2009
Vizitè envizib la
Jiyè 2009


VizitèEnvizib la

“Tout sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l pou yo” Matye 7:12

Kè Julia t ap bat vit pandan l te voye je l nan sal vid Klas primè a, avèk mwatye chèz yo pliye ansèk ak tablo a chaje pousyè, te sanble egzakteman avèk sa lakay li a. Men lestomak Julia t ap monte desann pandan l t ap mache antre nan pòt la. Bagay yo gen dwa parèt menmjan, men Julia te konnen se pa t menm bagay. Jodia li te yon vizitè.

Julia te plonje nan chèz ki pi lwen pòt la. Li te renmen tout bagay nan vizit fanmi li te konn fè an ete a pou wè kouzen l yo ak granparan l yo, eksepte pou l se vizitè nan yon pawas diferan an. Chante chan Primè yo ak aprann sou Sovè a te bèl, men li pa t renmen chita pou kont li san l pa konn pèsonn.

Julia pa t renmen tande lòt timoun yo k ap pale ak ri ansanm tou pandan ke yo youn pa menm gade li. Pou li menm, sete kòmsi okenn moun pa t sousye si l te vini ou pa. Sete kòmsi l te envizib—Julia, vizitè envizib etonan an!

Julia te tòde très cheve blond li yo epi li swete ke l te lakay li avèk enstriktè pwòp Primè pa li, Sè Johansson, ak pi bon zanmi li, Hanna. Li te di tèt li pandan l t ap ranje linèt li epi ranje jip li yon lòt fwa ankò, “Petèt fwa sa a ap diferan.” “Petèt si m vrèman eseye, mwen ka fè l diferan.”

Julia te sote lè pòt la te ouvè. Twa jènfi te antre nan sal la, yo t ap pale avèk eksitasyon. De tigason te vini apre yo. Julia te respire rapid epi li fòse bay yon souri.

“Hi!” li te di byen fò. Britsoukou je tout moun te sou li. Figi Julia te vin cho.

“M, hi,” youn nan tifi yo te mimire.

“Eske ou nouvo?” yon lòt tifi te mande.

Julai te netwaye gòj li. “Non, mwen jis ap vizite avèk grann mwen.”

“Oh.”

Chak moun te pran yon chèz. Figi Julia te vin blèm lè l te reyalize ke chak chèz te gen yon moun eksepte sa k te bò kote l la. Pèsonn pa t rache yon mo avèk Julia. Li te gade men li. Li te panse, “Vizitè envizib etonan an fè yon lòt kou.” Dlo te koule soti nan je li.

Yon semèn apre kè Julia te vin pi lejè pandan li t ap travèse koulwa nan legliz la byen vit. Sa tèlman bon lè ou lakay ou! Lè l te antre nan salklas li, Hanna te deja la.

”Hi, Julia! Mwen kontan anpil ou retounen!” Hanna te di.

Julia te chita bò kote Hanna. Lamenm yo te kòmanse ri ak pale. Julia te apèn kòmanse rakonte Hanna semèn ni avèk Grann ni lè yon tifi bèl otè, mens avèk cheve koulè wouj dore te parèt nan antre a. Julia te gade tifi a glise nan chèz ki te pi lwen pòt la epi chita pou kont li.

Julia te panse, “Siman l se yon vizitè.” “Waw, mwen kontan anpil ke se pa mwen menm fwa sa a!” Tifi a te leve je l pou gade bò kote li epi apresa li te bese tèt li ap gade men l. Kè Julia te sere lè l te wè pèsonn pa t di vizitè a yon mo. Li te panse, “Sa pa t dwe difisil konsa pou yon moun vizitè.” “Sa te dwe diferan!” Dimanch pase a te flache nan lespri li pandan yon moman pandan l t ap sonje li menm kòm yon vizitè tris, envizib. Li te bat je li, tann yon moman—li te ka fè l diferan fwa sa a!

Julia te kanpe. Avèk yon souri li te di, “Hi.” Li te travèse sal la epi l t al chita sou chèz bò kote tifi a. “Eske w ap vizite nou jodia?”

Tifi a te leve tèt li avèk je l ouvè byen gran, epi figi li te vin klere. “Wi, m ap vizite matant mwen. Eske w ap vizite tou?”

Julia te souke tèt li. Li te eksplike, “Non, men m konn kijan sa ye.” “Mwen se Julia. Kijan ou rele?”

“Ella”

“Ou vle deplase vin chita avèk Hanna ak mwen?”

Ella te souri epi l te aksepte. Pandan de tifi yo t ap travèse sal la ale dèyè, Julia te santi yon chalè andedan li. “Pa gen plas pou vizitè envizib!” li te panse. “Non si m ka bay èd mwen!”

Ilistrasyon pa Jennifer Tolman