2009
Eske dim te ka apeze enkyetid mwen yo?
Jiyè 2009


Eske dim te ka apeze enkyetid mwen yo?

Pandan pi gran pitit mwen an te lekòl epi ti piti yo t ap dòmi, mwen te ouvri fakti pou m te peye yo pou kay la sou tab kuizin nan. Mwen te kòmanse responsablite efreyan chak mwa sa a pa yon priyè pou m te ka jwenn sajès ak kapasite pou te tire maksimòm nan salè mèg nou an. Kòm toujou, chèk dim nan se premye mwen t ap ekri.

Lè mwen te antre nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kòm yon jèn madanm ak manman, mwen te pran angajman pou peye dim. Mwen pa t janm ekate m de pwomès sa a. Sepandan, mwen te dezespere anpil pa mank fon pou kouvri yon lòt t mwa sèvis, ipotèk, ak bil asirans yo ankò.

Kounyeya mwen te yon manman pou kont li ak sis timoun. Mwen te souvan santi m depase pa kantite travay san rete, sousi finansye, ak desizyon san fen yo ki mande m anpil efò pou m kapab alafwa manman ak papa san oken lòt manm fanmi pou soulaje mwen ni ban m sipò.

Pandan m te chita sou tab la ap sipliye Senyè pou èd li ak mizerikòd li, Sentespri a te fè m wè yon bèl manifestasyon rekonfòtan sou lanmou Sovè a. Mwen te gen posiblite wè lajan m dwe pou depans pou kay la avèk yon nouvèl pèspektiv pandan ke priyorite sakre lavi yo te monte nan memwa mwen. Mwen te konnen ke Papa nou ki nan Syèl la te vle m jwenn benediksyon yo pwomèt moun ki fidèlman peye dim ak ofrann yo. Mwen te konnen tou ke peye dim ta dwe yon zak lanmou plen lajwa, san okenn laperèz ni sousi.

Pandan ke Lespri Senyè a te ranpli m nan, mwen te twouve m ap rann temwayaj sou konviksyon m te toujou kenbe fèm epi sakre depi lontan yo. Vwa m te brize silans kuizin nan pandan m t ap deklare ke m ta prefere pèdi sous dlo kay mwen an pase m te pèdi dlo lavi Sovè a ofri a. Mwen ta prefere pa gen manje sou tab nou pase pou n ta rete san Pen Lavi a. Mwen ta prefere andire fènwa ak enkonfò nan rete san elektrisite a pase pou m ta sakrifye Limyè Kris la nan lavi mwen. Mwen ta prefere rete anba yon tant avèk pitit mwen yo pase pou m ta abandone privilèj pou m antre nan kay Senyè a.

Fado enkyetid la te tonbe imedyatman. Lanmou m pou Sovè a te simonte feblès krent mwen yo te anjandre yo. Papa nou ki nan syèl la se delivrans nou, byenfetè nou, ak pwotektè nou. Li reyèlman satisfè tout bezwen nou yo. Pwomès li yo asire epi yo enfayib. Li kòmande nou pou nou peye dim sou revni nou pou l kapab vide benediksyon ki soti nan syèl la sou nou —ladan yo lapè nan lespri, libète anba sousi materyèl mond lan, ak konfyans nan non sakre li.

Depi jou sa a mwen peye dim mwen avèk jwa, san rezèv ni krent, bay li menm epi pou li ki te renmen m an premye a.