2009
Modesti: yon prensip etènèl pou tout moun
Jiyè 2009


Modesti: yon prensip etènèl pou tout moun

Fason nou abiye demontre konpreyansyon nou de levanjil Jezikri a.

Imaj
Silvia H. Allred

Youn nan defi manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap rankontre jodi a se obeyi prensip modesti nan yon mond kote endesans ap ogmante san rete. Men osi difisil sa kapab ye, nou kapab montre ke nou se vrèman disip Sovè nou an Jezikri nan obeyi prensip modesti yo nan Legliz la. Modesti anglobe abiman, langaj, panse, ak konduit pèsonèl, men jodi a mwen ta renmen konsantre sou abiman.

Odepa, objektif prensipal abiye sete pou kouvri kò nou epi pwoteje yo kont eleman lanati yo. Objektif sa yo kontinye, menmsi abiye kounyeya sèvi objektif pi konplèks tou. Jodi a li kapab yon ekspresyon anpil bagay tankou richès, ran sosyal, endividyalite, oswa apatenans. Men abiye reflete atitid nou ak valè nou tou. Pou Sen Dènye Jou yo, fason nou abiye demontre konpreyansyon nou sou levanjil Jezikri a ak angajman nou ladan.

Nan yon mond ki tout tan ap eseye rabese santiman nou sou kiyès nou ye ak kisa nou kapab devni, obsève prensip modesti a kapab amelyore konfyans nou. Lè nou viv ak anseye prensip sa a, nou kapab ede enspire menm konfyans sa a nan jenerasyon apre a.

Kisa modesti ye?

Bwochi Pou fòs jèn yo ofri direksyon debaz pou modesti. Bwochi sa a valab ni pou jèn yo ni pou adilt yo: “Abiye endesan enkli bout chòt ak jip kout, rad sere, mayo ki pa kouvri lestomak nou, ak lòt abiman dekòlte. … Fi yo dwe mete rad ki kouvri zepòl yo epi evite rad ki dekòlte devan oswa nan do oubyen ki dekòlte nan tout lòt fason. …Gason yo dwe gen modesti nan aparans yo. Nou tout dwe evite ekstrèm nan abiye, nan aparans, ak fason nou penyen. Toujou rete pwòp epi nèt epi evite parèt neglijan oubyen pa apwopriye nan abiye, aparans ak makiyaj, ak manyè. Mande tèt ou: ‘Èske m t ap santi m konfòtab avèk aparans mwen si m ta nan prezans Senyè a?’”1

Chèche gidans Lespri a lè w ap chwazi abiman modès. Epitou, lè w ap konsidere prensip ki asosye avèk modesti yo, li t ap bon pou ou si w ta poze tèt ou kèk kesyon espesifik tankou sa yo:

  • Èske m ekspoze twòp nan kò mwen lè m chita, bese, leve men m, oubyen lè m ap monte eskalye?

  • Èske m atire atansyon sou mwen nan abiye avèk rad ki atiran oswa pwovokan?

  • Èske m bezwen ajiste, kouvri, oubyen rearanje vètman tanp mwen pou m kapab abiye avèk yon rad?

Poukisa modesti?

Lè nou pi byen konprann doktrin ki dèyè prensip modesti yo, nou reyalize ke modesti se vèti ki gide ak mezire aksyon nou.

Doktrin ki dèyè modesti a kòmanse avèk konesans nou ke nou se pitit Bondye, li kreye nou dapre pwòp imaj li (gade Moyiz 2:27) Kò nou se don sakre Papa nou ki nan Syèl la fè nou epi yo gen objektif espesifik li planifye pou yo. Antanke moun rekonesan, nou montre rekonesans nou pou don sa a lè nou trete kò nou jan li mande nou an (gade D&A 88:33). Nou aprann pou n fòme, kontwole, ak bride kò nou ak itilizasyon fizik li pou n kapab vin tankou Papa nou ki nan Syèl la.

Depi nan kòmansman an, Senyè a te mande pitit li yo pou yo kouvri kò yo. Apre Adan ak Èv te fin manje fwi defandi a, je yo te louvri epi yo te vin konsyan ke yo te toutouni. Adan ak Èv te eseye kouvri kò yo avèk senp tabliye yo te fè avèk fèy bannann. Men tabliye yo pa t ase, konsa Senyè a te fè abiman an po pi modès pou yo. (Gade Jenèz 3:7, 21.)

Bondye te gen yon prensip pi elve pou yo, menmjan ak jodi a. Prensip li yo se pa prensip mond lan. Jan li di nan Ezayi 55:8–9:

“Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa.”

“Menmjan syèl la byen lwen anwo latè a, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou.”

Yon prensip etènèl

Paske modesti se youn nan “prensip pi elve” Senyè a e non pa yon tandans sosyal pasaje, yo te toujou anseye li atravè tout jenerayon yo. Konsidere lòt egzanp ekriti sa yo sou abiye ak sa yo anseye nou sou modesti.

Modesti montre imilite. Pwofèt Jakòb nan Liv Mòmon an te denonse lògèy ak lanmou pou richès. Li te bay pèp li a konsèy pou yo pa kite kè plen lògèy yo a detwi nanm yo. Youn nan fason yo te montre lògèy depase yo sete nan fason yo te abiye. Jakòb te di yo: “Poutèt kèk moun pami nou te jwenn plis pase lòt frè yo, nou chaje kè nou avèk lògèy, nou mache kou rèd ak tèt dwat, poutèt rad ki chè nou mete, e nou pèsekite frè nou yo paske nou sipoze nou pi bon pase yo” (Jakòb 2:13).

Ide pou nou rete enb nan fason nou abiye a reflete pi lwen nan Doktrin ak Alyans 42:40: “Nou pa dwe gen lògèy nan nou; se pou rad nou yo senp.” Èske sa vle di nou pa kapab abiye chik? Non, nou dwe abiye apwopriye avèk okazyon an, men nou pa dwe touye tèt nou nan mak fabrik oubyen pou nou toujou abiye selon dènye mòd la. Li pi bon pou n itilize resous finansye nou pou objektif ki pi dirab ak pi enpòtan.

Fason nou abiye pou adore montre reverans nou pou Senyè a. Senyè a te mande Moyiz pou l te prepare vètman sakre ki t ap diy pou itilize nan kay sent li a (gade Exodus 28:2). Sa parèt klè nan kòmandman sa a ke Senyè a te santi ke rad chak jou yo pa t apwopriye pou yon kalite bi konsa. Èske nou menm, tankou Moyiz, nou reflete santiman lanmou nou pou Papa nou ki nan Syèl la nan abiye apwopriye pou adorasyon?

Jan egzanp sa yo montre a: “pwofèt Bondye yo te toujou konseye pitit li yo pou yo abiye avèk modesti.”2 Nan epòk pa nou an yo raple nou ke “fason nou abiye reflete sa nou ye andedan. Rad ou ak aparans ou voye mesaj bay lòt moun konsènan ou menm epi sa enfliyanse fason ou menm ak lòt moun aji. Lè nou byen pwòp epi nou abiye avèk modesti, nou envite konpayi Lespri a epi nou ka egzèse yon bon enfliyans sou moun ki bò kote nou.”3

Benediksyon ki asosye avèk modesti

Youn nan benediksyon yo predi ki asosye avèk modesti se yon santiman konfyans ogmante. Yon sè pataje istwa yon zanmi ki te aprann—epi beni pa—prensip modesti a pandan l t ap aprann sou levanjil la:

“Sa gen kèk ane, yon kòlèg te vini legliz avèk mwen. Li te rive lakay mwen alavans abiye nan sa ki tradisyonèl pou klima cho nou an: yon rad ete san manch. Mwen te apresye sans ki te fè l mete yon rad selon sezon an pou ale legliz la, epi nou te ale. Lòt manm pawas yo te akeyi li nan asanble nou an, epi li te retounen plizyèfwa nan semèn apre yo. Li te menm kòmanse vini nan reyinyon anrichisman fwaye, familyal, ak pèsonèl nou yo epi li te mennen plizyè pitit li yo nan Primè a ak aktivite pou jèn yo. Pandan aktivite mitan semèn sa yo nan jounen cho ete sa yo, li te toujou abiye avèk kòsaj san manch ak bout chòt ki te mwatye sere. Li pa t abiye dekòlte, men sete aparan ke li pa t ko konprann prensip Sen Dènye Jou yo.

“Apre plizyè semèn, m te mande li si l te enterese nan aprann plis sou Legliz la nan men misyonè yo. Li te di m ke li te timid e li pa t santi l konfòtab pou pale avèk moun li pa t konnen. Li te vle senpleman kontinye patisipe nan adorasyon ak aktivite pawas nou yo epi li te asire m ke si l ta gen nenpòt kesyon, li t ap mande mwen oubyen kèk lòt moun nan pawas la li te vin byen avèk yo.

“Sa te enteresan pou mwen ke pandan li te kontinye vin legliz la ak nan lòt aktivite Legliz yo, li te kòmanse abiye avèk jip pi long, vètman pi long, ak kòsaj ki te gen manch. Toudabò m te panse ke sa te anrapò avèk sezon lotòn nan ki t ap pwoche a, men mwen te vit reyalize ke li te senpleman pran nòt sou fason Sen Dènye Jou ki te zanmi l yo te abiye.

“Mwen pa konn si chanjman nan abiye l la te sèl responsab pou ogmantasyon konfyans m te kòmanse remake lakay li a, men m panse sete yon pati ladan. Pandan ke l te kontinye aprann prensip levanjil, tankou eritaj divin ni antanke yon pitit fi Bondye, santiman diyite pèsonèl li te ogmante anpil anpil. Konfyans li te ogmante pandan l te kòmanse pi byen konprann rezon ki dèyè kèk nan bagay nou fè yo. Epi, pandan ke konfyans li t ap ogmante, li te vin pi anvi aprann plis sou levanjil la—enkli pran leson misyonè yo, yon bagay ki te konn mete li sou tansyon anvan sa.

“Abiye li sete jis yon aspè nan vin konnen ak konprann prensip ak règleman levanjil yo, men lè l te vin wè ke l te kapab korije aspè sa a nan lavi li, li te wè ke l te kapab fè chanjman pi enpòtan tou. Finalman, chanjman sa yo te mennen nan konvèsyon li nan levanjil Jezikri a epi antre li nan Legliz la. Nan apre a, li te dote nan tanp, e li pa t oblije chanje gadwòb li paske li te deja ap pratike prensip modesti yo.”4

Lè modesti vin vèti ki jere ak modere aksyon nan lavi nou yo, nou menm tou n ap gen yon santiman diyite pèsonèl ogmante. Sonje pwomès nan Doktrin ak Alyans 121:45–46:

“Se pou vèti gani panse ou san rete; apre sa konfyans w ap grandi anpil nan prezans Bondye; epi doktrin prètriz la ap koule nan nanm ou tankou lawouze ki soti nan syèl la.

“Sentespri a ap konpayon ou tout tan, pwoteksyon lajistis ou ak verite ou.”

Se pou nou tout fè efò pou n kalifye pou benediksyon sa yo.

Nòt

  1. Pou fòs jèn yo (bwochi, 2001), 15–16.

  2. Pou fòs jèn yo, 14.

  3. Pou fòs jèn yo,14–15.

  4. Korespondans pèsonèl

Ou pa dwe yon mannken

Yon mannken mete kèlkeswa sa mond lan ap vann. Prensip ou yo pi elve pase sa.

Èske Prensip ou yo ap bese?

Si l twò sere, twò kout, oubyen twò dekòlte, li pa adapte ak prensip Legliz yo. Pa detire prensip ou yo pou w adapte ak pa mond la. (Gade Pou fòs jèn yo, 14–16.)

Pa rabese tèt ou

Fason ou abiye afiche prensip ou. Voye bon mesaj la. (gade Pou fòs jèn yo, 15.)

Prensip

Ou pap janm twò gran pou yo. (Gade Jan 14:15.)

Abiye pou siksè

Abiye kòrèkteman. Pa kite yon move chwa fè w tonbe (Gade Pou fòs jèn yo, 14–16.)

Aspire a yon bagay ki pi wo

Senyè a envite ou pou prepare tèt ou pou antre nan kay li a. Li rezève gwo lapè ak bèl benediksyon. (Gade D&A 88:119.)

Soti agoch: foto pa Busath Photography; foto pa John Luke; foto pa Christina Smith

Agoch: foto pa Craig Dimond; adwat: foto pa Emily Leishman Beus

Soti agoch: foto pa Christina Smith ak Craig Dimond