2009
Sekrè ki mennen nan siksè a
Jiyè 2009


Sekrè ki mennen nan siksè a

Edis Hazel T., 11 an, El Salvador

Lè m te piti epi m t ap aprann li, sa te reyèlman difisil. Men avèk èd manman m ak Pè Selès la, mwen te aprann li. Pi bon zanmi mwen, Renzo, te gen difikilte pou l te aprann li tou.

Yon jou mwen te di li ke m ta renmen ba l yon sekrè pou ede l aprann li paske sa te mache pou mwen. Nou te ale nan lakou lekòl la. Mwen te anseye Renzo kijan pou l priye, epi li te fè yon priyè bay Papa nou ki nan Syèl la, li te mande èd.

Nan fen ane lekòl la, ni Renzo ni mwen menm nou te resevwa meday donè nan lekti gras avèk èd Pè Selès la. Mwen konnen Pè Selès la reponn priyè nou yo.