2009
Kòmantè
Jiyè 2009


Kòmantè

Pi pre Papa nou ki nan Syèl la

Mwen reyèlman kontan pou m resevwa Lyawona a chak mwa. Li gen atik enpòtan sou fason pou n viv lavi nou. Gras avèk nimewo konferans yo, ki pote mesaj pwofèt la ak lòt dirijan Legliz yo, mwen aprann kisa Papa nou ki nan Syèl la vle nou fè ak kijan nou dwe fè li. Revi yo gen bèl mesaj pou itilize nan sware familyal nou yo. Premye bagay mwen chèche nan Lyawona a se atik pou jèn yo, e chak fwa m li yo, mwen santi m pi an sekirite ak pi pre Papa nou ki nan Syèl la.

Karina Chavez, Nikaragwa

Fòs pou simonte

Mwen itilize Lyawona a kòm yon gid nan lavi mwen. Li pèmèt nou obsève lavi moun modèn yo epi wè tèt nou nan menm sitiyasyon yo. Mwen itilize eksperyans yo nan diskou ak nan sware familyal tou. Egzanp nan Lyawona yo ede yon zanmi konprann ke nou se Kretyen tou e pandan ke n ap fè fas ak pwoblèm menmjan avèk tout moun, levanjil la ba nou fòs pou nou simonte yo.

Ana Perlini, Angletè