation Daughter

11. Theodora Acquah: pitit fi twazyèm jenerasyon an, pa Jesse Bushnell

Theodora se yon Sen Dènye Jou twazyèm jenerasyon an nan Cape Coast, gras avèk lafwa grann ni ki te antre nan Legliz la epi ki te anseye pitit li ak pitit pitit li yo levanjil la. Antanke yon nouvo Sen Dènye Jou, grann Theodora te bay tèt li tach pou bale chapèl la, al pran bokit dlo pou lave atè a, epi asire li ke tout bagay te pwòp anvan legliz la te kòmanse.

Imaj
How Firm a Foundation, Kaku Family

12. Ala yon fondasyon fèm, Fanmi Kaku, pa Angela Nelson

Atis Angela Nelson, te ekri: “Lè frè ak sè Kaku te envite nou vin lakay yo nan Cape Coast, m te santi m tankou m t ap mache antre lakay mwen nan Uta.” “Pati m te pi renmen sete apre ajitasyon manje a, tout timoun yo te rasanble otou paran yo avèk ekriti yo louvri. Mwen pap janm bliye lè m te avèk fanmi sa a ap gade timoun yo k ap chèche gidans nan men paran yo epi paran yo tounen vè ekriti yo pou yo jwenn repons.”

Imaj
Hannah

13. Hannah, pa Richard Hull

Apwopo pòtrè sa a sou Hannah Bafuh, yon Sen Dènye Jou nan Kumasi, atis la te di: “M te eseye kaptire pèsonalite briyan, anime li.”

Imaj
Preparing Dinner, Emma Boateng

14. Prepare dine, Emma Boateng, pa Angela Nelson

Angela Nelson, pou dekri kijan fanmi Boateng te fè manje prensipal la, fufu, avèk farin kasav, te ekri: “Sete kòmsi m t ap gade yon dans; yo te an pafèt amoni youn ak lòt.” “Youn leve manch pilon an wo epi li te frape avèk yon bri fò pandan ke lòt la ap sanble kasav la byen vit vin fè yon boul egzakteman nan moman pou lòt la bat li ankò. Gen yon rit nan lavi chak jou yo tou, yon dilijans nan kenbe kòmandman yo. Tan isit la mezire nan rapò youn ak lòt, nan ede zanmi ak fanmi, non pa nan objè moun jwenn. Mwen wè yon rezolisyon fèm pou rete konsistan—espesyalman nan temwayaj yo.”