2009
Prensip yo: Menm mezi a pou tout moun
Jiyè 2009


Prensip yo: Menm mezi a pou tout moun

Grandèt yo nan yon pye an Angletè ap dekouvri pou tèt pa yo benediksyon ki soti nan prete pi plis atansyon ak Pou Fòs Jèn yo.

Sarah Edwards, Emily Bowles, ak Eleanor McKee renmen al achte nan magazen, epi lè yo rive nan magazen rad yo nan Nòtanmtonn, Angletè, jèn sen dènye jou sa yo pote avèk yo alafwa lajan kach ak yon lòt bwochi. Menm bwochi sa a gide paran yo lè y ap achte rad oswa chèche yon fim pou yo gade.

Nan pye Nòtanmtonn an Angletè a, ni grandèt yo ni tinedjè yo pran Pou Fòs Jèn yo akè. Li ede paran yo evalye fim ak pwogram televizyon yo gade ak aktivite yo patisipe. Li te ede kèk lòt viv Saba a pi konplètman epi nan lajwa avèk fanmi yo. Anfèt, grandèt yo nan pye a te kòmanse rele li “Pou fòs nou ” paske li aplike egalman pou yo tou.

Prezidan Clive Joliffe, ki te relve kòm prezidan pye ane pase, di, “Nou t ap pale ak priye sou fason pou ede fanmi yo pwogrese nan levanjil la ak ede yo prepare pitit yo pou misyon ak maryaj nan tanp, epi nou te jwenn enspirasyon pou itilize bwochi Pou Fòs Jèn yo. Nou te vle tout fanmi yo konprann prensip yo ki ap pote bonè ak lajwa pou tout manm fanmi yo.”

Jèn yo nan pye a te remake—ak apresye—diferans atansyon espesyal sa a te fè nan pwòp fanmi yo. Eleanor McKee, 19 van, di “Sa reyèlman enpòtan pou n kenbe prensip yo, epi antanke jèn nou gade sou grandèt yo, konsa Pou Fòs Jèn yo raple yo prensip nou tout ta dwe viv yo.” “Li bon pou yo raple nou tout sa yo atann de nou epi fè sèten ke pa gen okenn prensip diferan pou moun diferan.”

Daniel Kitsell laj disetan nan pawas Huntingdon ajoute, “Mwen renmen Pou Fòs Jèn yo paske li pa sèlman pou jèn yo, men m konnen paran mwen a p suiv li tou, epi li ede yo kenbe prensip yo.”

Yon fanmi ki te santi efè ki genyen nan suiv konsèy sa a se fanmi evèk Richard Auger nan pawas Banbury a; madanm ni, Gill; ak de pitit fi yo, Hannah ak Charlotte, toude fèk sot marye nan tanp Lond Angletè a. Evèk Auger, yon enspektè nan Polis Thames Balley, byen konsyan de mank prensip nan mond lan ak efè sa genyen sou jèn yo ak konpòtman yo. Li di, “Gill avèk mwen te itilize Pou Fòs Jèn yo pou aprann wòl nou kòm paran yon fason pou nou ka rete konsistan epi chita sou ekriti.”

“Pandan tifi yo te nan laj tinedjè yo, nou te itilize l kòm yon gid tou pare epi nan anpil fason diferan. Lè tifi yo te bezwen al achte rad nèf, sa te ba nou anpil sousi, konsa nou te voye yo avèk bwochi Pou Fòs Jèn yo a pou yo te ka gade ladan lè y ap fè chwa yo.”

Hannah, 21 an, di, “Nou te mete bwochi a nan bous nou paske li deklare klèman kisa ki apwopriye ou pa.” Sè yo te aprann ke yo te ka rann kèk rad pi bon avèk yon tikras kouti oswa nan ajoute akseswa. Charlotte, 19 an, ajoute, “Hannah avèk mwen pa t janm santi ke paran nou te pran desizyon yo pou nou. Nou te konnen ke paran nou t a p suiv pwofèt la ak Sovè a, epi konsa si nou suiv paran nou, nou t ap toujou viv ansèyman Sovè a tou.”

Anpil grandèt di ke anplis founi prensip sou modesti ak chwa saj sou medya yo, bwochi a se yon benefis pou yo paske li ede yo pote plis atansyon sou konsèy pwofetik sou obsève jou Saba a. Sue Preece, prezidant Sosyete Sekou nan pawas Kettering, konsidere Pou Fòs Jèn yo kòm yon “zouti nou ka itilize pou fè efò rive nan pèfeksyon. Nou pa sispann bezwen machasuiv sa yo lè nou rive nan laj 18 an. Yo pouse m fè evalyasyon sou fason m ap aji, epi te gen kèk chanjman ki te rive nan lavi m ki ka sèlman mennen m pi pre Papa m ki nan Syèl la. Paegzanp, Saba a vin tounen yon vrè refij pou mwen, jis paske m fè yon ti chanjman nan fason m obsève jou sa a.”

Sè A. J. Hough, nan pawas Kettering lan tou, pale sou fason atansyon espesyal pou Pou Fòs Jèn yo te ede l vin yon pi bon paran: “Paske m te gen tinedjè, m te vle asire m ke mwenm menm tou, m t ap viv prensip yo konplètman. Mwen te detèmine pou jwenn fason m te ka “leve nivo a’ epi tabli yon bon egzanp. Mwen te deside sou seksyon ‘Obsève Jou Saba a’ epi m te fikse tèt mwen nouvo bi pou amelyore kalite egzanp mwen ye pèsonèlman. Mwen espere mwen ka gen pi bon enfliyans sou moun mwen renmen pi plis yo—fanmi m. Kounyeya nou itilize bwochi a pandan sware familyal. Epi kit se pou eseye fè tèt nou travay pou kreye aktivite familyal nou yo oswa planifye davans pou obsève Saba a konplètman, nou itilize prensip sa yo pou gide nou.”

Kalite egzanp sa yo pa manke nan mitan jèn yo nan pye a. Tankou anpil jèn gason, Josh Reynolds yon prèt 16 an nan pawas Kettering nan renmen foutbòl epi li te jwenn siksè pou kòmanse pandan l te jèn. Men pwoblèm te leve lè l te vle jwe ansanm ak kèk nan zanmi li nan ekip lokal la ki te jwe match yo jou Dimanch. “Manman m ak papa m te eksplike m poukisa ak kòman antanke manm legliz la nou bezwen kenbe jou Saba a sen. Mwen te aksepte sa epi apre yon ti tan m pa t santi m fache. Mwen ekstrèman rekonesan pou paran mwen ki te tabli yon bon egzanp pou mwen epi anseye m pou kenbe jou Saba a sen.”

Heather Slattery , yon paran senk pitit nan pawas Kettering nan, di, “Pafwa antanke paran ak grandèt nou konsidere prensip sa yo kòm valè pou jèn yo epi nou bliye ke nou sijè ak tantasyon egzakteman menmjan ak jèn yo. Pou Fòs Jèn yo se yon rapèl konstan ke nou bezwen kenbe ba fè a fèm ansanm ak jèn nou yo epi travay ansanm, pandan nou youn ap fòtifye ak sipòte lòt antanke pitit Papa nou ki nan Syèl la.”

Pa gen okenn dout ke manm nan pye Nòtanmtonn yo santi yo pi solid antanke moun ak fanmi nan suiv direksyon ki nan Pou Fòs Jèn yo. Prezidan Joliffe rezime santiman l yo konsa: “Bwochi a enspiran epi li prepare yon fason pou nou chak kapab klèman wè kisa Papa nou ki nan syèl la ap atann nan men pitit li yo. Mwen te eseye viv selon prensip yo yon fason pou pitit mwen yo te ka ankouraje suiv egzanp mwen. Mwen gen yon temwayaj solid ke nou beni paske nou jwenn konsèy klè sou fason nou dwe viv pou nou kapab kalifye pou tout sa Papa a genyen pou nou.”

Lè Josh Reynolds te devan yon chwa konsènan patisipe nan espò jou dimanch, bon egzanp ak ansèyman paran l yo te ede l pran bon desizyon an.

Sarah Edwards, Eleanor McKee, ak Emily Bowles te reyalize ke Pou Fòs Jèn yo se yon gid pratik lè y ap achte rad.

Fanmi Auger—Charlotte, Gill, Richard, ak Hannah—rekonèt depi lontan ke li enpòtan pou paran yo ak pitit yo kenbe menm pozisyon nan sa ki konsène prensip yo.

Foto pa Simon Jones