2009
Sèn sou Ekriti yo nan sware familyal
Jiyè 2009


Sèn sou Ekriti yo nan sware familyal

Scott ak Connie Mooy, Utah, Etazini

Lè de pitit nou yo te nan laj lekòl matènèl, nou te gen gwo difikilte pou kapte atansyon yo nan sware familyal. Yon semèn kote nou t ap planifye yon leson sou obeyisans, madanm mwen avèk mwen te dakò pou n te pataje istwa Amon an. Nou te santi ke apre nou te fin pataje istwa a nan liv istwa Liv Mòmon an pou timoun nan, nou ta dwe eseye monte yon sèn avèk li tou. Nou te rasanble jwèt ki reprezante mouton yo epi nou fè yon ti epe an papye. Pitit nou yo te renmen sa epi yo te mande nou pou n refè l plizyè fwa. Nan apre nan semèn nan, yo toulède te mande ki istwa nou ta pral jwe Lendi pwochen.

Atravè ane apre yo, nou te konn enkli “sèn sou ekriti yo” nan sware familyal plizyè fwa. Pitit nou yo te souvan ede nou jwenn oswa fè modèl senp apre nou te fin repase istwa a nan lekti ekriti an fami nou. Nou te konn menm wè yo ap fè repetisyon sou istwa yo pandan y ap jwe.

Nou te monte sèn sou Nefi k jwenn chèche plak yo, Noye k ap bati lach la, David k ap defye Golyat, ekperyans pyonye yo, ak anpil lòt. Nou te mete aksan sou prensip levanjil nou te aprann apati egzanp sa yo, epi pitit nou yo te ka temwaye kijan Papa nou ki nan Syèl la ede nou nan menm fason an jodia.