2009
Kalifye pou ale ak patisipe nan adorasyon tanp
Jiyè 2009


Mesaj vizit nan fwaye

Kalifye pou ale ak patisipe nan adorasyon tanp

Anseye ekriti ak sitasyon sa yo oubyen, si nesesè, yon lòt prensip ki ap beni sè w ap vizite yo. Rann temwayaj sou doktrin nan. Envite moun w ap anseye yo pou yo pataje sa yo te santi ak aprann.

Kijan m ka prepare pou adorasyon nan tanp?

Silvia H. Allred, premye konseye nan prezidans jeneral Sosyete Sekou a: “Tanp lan se kay Senyè a. Li dirije kondisyon pou itilize l yo, òdonans ki dwe administre ladan, ak prensip ki kalifye nou pou n antre ladan l yo. … Diyite pèsonèl se yon kondisyon esansyèl pou jwi benediksyon tanp yo. Nou prepare nan obeyi kòmandman yo ak chèche fè volonte Bondye” (“Holy Temples, Sacred Covenants,” Lyawona, Nov. 2008, 113).

Èldè David B. Haight (1906–2004) nan Kolèj Douz Apot yo: “Nou menm ki ale nan tanp nou dwe viv nan yon fason ki ap ede nou pou n diy pou n antre epi totalman patisipe. … Nou egzamine diyite nou pou antre nan tanp nan … entèvyou avèk dirijan Prètriz yo. Siyati nou, avèk pa yo, sou rekòmandasyon tanp nou temwaye de diyite nou pou antre nan tanp lan” (“Come to the House of the Lord,” Ensign, Me 1992, 15).

Ki benediksyon ki kalifye nou pou adorasyon tanp epi pèmèt nou patisipte nan adorasyon nan tanp?

D&A 110:7:“M ap manifeste mwen devan pèp mwen an avèk mizèrikòd nan kay sa a.”

Prezidan Howard W. Hunter (1907–95): “Annou prese al nan tanp osi souvan tan nou ak mwayen nou ak sikonstans pèsonèl nou pèmèt nou. An nou ale non sèlman pou zansèt desede nou yo, men tou an nou ale pou benesiksyon pèsonèl ki genyen nan adorasyon tanp yo, pou sentete ak sekirite nou jwenn andedan mi sanktifye ak konsakre sa yo. Tanp lan se yon plas bote, se yon plas revelasyon, se yon plas lapè” (“The Great Symbol of Our Membership,” Tambuli, Nov. 1994, 6).

D&A 38:32: “Se la m ap ba nou lalwa mwen an; epi se la nou pral dote avèk pouvwa ki soti anlè a” (gade tou D&A 95:8).

Èldè Robert D. Hales nan Kolèj Douz Apot yo: “Benediksyon dotasyon nan tanp yo esansyèl pou nou chak menmjan ak batèm nou. Pou rezon sa a nou dwe prepare tèt nou pou nou kapab pwòp pou n ka antre nan tanp Bondye a. Travay nan tanp se yon opòtinite pou akonpli dotasyon ak alyans pèsonèl nou pou vivan yo epi pou n akonpli menm òdonans sa yo pou rachte mò yo tou. Se pou rezon sa a nan ekriti yo yo enstwi nou pou nou bati tanp epi prepare lavi nou pou n diy pou patisipe nan òdonans ak alyans sakre tanp yo. …

Objektif prensipal tanp se pou founi òdonans nesesè pou egzaltasyon nou nan wayòm selès la. Òdonans tanp yo gide nou vè Sovè nou an epi yo banou benediksyon ki vini atravè Ekspyasyon Jezikri a” (“Benediksyon tanp,” nan Inivèsite Brigham Young 2005–2006 Diskou [2006], 1, 4).

Prezidan Gordon B. Hinckley (1910–2008): “Chak gason oswa chak fi ki ale nan tanp nan yon espri senserite ak lafwa kite kay Senyè a kòm yon pi bon gason oswa yon pi bon fi. Gen bezwen pou amelyorasyon konstan nan tout lavi nou. Gen bezwen pafwa pou n kite bri ak ajitasyon mond lan epi antre andedan mi kay sakre Bondye a, kote sa a pou n santi lespri li nan yon anviwonman sentete ak lapè” (“Of Missions, Temples, and Stewardship,” Ensign, Nov. 1995, 53).

Andedan: foto Tanp Mérida a nan Meksik pa Marcos Gonzalez; nan fon: foto Tanp Novou a nan Ilinwa pa John Luke