2009
Vwa pwofèt la
Jiyè 2009


Soti nan lavi pwofèt Joseph Smith

Vwa pwofèt la

Adapte soti nan Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (materyèl pou etid Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou 2007), 339–41.

Lè Joseph Smith te pale avèk yon kongregayon, moun yo te koute. Li te kapte atansyon yo pandan plizyè èdtan yon fwa, epi souvan timoun yo te konn prefere koute Pwofèt la olye y al jwe.

Joseph te souvan pale an plennè pou anpil moun te ka tande li. Nan youn nan jou sa yo nan Novou, yon gwo van ak tanpèt te eklate nan mitan prèch li a.

Pousyè sa a tèlman epè; Mwen pa ka wè anyen.

Ann ale lakay nou anvan l vin pi mal.

Joseph te rele moun ki ta prale yo.

An nou tout priye Bondye Toupuisan an pou van yo ak lapli a ka sispann, epi sa ap fèt.

O Papa, akòde nou ke van an ak lapli a sispann.

Apre plizyè minit, tanpèt la te divize. Rakbwa ak pyebwa sou toude bò yo te sekwe anba van an, men bò kote Joseph la t ap pale a te gen kalmi.

Kounyeya, frè m ak sè m yo, mwen ta renmen pale nou sou kèk verite enpòtan.

Inèdtan apre pwofèt la te fini, epi tanpèt la te retounen.

Retounen lakay nou rapid epi reflechi sou sa m te di yo.

Prese, timoun.

Prèch Joseph yo ak fason l te viv te tèlman puisan ke anpil moun te rann temwayaj solid sou verite levanjil yo ak sou apèl Joseph kòm pwofèt la.

Mwen konnen li se sa l te di l ye a—yon vrè pwofèt Bondye.

Li sete yon vrè pwofèt Bondye vivan an; epi plis mwen te tande pawòl li epi wè sa l te fè, se plis mwen te konvenki.

Jodia, Pwofèt Joseph Smith nan souvni dè milyon moun toupatou nan mond lan ki konnen ke li te aple pa Bondye pou retabli levanjil Jezikri a sou tè a.

Ilistrasyon pa Sal Velluto ak Eugenio Mattozzi