2009
Depi anba rive anlè
Jiyè 2009


Depi anba rive anlè

Jènfi sa a ki soti Irigwe konnen kijan pou l ale kote l vle ale.

Lè w gen talan, moun konn di w pafwa ke l ap mennen ou tou dwat rive nan tòp nivo. Men nan ka Joselén Cabrera a, talan li te mennen l tou dwat al anba mond lan—Antaktik. Epi sou wout la li te aprann ke sa vo lapèn pou pousuiv bi ki diy, epi avèk bi sa yo ap gen moun pou ede nan moman bezwen.

Lè l te gen 14 an, Joselén te chanpyon nan yon koukou desen ki te patwone pa Asociación Civil Antarkos nan peyi natif natal li, Irigwe. Pri a: yon vwayaj ale Antaktik pou li menm ak pwofesè lekòl li, avèk yon gwoup lòt etidyan ak pwofesè. Papa l avèk fi ki t ap anseye l art la te ede pou montre Joselén kijan pou l fini desen li te anvizaje a.

Vwayaj la sete yon vwayaj twa etap byen eksitan: toudabò, yon avyon transpò militè soti Montevideo, Irigwe, pou ale Punta Arenas, Chili, apresa yon vòl sou dlo pou ale nan baz Chilyen an nan Antaktik la, suivi pa yon vwayaj pa wout pou ale nan koloni Irigweyen an, Baz Syantifik Antaktik Artigas la, apeprè 3.000 kilomèt soti Montevideo. Plizyè peyi gen baz syantifik loje ansanm nan Zile Wa Jòj la bò kot Antaktik la.

Desen Joselén nan avèk resi vwayaj li pibliye nan yon jounal peyi a, Uruguay Natural.

Joselén di an souriyan ke Antaktik la pa t reyèlman jan l te imajine l la. Desen l lan te montre pengwen ak glas. Sete ete lè l te vizite a—moso nèj sou tè sèch ak kèk pengwen. Men sa te ba l opòtinite pou l te wè plis bagay nan zòn nan. Li te kontan mache toutolon kot la, kote l te wè Glasye Kollins lan, Pasaj Drake la, ak Lak Irigwe a, kote baz peyi l la rale dlo fre. Li te kapab vizite lòt baz yo tou.

Vwayaj la sete yon rèv ki te reyalize pou Joselén, ki gen 19 an kounyeya epi ki se manm Branch Colonia Suiza, nan Distri Colonia nan Irigwe. Depi lè vwayaj la, li fè lòt rèv ki reyalize tou. Youn ladan yo sete akonpli eksperyans Pwogrè Pèsonèl li yo epi resevwa Distenksyon Jènfi Akonpli a. Joselén di li mete meday li a pou l ka sonje sa l akonpli ak sa l kapab devni antanke yon pitit fi Bondye. Kounyeya ke Joselén fini lekòl segondè li, li planifye pou l etidye achitekti nan nivo inivèsite.

Li pa t jwenn anpil opòtinite pou pataje temwayaj li nan lekòl li. Pandan ke zanmi l yo respekte kwayans li, yo pa t konn pale anpil sou relijyon. Joselén dousman anpil men li pa pè kanpe pou sa ki byen. Sa te rive yon fwa lè yon etidyan te di lòt yo nan klas la ke yo fòse Sen Dènye Jou yo peye dim. Li te korije li, non, se pa konsa. Li te di: “Nou bay volontèman”, pandan l te eksplike ke dim se yon ofrann nou fè Bondye volontèman.

Joselén te grandi nan Legliz la, men li te jwenn temwayaj li lè l te gen apeprè douzan epi l te vin konprann ke li pa t ka toujou repoze sou konesans paran li. Li di akeri yon temwayaj “se pa t yon moman ‘Wow!’ Men m te konnen levanjil la pote lajwa pou mwen.”

Li soti avèk sè misyonè yo souvan pandan vakans ete l yo. Pafwa, gen opòtinite pou rann temwayaj bay moun li konnen. Yon jou leson misyonè a sete avèk pi bon zanmi li nan lekòl la. Joselén di “M te di li vrèman sa m santi.” Joselén kontan poutèt li te kapab pataje temwayaj li avèk zanmi l lan.

Li di “Mwen renmen istwa Joseph Smith la, lè l te rankontre yon moman difisil nan Boskè Sakre a epi li te kontinye priye kanmèm” nan (gade Joseph Smith—Istwa 1:15–17). “Mwen enpresyone pa kouraj li.” Li admire fason jèn pwofèt la te rete vrè nan sa l te konnen an, menm lè lòt moun te pase l nan rizib.

Nefi se yon lòt nan ewo l yo. Li di “M enpresyone pa kouraj Nefi lè l pa t kite frè l yo anpeche l la” (gade 1 Nefi 3:14–21; 4:1–4).

Gen yon lòt rèv l ap travay sou li kounyeya, e li konsène yon lòt nan pastan l pi renmen: mizik. Joselén ak sè li, Ileana, fèk sot konplete kalifikasyon yo kòm pwofesè pyano. Joselén renmen jwe mizik—soti nan chan Primè yo rive nan mizik sinema—epi li renmen koute mizik, espesyalman Kè Tabènak Mòmon an.

Li di “Lè m gen yon pwoblèm, yon kantik vini nan lespri mwen.” ”Kantik yo ede m jwenn repons yo.” Li ale nan seminè chak jou lekòl nan chapèl branch li a pa twò lwen lakay li. Li di “Pafwa mwen ale bonè epi m senpleman chita ap jwe chan.”

Lè gen retransmisyon konferans jeneral, li ale bonè pou l kapab chita pou tande prelid mizikal la pa Kè Tabènak la.

Kounyeya ke Joselén te ale nan Antaktik la—yon kote se sèlman kèk grenn moun sou tè a k ap janm ka wè an pèsòn—èske gen yon lòt kote espesyal li ta renmen vizite?

Li di “Mwen ta renmen ale nan konferans jeneral epi koute koral la k ap chante.”

Sa k konnen? Si Joselén kapab rive ale nan fen mond lan, kisa ki ka anpeche l rive nan tòp nan kèlkeswa sa l vle fè.

Foto pa Don L. Searle ak koutwazi fanmi Cabrera; kat pa Thomas S. Child

Sèn soti nan vizit Joselén nan Antaktik la.

Anba: Joselén (an wouj) avèk manman li, Raquel; papa li, Ruben; ak sè li, Ileana. Nan mitan: Joselén avèk souvni vwayaj li yo. Adwat: Joselén k ap pratike klavye.