2009
Kostim dekòlte a
Jiyè 2009


Kostim dekòlte a

Pou pwogram fen ane a nan lekòl mwen, nou t ap monte yon prezantasyon mizikal. Mwen te eksite anpil, espesyalman paske m te ladan. Mwen t ale nan repetisyon yo malgre pa t gen pèsonn pou ban m woulib. Men lè pwofesè m nan te montre nou kostim nou ta pral mete a, mwen te pran desepsyon. Li te dekòlte

Mwen te di pwofesè m nan ke m pa t ap mete kostim nan, epi li te fache kont mwen. Li te di m ke okenn nan jènfi yo pa t gen pwoblèm avèk kostim nan epi si m pa vle mete l, mwen pa t ap ka patisipe. Li te menm eseye fè manman m ban m presyon pou mete li. Men mwen te konnen m te dwe kenbe kòmandman yo, konsa m te di mwen pa t ap patisipe.

Apresa, jis kèk jou anvan pwogram nan, pwofesè a te achte nouvo kostim nèf ki te modès. Mwen kontan dèske m pa t panse ke “sèlman grenn fwa sa” sa t ap OK pou m te dekòlte.

Estera C., 12 an, avèk èd Cecilia Squarcia, Itali