2009
Bètwouj ak valè yon nanm
Jiyè 2009


Mesaj Premye Prezidans

Bètwouj ak valè yon nanm

Imaj
President Thomas S. Monson

Sa gen kèk ane, Evèk Marvin O. Ashton (1883–1946), ki te sèvi kòm konseye nan Episkopa Prezidan an, te fè yon ilistrasyon ke m ta renmen pataje avèk nou. Si w kapab, ann eseye wè, yon fèmye k ap kondi yon gwo kamyon san kouvri plen bètwouj sou wout pou ale nan izin sik la. Pandan fèmye a ap kondi sou yon wout plen twou ak pousyè, kèk nan bètwouj yo vole soti nan kamyon an epi yo gaye sou tout wout la. Lè l reyalize ke l pèdi kèk bètwouj, li di moun k ap ede l yo, “Gen menm kantite sik la nan sa k glise tonbe yo. Annou retounen al chèche yo!”

Selon mwen menm, nan ilistrasyon sa a, bètwouj yo reprezante manm Legliz sa a ke nou menm yo rele dirijan yo responsab yo; epi sa k tonbe soti nan kamyon yo reprezante gason ak fi, jèn ak timoun, ki, pou kèlkeswa rezon an, tonbe soti nan chemen aktiv la. Pandan m ap repete kòmantè fèmye a konsènan bètwouj yo, mwen di konsènan moun sa yo, ki presye pou Papa nou ak Mèt nou an: “Sa k tonbe yo gen menm valè a tou. Ann retounen al chèche yo!”

Kounyeya, jodi a, gen nan yo ki anba grif opinyon popilè epòk la. Gen lòt ki dechire pa flo tan twouble yo. Gen lòt ki glise desann epi nwaye nan basen peche.

Sa pa dwe konsa. Nou gen doktrin laverite yo. Nou gen pwogram yo. Nou gen moun yo. Nou gen pouvwa a. Misyon nou pi plis pase reyinyon. Sèvis nou se pou sove nanm.

Sèvis nou: sove nanm

Senyè a mete aksan sou valè chak gason ak chak fi, jèn oswa timoun, lè l te deklare:

“Nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye. …

“Epi si ou travay pandan tout vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!

“Epi kounyeya, si lajwa w ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala lajwa w ap anpil si ou ta mennen plis nanm ban mwen!” (D&A 18:10, 15–16).

Sonje ke ou gen dwa ak benediksyon Papa nou yo nan travay sa a. Li pa t aple ou nan pòs privilejye w la pou w mache poukont ou, san gidans, pandan w konte sou chans. Okontrè, li konnen talan ou, li reyalize devouman ou, e l ap konvèti feblès ou sipoze w genyen yo vin tounen fòs moun ap rekonèt. Li te pwomèt: “M prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè” (D&A 84:88).

Dirijan Primè yo, èske nou konnen timoun n ap sèvi yo? Dirijan Jènfi yo, èske nou konnen jènfi nou yo? Dirijan Prètriz Aawon yo, èske nou konnen jènjan yo? Dirijan Sosyete Sekou yo ak Prètriz Mèlkisedèk yo, èske nou konnen fi ak gason nou aple pou prezide yo? Èske nou konprann pwoblèm yo ak ensètitid yo, aspirasyon yo, anbisyon yo, ak espwa yo? Èske nou konnen sou ki distans yo vwayaje, twoub yo rankontre, fado y ap pote, doulè yo genyen?

Mwen ankouraje nou pou nou lonje lamen bay moun n ap sèvi yo epi renmen yo. Lè nou reyèlman renmen moun n ap sèvi yo, yo pap twouve yo nan orib “Pozisyon yo pa t dwe janm ye”—jamè objè sousi, jamè moun ki bezwen èd. Ou gen dwa pa gen privilèj pou louvri pòt vil yo oubyen pòt palè yo, men vrè bonè ak lajwa etènèl ap vin jwenn ou menm ak moun w ap sèvi yo lè ou lonje lamen epi touche yon kè.

Leson ki grave nan kè yo

Si ou ta vin dekouraje nan efò w yo, sonje ke pafwa orè Senyè a gen dwa pa orè pa nou. Lè m te evèk sa gen kèk ane, youn nan dirijan jènfi yo, Jessie Cox, te vin jwenn mwen epi l te di: “Evèk, mwen echwe totalman!” Lè m te mande l poukisa li te santi l konsa, li te di: “mwen pa kapab fè okenn jènfi nan klas Mityèl mwen yo marye nan tanp, jan yon bon enstriktè ta dwe fè. Mwen fè tout sa m kapab, men, aparaman sa pa ase.”

M te eseye konsole Jessie kote m te di l ke mwen menm, antanke evèk li, m te konnen ke l te fè tout sa l te kapab. E, m te suiv jènfi sa yo atravè ane yo, e m te wè ke yo chak te finalman rive sele nan tanp. Si leson an grave nan kè yo, li pap pèdi.

Pandan m t ap gade sèvitè fidèl tankou Jessie Cox yo, m te aprann ke chak dirijan kapab yon vrè bèje, k ap sèvi sou direksyon Bon Bèje nou an, ak privilèj pou dirije ak cheri ak pran swen moun ki konnen epi ki renmen vwa l yo (gade Jan 10:2–4).

Chèche mouton ki pèdi a

Kite m pataje avèk nou yon lòt eksperyans m te fè pandan m te evèk. Yon jou Dimanch maten, m te remake ke Richard, youn nan prèt nou yo ki pa t konn vin souvan, te absan ankò nan reyinyon Prètriz la. M te kite kowòm nan nan men konseye a epi m t al lakay Richard. Manman l te di m ke li t ap travay nan yon garaj nan zòn nan ki te fè reparasyon machin. M te kondi al nan garaj la pou m t al chèche Richard e m te gade toupatou men m pa t ka jwenn ni. Toudenkou, m te santi m pouse pou m te gade nan yon twou bò bilding nan kote pou mekanisyen yo antre pou travay anba machin yo. Nan fènwa a m te ka wè de je k t ap briye. M te tande Richard k te di: “Ou jwenn mwen, evèk!” M ap vini.” Pandan Richard avèk mwen t ap pale, m te di l kijan nou sonje li epi nou bezwen li. M te jwenn angajman nan men l pou li asiste reyinyon l yo.

Aktivite li te amelyore anpil anpil. Li menm ak fanmi li te finalman demenaje, men dezan apre m te resevwa yon envitasyon pou m te pale nan pawas Richard anvan l t al nan misyon. Nan diskou li jou sa a, Richard te di ke pwen tounan nan lavi li sete lè evèk li te jwenn ni kache nan yon twou plen grès epi l te ede l retounen aktif ankò.

Chè frè m ak sè m yo, responsablite nou, m ka menm di devwa solanèl nou, se pou lonje lamen bay tout moun ke nou aple pou touche lavi yo. Devwa nou se pou gide yo al nan wayòm selès Bondye a. Se pou nou toujou sonje ke manto lidèchip la se pa yon manto rekonfò men se yon rad responsablite. Se pou nou lonje lamen pou pote sekou bay moun ki bezwen èd nou ak lanmou nou yo.

Lè nou reyisi, lè nou mennen yon fi oswa yon gason, yon tifi oswa yon ti gason retounen nan aktivite, n ap reponn priyè fèvan yon madanm oswa yon sè, n ap ede akonpli gwo dezi yon mari oswa yon frè oswa yon papa. N ap onore direksyon yon Papa eman epi suiv egzanp yon Pitit Gason obeyisan (gade Jan 12:26; D&A 59:5). Epi non nou ap onore pou tout tan pa moun nou te ede yo.

Avèk tout kè mwen mwen priye pou Papa nou ki nan Syèl la gide nou pandan n ap efòse nou pou n sèvi ak sove pitit li yo.

Ilistrasyon pa Jeff Ward; foto pa David Newman