2009
Foutbòl Dimanch
Jiyè 2009


Foutbòl Dimanch

DJ W., 9 an, Sid dakota, USA

Ekip foutbòl mwen an te ale nan yon tounwa nan Vandredi, Samdi ak Dimanch. Manman m te mande kisa m te pral fè konsènan match Dimanch la. Mwen te di m pa t konnen kisa pou m fè. Manman m te ankouraje m pou m priye, konsa mwen te priye sou sa. Jou swa sa a, chante “Kouraj Nefi a”1 te tache nan tèt mwen. Mwen te konnen Pè Selès la te reponn priyè m yo atravè chan sa a pou m te kapab sonje pou m gen kouraj pou obeyi kòmandman l yo. Nan Dimanch apre legliz, mwen te konnen ekip mwen an t ap jwe. Mwen te yon jan tris paske m pa t ka ede ekip mwen an, men mwen te konnen m t ap fè bagay kòrèk la. Mwen kontan ke Pè Selès la te ede m fè chwa kòrèk la, malgre li te difisil pou fèt.

Nòt

  1. “Kouraj Nefi,” Chan pou timoun yo 120–21.