2009
Fanmi ap solid
Jiyè 2009


Peryòd echanj

Fanmi nou ap solid

“E nou pap mete nan lide nou pou youn fè lòt mal, men pou nou viv nan lapè” ” (Mozya 4:13).

Yon kòd fèt avèk anpil fil ki kòde sere ansanm. Si yon fil kase oswa koupe, li febli kòd la.

Fanmi ou ka konpare ak yon kòd. Chak manm ka reprezante yon fil. Lè nou travay ansanm pou bon bagay, tout fanmi an vin pi solid. Chak manm fanmi an gen yon responsablite pou youn ede fòtifye lòt.

Panse ak Nefi ak sou fason li te ede fòtifye fanmi li. Pandan yo t ap vwayaje nan dezè a, lans flèch Nefi a te kase. Yo pa t ka jwenn anyen pou manje epi yo tout te fatige ak grangou. Anpil nan manm fanmi yo te fache kont Nefi, epi yo te mimire kont Senyè a.

Nefi pa t mimire ni ankòlè. Li te fè yon lòt lansflèch anbwa ak yon flèch ak yon bout bwa dwat. Li te mande papa li, Leyi, kikote li ta dwe ale lachas pou jwenn manje. Lèsa a Nefi te gen posiblite jwenn manje pou fanmi li. Yo te kontan, epi yo te imilye tèt yo epi yo te bay Senyè a remèsiman. (Gade 1 Nefi 16:18–32.)

Ou menm ak manm fanmi ou kapab youn ede lòt rete fèm nan priye ansanm, youn ede lòt, montre jantiyès ak lanmou, li ekriti yo ansanm, fè aktivite ansanm, ak fè sware familyal.

Aktivite

Retire paj Z5 la nan revi a, epi kole l sou yon papye di. Nan sware familyal, pale sou bagay ki kapab fòtifye fanmik w yo. Ekri ide sa yo sou yon tablo. Gen de ide yo deja sigjere. Kwoke tablo a kote fanmi ou kapab wè li epi ale ladan souvan kòm referans.

Fanmi nou ap solid

1. Fanmi nou ka priye ansanm.

2. Fanmi nou ka pase tan ansanm.

3.

4.

5.

6.

Ide pou peryòd echanj

  1. Priyè familyal fòtifye fanmi mwen. Pandan timoun ki pi gran nan klas la ap li 3 Nefi 18:21 awotvwa, mande lòt timoun yo pou yo koute kisa Jezikri kòmande nou pou nou fè (priye an fanmi). Mande repons. Mande sis timoun pou vin devan klas la. Tepe youn nan bandlèt sa yo sou chak timoun nan lòd sa a:, fanmi, priyè, ap, fòtifye, mwen, fanmi. Mande lòt timoun yo ede repozisyone timoun yo pou mo yo ka nan lòd kòrèk la. Resite fraz la ansanm. Montre Pakè Imaj Levanjil la 606 la (Priyè familyal), epi eksplike ke yo ankouraje nou pou nou fè priyè familyal chak swa ak chak maten. Kite timoun yo sigjere bagay yo ka fè pou ede avèk priyè familyal yo. Ekri sigjesyon yo sou tablo a. Fè timoun yo fèmen je yo epi imajine fanmi yo ki ajenou an priyè pandan w ap chante yon chan oswa yon kantik sou lapriyè. Distribye kreyon ak moso papye ki make “Priyè Familyal ap fòtifye fanmi mwen.” Mande timoun yo desine fanmi yo ki ajenou ap priye. Ankouraje yo pou yo pote foto a lakay yo epi kwoke li yon kote l ap raple fanmi yo pou fè priyè familyal.

  2. Lekti ekriti yo fòtifye fanmi mwen. Montre Bib la, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans, ak Pèl Gran Pri a. Jwe yon jwèt devinèt nan bay endis pou ede yo devine ak kiyès nan kat liv yo referans la matche. Paegzanp: “Liv sa a pale sou istwa Joseph Smith epi li gen Atik Lafwa yo” (Pèl Gran Pri a). Lè n fin idantifye chak liv ekriti, fè timoun yo repete non li ansanm. Anseye ke ekriti yo se pawòl Bondye. Yo anseye sou Jezikri ak levanjil li a. Ekriti yo ka fòtifye fanmi nou si nou li yo regilyèman. Distribye youn nan referans ekriti sa yo nan chak klas: Egzòd 20:12; Jan 13:34; Efezyen 4:32; 1 Nefi 3:7; 3 Nefi 18:21; Doktrin ak Alyans 59:7. Bay chak timoun yon bandlèt vyèj ak yon kreyon. Di timoun yo pou yo pote atansyon pandan enstriktè yo ap li ekriti a. Apresa chak timoun dwe jwenn yon bagay ekriti a di ki ta ka ede fanmi li solid ak nan kè kontan. Fè timoun yo ekri li sou bandlèt la epi apresa pataje l avèk manm klas yo. Envite chak manm klas la pou li bandlèt pa yo a pou rès Primè a. Rakonte yon eksperyans kote ekriti yo te fòtifye fanmi ou. Ankouraje timoun yo pou yo li ekriti yo endividyèlman epi an fanmi.

Ilistrasyon pa Dileen Marsh