2009
Ide pou sware familyal
Jiyè 2009


Ide pou sware familyal

Sigjesyon pou ansèyman sa yo ka sèvi nan klas osibyen nan fwaye a tou. Ou gen dwa adapte ide sa yo pou fanmi ou oubyen klas ou.

“Istwa nan Ekriti yo kòm modèl pou lavi nou,” p. 16: Kòmanse ak lekti istwa David ak Golyat la pandan w ap itilize modèl ki nan atik la. Pandan w ap rakonte yon lòt istwa nan ekriti yo, chèche “yo menm-kote sa a-lè sa a.” Drese lis yo sou papye. Mande kijan istwa a koresponn avèk epòk nou an, nan drese lis “Mwen menm-isit la-kounyeya.” Diskite sou fason metòd sa a kapab ede etid pèsonèl ak familyal ou nan ekriti yo.

“Modesti: Yon Prensip Etènèl pou tout moun,” p. 28: Nan lapriyè prepare leson sa a, paske sijè sa a kapab yon sijè delika. Eksplike modesti ak poukisa li enpòtan, pandan w ap itilize seksyon “Kisa Modesti ye?” a. ”Poukisa Modesti?” epi “Yon prensip etènèl.” Mete aksan sou ide ki di modesti envite konpayi Sentespri a. Rakonte istwa nan seksyon “Benediksyon ki asosye avèk modesti” a, epi envite manm fanmi an pataje benediksyon yo te resevwa oswa obsève nan abiye avèk modesti.

“Bèl bagay yo pi devan,” p. 36: Li istwa a, epi fè manm fanmi an drese lis sitiyasyon ki mande kouraj yo. (Ou gen dwa oblije eksplike konsèp kouraj la pou timoun pi piti yo. Istwa nan paj Z6 yo –Z7 se bon egzanp.) Diskite kijan misyonè a te akeri kouraj ak kijan manm fanmi yo kapab aplike menm prensip la pou bagay ki sou lis pa yo a.

“Toujou fè efò a,” p. 38: Bay chak manm fanmi an yon sèvyèt. Mande chak moun pou pliye sèvyèt la avèk yon men dèyè do li, epi gade kimoun ki ka pliye li pi vit. Pataje istwa nan lavi Eldè Octaviano Tenorio yo. Diskite ki kalite l te genyen ki te ede l atenn bi l yo. Mande manm fanmi an pou pliye sèvyèt yo avèk toulède men yo anfas yo. Diskite poukisa deplwaye yon efò total ede atenn yon pi bon rezilta.