2009
Charite te ranpli kè nou
Jiyè 2009


Charite te ranpli kè nou

Pitit fi m yo, laj 8 ak 10 an, te sanble ap grandi avèk gwo gwo distans antre yo. Antanke manman yo, sa te fè m mal andedan pou gade youn ap joure lòt ak move rega youn te souvan konn bay lòt.

Pandan moman sa a mwen t ap priye Senyè a sensèman pou ede m avèk pwòp feblès pa m yo. Mwen te priye pou l te ka ede m aprann kisa m te bezwen fè pou aprann sa k rele charite, epi mwen te jwenn direksyon pou m ale nan kèk bèl pasaj nan ekriti yo.

Yon jou swa bagay yo te vin pi mal avèk pitit fi m yo. Mwen te pèdi kontwòl mwen epi, apre m te fin fè gwo kòlè epi eklate sou yo, m te soti deyò a pou m te ka kalme epi reflechi. Apre kèk minit, Lespri a te kòmanse adousi kè mwen, li te pouse m retounen andedan pou prezante eskiz bay pi gran pitit fi m nan, ki te pi plis sibi kòlè m nan.

Lè m te antre nan chanm ni mwen te wè pitit fi 10 an m nan ajenou bò kabann ni, ap kriye. Li te leve je gade m avèk dlo nan je li epi li te di, “Mwen pa konnen kisa pou m fè.” Li te di m li te anvi priye ak li ekriti yo pou l te kapab santi l pi byen, men li pa t kapab paske l te santi l pa bon.

Lè l te di m kijan li te regrèt pou sa l te responsab nan kerèl nou an epi apresa l te di m pa dwe santi m koupab, o, mwen te santi m wont. Nou te pale pandan yon ti moman epi apresa nou te ale nan ekriti yo, kote nou te li sou charite, “lanmou pi Kris la” (Mowoni 7:47), epi pataje kèk nan bagay mwen te aprann yo. Nan moman sa a pi jèn sè l la te voye je nan chanm nan epi nou te envite l vin jwenn nou. Lèsa a mwen te eksplike, ak pawòl yon moun yuitan te ka konprann, kisa nou te li sou charite.

Lè m te fini, toulède tifi yo te vire gade m avèk je yo byen kale epi yo te eksprime dezi yo pou yo ka ranpli avèk gwo lanmou sa a yo pale nan ekriti yo. Lèsa a nou te ajenou epi, jan Mòmon konseye a, nou te enbleman mande Papa a pou ranpli nou avèk lanmou sa a (gade Mowoni 7:48).

Touche pa Lespri a, nou pa t ka fè lòt bagay sinon kriye. Nou te leve ajenou an, nou te anbrase, epi n te eksprime lanmou nou youn pou lòt. Nan moman sa a mwen te wè yon relasyon solidarite fratènèl ak amitye etènèl kòmanse jèmen ant pitit fi m yo, epi mwen te rekonfòte.

Relasyon yo te kontinye grandi depi moman sa a. Yo te gen yon pi gwo dezi pou travay sou diferans yo, montre plis pasyans, epi pataje sa yo genyen. Mwen rekonesan pou dezi jis yo ak efò yo.

M ap toujou cheri eksperyans sa a, epi mwen priye pou kapab gen plis tankou li pandan n ap kontinye fòtifye lyen charite ak lanmou yo nan fwaye nou.