2009
Yon tès onètete
Jiyè 2009


Yon tès onètete

Se pa t yon tès abilte nan matematik nou oswa amitye nou; sete yon tès onètete.

Patricia: Pi bon zanmi mwen, Francini, avèk mwen se kèk nan pami sèl manm Legliz la nan lekòl nou nan Brezil, e nou souvan wè ke ti bagay nou fè yo fè yon gwo diferans.

Youn nan ti bagay sa yo te rive nan yon klas matematik yon jou Samdi ke Francini avèk mwen nou te genyen ansanm. Nan jou patikilye sa a, Francini te absan. Pandan klas la, yo te pase fèy egzamen nou te fè kèk jou anvan an. Mwen pa t pote anpil atansyon lè pwofesè a te mete egzamen Francini a sou biwo mwen epi l te mande m pou te bali l.

Paske Francini avèk mwen te deja pale sou kijan nou te panse nou te fè egzamen an, mwen te etone wè ke nòt li te pi wo pase sa nou te atann. Mwen te gade tès li a e m te wè ke enstriktè a te bliye mete move nòt pou yon repons ki pa t kòrèk. San menm panse, mwen te di pwofesè a ke nòt Francini an te twò wo.

Sa m pa t reyalize sete ke tout klas la t ap gade. Osito ke m te pale, klas la te kòmanse kritike mwen, yo t ap di ke m pa t dwe fè yon zanmi sa eke m te sèlman vle pou nòt pa mwen pi wo pase pa li.

Mwen te boulvèse epi fache pa repons lan. Mwen te sèten ke sa m te fè a sete sa Francini t ap fè tou. Men yon moun te di ke sa te enposib pou yon moun onèt nan pwen pou bese pwòp nòt li. Tout moun te gade m tankou yon trèt pou zanmi m nan. Mwen te eseye di yo ke Francini t ap onèt nan nòt li a epi gen moun vrèman onèt ki toujou egziste nan mond lan.

Apre anpil pale, pwofesè a ak klas la te deside pou yo te teste nou. Pwofesè a te di li t ap kite nòt Francini jan l te ye a epi li t ap tann pou wè reyaksyon li nan Lendi.

Mwen pa t renmen ide a. Mwen te santi ke teste Francini pa t jis. Men pwofesè a te pran desizyon li, e mwen pa t ka chanje sa.

Wikenn sa a m te angwase sou sa k t ap gen pou rive, malgre ke m te gen konfyans ke Francini t ap fè sa ki byen an. Mwen te priye avèk fèvè pou l te remake erè a nan tès li a.

Nan Lendi nan klas matematik la, tout klas la t ap veye pandan yo t ap gade Francini pran tès li a.

Francini: Tout suit apre klas la te kòmanse nan Lendi, pwofesè a te lonje tès matematik mwen an ban mwen. Mwen ta pral depoze li san m pa t reyèlman gade li, men nan moman an mwen te remake ke nòt mwen te pi wo pase sa m te atann. Mwen te leve men mwen epi m t al sou biwo pwofesè a. Mwen te mande l si l te korije tès mwen an kòrèkteman, epi li te reponn wi. Lè sa a m te montre l tès la epi m te di, “Men m te fè yon erè.” Nan moman sa a Patricia te vin sou biwo pwofesè a tou epi li te di l ke l te kite yon move repons san mak tou nan tès li a epi avèk tout konfizyon k te genyen nan Samdi yo, li pa t remake sa.

Klas la te chofe imedyatman. Gen moun ki te kòmanse mimire di ke Patricia te di mwen, men gen lòt ki te fè souri anbarase. Mwen te etone pa tout reyaksyon diferan sa yo pou evenman sa yo.

Nan apre, Patricia te eksplike sa k te pase Samdi a. Mwen te etone konnen ke m te pase yon tès ki pa anrapò avèk matematik epi kanmarad klas mwen yo te reponn zanmi m nan nan fason sa a. Men, mwen te kontan dèske m te onèt epi priyè Patricia yo te ede m remake erè nan tès mwen an rapidman. Mwen rekonesan pou zanmi m nan ki te kwè nan mwen an tou.

Patricia ak Francini: Nou toulède te aprann yon gwo leson apati eksperyans sa a. Temwayaj nou grandi konsènan wòl enpòtan Sen Dènye Jou yo genyen nan rete temwen Jezikri ak rete egzanp prensip li yo. Nou rekonesan anvè Senyè a pou levanjil li a, ki ba nou opòtinite pou n fè yon diferans.

Ilistrasyon pa by Natalie Malan