2009
Eske m t ap viv levanjil la totalman?
Jiyè 2009


Eske m t ap viv levanjil la totalman?

Etid ekriti m yo ap oblije tann. Touletwa pitit gason m yo te reveye—epi pi bonè pase dabitid. Pi piti a, Caden, ki te gen 18 mwa lèsa a, t ap kriye fò nan bèso li. Mwen te ale nan chanm ni epi m te imedyatman wè ke li te malad.

Se konsa yon Lendi pwoblèm youn apre lòt te kòmanse. Apresa, tout suit apre m te fin chanje rad Caden epi eseye ba l manje, li te chavire yon gwo bokal atè a, gaye sòs pòm tout kote epi voye moso boutèy nan tout kizin nan. Pandan m t ap netwaye gagòt sa a, mwen t ap panse ak tout bagay mwen pa t ko fè yo: jeneyaloji, sèvis, rezèv nan kay, travay misyonè.

“Kijan m ap kapab reyèlman fè tout bagay mwen konnen mwen ta dwe fè yo pandan ke m apèn ka jere tach debaz yo nan jounen mwen?” Mwen t ap mande tèt mwen. Rive nan bonè nan aswè mwen te deja twò fatige, men mwen te ekate panse dekourajan yo pandan dine, sware familyal, ak benyen ti gason yo ak woutin anvan dòmi yo.

Finalman, lè timoun yo te nan kabann, mwen te chita pou fè sa m pa t gen tan pou te fè anvan yo. Mwen te pran Lyawona, Me 2006 la, ki te ouvri nan diskou Prezidan Henry B.Eyring ki titre “Tankou yon timoun” nan. Je m te tonbe sou yon pasaj m te souliye anvan sa: “Konsève benediksyon [chanjman nati] nan kè nou yo ap mande detèminasyon, efò, ak lafwa. Wa Benjamen te anseye omwen kèk nan sa sa ap mande yo. Li te di pou konsève yon remisyon pou peche nou yo chak jou k pase nou dwe nouri moun grangou, abiye moun toutouni, vizite moun malad, epi ede moun espirityèlman ak tanporèlman” Lyawona ak Ensign, Me 2006, 17).

Imedyatman, mwen te santi ankò ke m pa t ap viv levanjil la totalman. Mwen te mande tèt mwen, “Kijan m ka nouri moun grangou, abiye moun toutouni, vizite moun malad, ak ede moun espirityèlman ak tanporèlman lè m apèn kapab pran swen pwòp fanmi mwen?”

Se lèsa a mwen te fè eksperyans yon santiman apwobasyon divin ekstraòdinè. Li te tèlman klè, presi, ak reyèl ke m te konnen mwen te dwe ekri l pou m pa t bliye l. Mwen te ka wè jounen an ap defile nan lespri mwen—ranpli avèk moun grangou m ap nouri, rad m ap lave pou abiye moun toutouni (mwen te chanje rad Caden plizyè fwa), jantiman pran swen tibebe nou an ki te malad, ede pitit senkan nou an prepare yon leson sou travay misyonè pou sware familyal, epi apresa diskite sou pouvwa legzanp avèk manm fanmi mwen—otremandi, ede moun espirityèlman ak tanporèlman.

Enpresyon an te vide sou mwen avèk yon santiman lapè tèlman pwofon ke m te konnen Senyè a t ap di mwen li te aksepte ofrann mwen an. Nan pran swen fanmi m, mwen t ap konfòme m ak avètisman Wa Benjamen ak Prezidan Eyring yo.