2009
Priye ak chante pou Papa nou ki nan syèl la
Jiyè 2009


Zanmi pou Zanmi

Priye ak chante pou Papa nou ki nan syèl la

“Chan moun ki jis yo se yon priyè devan m, epi m ap reponn ni avèk yon benediksyon sou tèt yo” D&A25:12.

Imaj
Elder Michael John U. Teh

Lè m te tigason, mwen te konn pèdi bagay tout tan. Mwen te mèt gade tout kote, m pa t kapab jwenn yo. Lè m te konn fin chèche de oswa twa fwa nan kay la san m pa jwenn anyen, mwen te konn priye Papa nou ki nan Syèl la pou l ede mwen. Lè m te gade, mwen te konn jwenn sa m te pèdi a. Sa te rive m souvan lè m te piti. Moman sa yo te ede m aprann gen konfyans ke Papa nou ki nan Syèl la tande epi l reponn priyè m yo.

Lè m te vin pi gran, temwayaj mwen te ranfòse pandan ke Papa nou ki nan Syèl la t ap reponn priyè m yo. Papa nou ki nan Syèl la pa janm lage nou. Ekriti yo di, “Mande, epi y ap ba ou;chèche, epi w ap jwenn; frape, epi y ap louvri pou ou” Matye 7:7. Mwen konnen ke si nou mande avèk yon kè sensè ak yon entansyon reyèl, Papa nou ki nan syèl la ap ba nou repons n ap chèche a.

Lè m te jèn mwen te renmen chan Primè yo. Mwen te renmen chante yo, malgre m pa t toujou konprann tout pawòl yo. Lè m te vin pi gran, m te sonje chante yo, epi yo te ede m fè sa ki bon. Mwen toujou renmen chante chan yo. Mwen sonje “Koulè nou nan Primè se youn, de, twa em}wouj, jôn, ak ble. Yo chak gen yon mesaj pou ou avèk mwen. Chak se yon senbòl vrè!”1 Mwen sonje tou “Si ou gen chans rankontre yon fache, pa kite l rete. Vire l tèt anba rapidman epi souri pou fache a ale.”2 Chan sou nonm saj la ak nonm fou a se yon lòt nan chan m pi renmen yo.3

Mwen konnen chan Primè yo toujou yon sous fòs pou mwen. Kounyeya sa fè m kontan pou m wè timoun yo ap aprann chan Primè yo. Mwen konnen chan yo ap ede nou nan fason yo te ede m nan.

Priye ak chante chan Primè yo lè m te yon tigason te ede m vin konnen Papa nou ki nan Syèl la. Mwen konnen m se pitit Bondye. Mwen te toujou konnen li. Menm lè mwen fè erè, li rete eman ak jenere anvè mwen. Mwen te aprann ke lè nou fè menm yon senp ti bon bagay tou piti, li vide benediksyon sou nou. Pa gen okenn dout sou sa. Li konnen mwen. Li renmen mwen. Mwen se pitit gason li.

Menmjan avèk mwen, ou se pitit Papa nou ki nan syèl la. Kelkeswa sa k rive, menmsi lòt moun vire do ba ou, Papa nou ki nan syèl la pa p fè sa. L ap toujou la. Li renmen ou.

Nòt

  1. “Our Primary Colors,” Kantik pou Timoun,258.

  2. “Smiles,” Children’s Songbook, 267.

  3. Gade“The Wise Man and the Foolish Man,” Kantik pou timoun, 281.

Iilstrasyon pa Matt Smith

Foto pa koutwazi Eldè Teh