2009
Bèl bagay yo pi devan
Jiyè 2009


Bèl bagay yo pi devan

“Eske gen je yon moun ki klè?” Premye fwa m te poze kesyon an, m te resevwa de chichòtman kòm repons pozitif. Epi, kèk èdtan apre, silans m te tande a sete repons ke mwen sete dènye moun nan sal la ki pa t ko ka dòmi.

Sete premye nuit mwen nan Sant Fòmasyon Misyonè yo (SFM). Jou sa a, m te di paran mwen orevwa, m te rankontre konpayon mwen ak lòt nouvo misyonè ki t apral Itali yo, epi m te asiste premye klas yo. Mwen te fatige anpil, men lespri m te boulvèse avèk enkyetid. “Nan kisa m foure tèt mwen la a?” M t ap mande tèt mwen san rete. Mwen pa t konnen si m te ka reyèlman aprann pou vin yon misyonè. Eske m t ap gen kouraj pou pran avyon ale nan yon peyi etranje epi pale avèk moun m pa konnen de levanjil la? Petèt mwen pa t sipoze la a. Dlo te kòmanse koule nan je mwen.

Apresa mwen te sonje yon bagay manman m te di m konsènan frè li Larry. Tonton Larry te sèvi misyon li nan Irigwe ak Paragwe nan ane 1970 yo. Odepa li te pase anpil nuit ap reflechi sou enkonpetans li yo. Lè l te santi l pat kapab sipòte ankò, li te leve kite kabann ni, li t al nan twalèt la, epi li te ajenou pou sipliye Papa nou ki nan Syèl la pou ba l lapè. Antouka, avèk èd Senyè a, tonton Larry te reyisi epi l te sèvi yon misyon aplentan.

Mwen te jwenn yon ti espwa nan panse sa a epi m te glise kòm nan koulwa ale nan saldeben an. Anba limyè sonb lan, m te mete m ajenou sou atè frèt la epi m te tonbe kriye. Mwen te sipliye Papa nou ki nan Syèl la pou l te ban m yon santiman lapè pou m te ka gen kouraj pou m kontinye avanse.

Mwen te tann. Anyen pa t rive. Mwen te rete tann tikras plis, tout sa m te tande sete vwa m ki t ap kriye. Finalman, m pat gen lòt chwa ke tounen nan kabann mwen.

Moman anvan dòmi te pran m nan, repons lan te vini. Lespri a te ranpli lespri mwen avèk yon enpresyon chalè ak briyans yon bèl kote. Toudenkou m te konnen ke malgre m t ap gen moman difisil avèk laperèz nan kòmansman, si m te kontinye avanse, mwen t ap rive kote Senyè a te vle mwen rive a. Panse a te ranpli m ak lapè, epi dòmi te pran mwen.

Lespri a te ban m yon ti apèsi sou sa k t ap tann pi devan yo. Nan moman difisil yo pandan sejou mwen nan SFM a, mwen te konn fèmen je m epi sonje sa m te santi a. Avèk priyè ak travay di, mwen te kontwole krent mwen yo.

Anvan lontan m twouve m nan vil Jèn, Itali, avèk nouvo konpayon mwen. Nan kuizin apatman nou an te gen yon pòt anvit ki te mennen sou yon balkon. Mwen t al sou balkon an epi m te voye je gade vil la. Mwen te deja konnen epi renmen vil sa a. Sete kote m te wè nan lespri m nan jou swa sa a nan SFM a. Mwen te konnen Senyè a te dirije m rive nan moman sa a, ke m te egzakteman kote m te dwe ye a.