2009
Benediksyon pou patizan lapè yo
Jiyè 2009


Vin tande vwa yon pwofèt

Benediksyon pou patizan lapè yo

Soti nan yon diskou k te fèt nan Inivèsite Brigham Young jou 6 Fevriye 1994.

Imaj
President Henry B. Eyring

Lè nou gade nan jounal ak nan televizyon, nou pa wè anpil sou lapè. Chak jou nouvèl yo ranpli ak vyolans nan tout mond lan.

Sovè a te di, “Epi tout moun ki renmen mete lapè, yo beni, paske y ap rele yo pitit Bondye” (3 Nefi 12:9).

Lè m te li sa pandan m te tigason, mwen te poze tèt mwen kesyon sou pwomès la. Li pa t sonnen tankou yon bagay trè gloriye. Men kounyeya mwen reyalize ke pwomès la alafwa gloriye epi sèten. Moun ki ap gen lavi etènèl yo se pitit Bondye.

Mwen temwaye ke Bondye konnen ou. Li sousye pou moun ki bò kote ou yo, epi li renmen ou. Ou se disip li, epi sa fè ou tounen yon limyè pou lòt moun. Lè ou aji avèk lafwa pou ofri levanjil la ak lapè bay moun ki bò kote ou, y ap santi limyè Sovè a. W ap montre yo chemen an.

Mwen temwaye ou ke Bondye vivan; Jezi se Kris la. Mwen santi lanmou li pou ou. Mwen konnen Sovè a te pale verite lè l te di, “Benediksyon pou patizan lapè yo.”

Yon sware familyal tèt chaje

Chak fwaye gen moman kote yo bezwen yon patizan lapè. Prezidan Eyring ak Sè Eyring gen kat pitit gason ak de pitit fi. Yon fwa pandan timoun yo te piti, Prezidan Eyring t ap anseye yon leson sware familyal sou lapè. Pandan l t ap anseye, li te remake ke de nan ti gason l, youn t ap choute pye lòt! Men lè de ti gason yo te vin pi gran, yo te aprann kijan pou yo patizan lapè epi youn te vin pi bon zanmi ak sipò lòt la.

Ki kèk okazyon w konnen fanmi ou bezwen yon patizan lapè? Kisa ou ka fè pou ede?

Nou bezwen patizan lapè!

Men yon sitiyasyon kote yo te bezwen yon patizan lapè. Mete foto yo nan lòd soti premye pou rive dènye pou montre kijan dezi yon timoun pou l vin yon patizan lapè te afekte fanmi li.

A

B

C

D

Repons:

Kijan nou te resevwa Beyatitid yo

“Benediksyon pou patizan lapè yo” se youn nan ansèyman Jezi yo ki rele “Beyatitid yo” (gade Matye 5:1–11. Beyatitid yo se fason pou n viv yon lavi kè kontan. Yo chak rakonte yon kalite benediksyon nou resevwa lè nou suiv yon kalite ansèyman. Me kijan nou te resevwa Beyatitid yo:

1. Yon jou yon foul moun t ap suiv Jezi. Yo te tande ke li te ka geri moun malad epi fè lòt mirak. Yo te vle tande l ap anseye.

2. Jezi te toupre yon ti bit tè, oswa mòn. Li te mache yon tikras pou monte anlè ti bit la epi li te fè yon diskou, oswa sèmon.

3. Nan sèmon li a, Jezi te anseye moun yo fason pou yo viv pou Bondye te ka beni yo. Mo beyatitid la vle di “pou ou kontan” oswa “pou ou jwenn benediksyon.”

4. Diskou Jezi te fè jou sa a rele Diskou (Sèmon) sou Mòn nan. Apre l te resisite, Jezi te fè yon diskou menmjan an tou devan moun an Amerik yo lè l te vizite yo a (gade 3 Nefi 12:3–11).

  • Lòd kòrèk la se C, A, D, B.

Prens Lapè a, pa Simon Dewey; foto dove © Corbis; Diskou sou Mòn nan, pa Harry Anderson; ilistrasyon pa Beth Whittaker