2010–2019
Mesaj la, Siyifikasyon an, ak Foul la
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Mesaj la, Siyifikasyon an, ak Foul la

Nan mitan gwo bri ak vakàm yo nan epòk nou an, se pou nou fè efò pou nou mete Kris la nan sant lavi nou, lafwa nou, ak sèvis nou.

Frè m ak sè m yo, foto sa a se Sammy Ho Ching, nan laj sèt mwa, ki t ap gade konferans jeneral la nan televizyon lakay li mwa Avril ki sot pase a.

Imaj
Sammy Ho Ching k ap gade konferans

Lè moman t ap apwoche pou yo te soutni Prezidan Nelson ak lòt Otorite Jeneral yo, men Sammy te okipe nan kenbe bibwon li. Konsa li te fè pi bon bagay ki te posib la.

Imaj
Sammy Ho Ching pandan soutyen an

Sammy te totalman bay yon nouvo sans pou yon nouvo konsèp vote ak pye nou.

Byenveni nan konferans semianyèl Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Kòm antre pou diskisyon m pral fè sou siyifikasyon rasanbleman de fwa pa ane sa yo, m ap envoke sèn sa a nan resi Lik la nan Nouvo Testaman an:1

“Epi sete konsa, pandan Jezi te preske rive nan Jeriko, gen yon mesye avèg ki te chita sou bò wout la ap mande:

“… Li te tande [yon] foul moun k ap pase, e li te vle konnen rezon an.

“ … Yo te di li, ke se Jezi moun Nazarèt la ki t ap pase.

“Epi li te rele, pou l di, Jezi, oumenm pitit gason David la, gen pitye pou mwen.”

Paske foul la te etone devan odas li, yo te eseye fè l fèmen bouch li, men “li te rele pi fò toujou.” Kòm rezilta pou pèsistans li, yo te mennen li bay Jezi, ki te tande siplikasyon plen lafwa l la pou l te ka rejwenn vizyon li epi li jwenn gerizon.2

Eksperyans sa a toujou frape m chak fwa mwen li l. Nou ka santi detrès mesye sa a. Nou ka pr↕ske tande li k ap rele byen fò pou atire atansyon Sovè a. Nou souri paske li te refize kite yo fèmen bouch li—anfèt, li te gen detèminasyon pou l te rele pifò lè tout moun t ap di li pou l te bese vwa li. Sa, poukont li, se yon istwa touchan sou yon lafwa trè inebranlab. Men, tankou pou tout ekriti, pi plis nou li l, se plis nou jwenn lòt bagay ladan.

Yon ide ki te frape m dènyèman se bon sans mesye sa a te genyen pou l te gen moun ki te espirityèlman sansib bò kote li. Tout siyifikasyon istwa sa a repoze sou yon ti gwoup gason ak fi anonim ki, lè zanmi yo te mande yo, “Poukisa ajitasyon sa a?” te gen vizyon, si nou ka di sa, pou idantifye Kris la kòm rezon pou tout bri sa a; Li sete “Rezon an anpèsòn.” Gen yon leson pou nou chak nan ti echanj sa a. Nan zafè lafwa ak konviksyon, li bon pou nou adrese kesyon nou a moun ki aktyèlman gen bagay sa yo nan yo! “Eske yon avèg ka dirije yon avèg?” Se kesyon Jezi te poze yon fwa. “[Si se sa,] èske yo toulede pa t ap tonbe nan twou?”3

rechèch lafwa ak konviksyon sa a se rezon k fè nou gen konferans sa yo, epi, nan ini w avèk nou jodia, w ap reyalize ke rechèch sa a se yon efò ke anpil moun ap fè. Gade bò kote nou. Kote nou ye la a, nou wè tout kalite fanmi ki vini soti nan tout direksyon. Ansyen zanmi bay akolad paske yo kontan rankontre, yon koral ekstraòdinè ap prepare l, epi gen anpil manifestan ka p pwoteste byen fò, kanpe sou ba yo, ki se plas yo pi renmen. Ansyen misyonè ap chèche ansyen konpayon yo, pandan ke misyonè ki fèk tounen yo ap chèche yon lòt kalite konpayon ( (si nou konprann sa m vledi!). E foto? Syèl la, tanpri ede nou! Avèk yon telefòn selilè nan men chak moun, nou chanje slogan ki di “chak manm se yon misyonè” a fè l vin tounen “chak manm se yon fotograf.” Nan mitan tout bèl montedesann sa a, yon moun ka mande avèk rezon, “Kisa tout bagay sa a vledi?”

Tankou nan istwa Nouvo Testaman nou an, moun ki gen benediksyon pou yo ka wè yo rekonèt ke, malgre tout lòt bagay ke tradisyon konferans sa a ka ofri, li pa t ap vrèman gen okenn sans si tout bagay pa t santre sou Jezi. Pou nou ka rive byen konprann sa na p chèche a, gerizon li pwomèt la, siyifikasyon sa nou konnen andedan nou ke nou ka jwenn nan, nou dwe diminye ajitasyon sa a—osi rejwisan l ka ye—epi konsantre atansyon nou sou Limenm. Priyè chak oratè, espwa tout moun k ap chante yo, reverans chak patisipan yo—tout konsantre sou envite espri Limenm ki se mèt Legliz sa a—Kris vivan an, Mouton Bondye a, Prens Lapè a.

Men nou pa oblije andedan yon sant konferans pou nou jwenn ni. Lè yon timoun li Liv Mòmon an pou lapremyè fwa epi li enpresyone pa kouraj Abinadi oswa mach 2000 jèn gèrye vanyan yo, nou ka jantiman fè l remake ke Jezi se pèsonaj santral omniprezan nan istwa mèvèye sa yo, ki kanpe tankou yon gwo jeyan pratikman nan chak paj liv la epi Li founi lyen ant tout lòt pèsonaj yo ki se egzanp lafwa pou nou yo nan liv sa a.

Menmjan tou, lè yon zanmi ap aprann osijè lafwa nou, li kapab santi l yon tijan depase pa kèk nan aspèpatikilye ak vokabilè enkoni pratik relijye nou yo—restriksyon nan sa n manje, pwogram fè rezèv, vwayaj pyonye, ak abjeneyalojik dijitalize, avèk yon kantite sant pieu enkalkilab kote gen moun ki siman panse ke yo pral sèvi yo yon bèl moso “steak” (vyann) kuit amwatye (paske mo “stake” la an Anglè sonnen menmjan ak vyann ki rele “steak” la). Konsa, pandan nouvo zanmi nou yo ap dekouvri yon pakèt nouvo vizyon ak nouvo son, nou dwe debwouye nou pou n ale odela bri ak efèvesans sa a epi ede yo konsantre sou vrè sans tout bagay sa yo, ki nan kè levanjil etènèl la—lanmou Paran Selès nou yo, don ekspyatwa yon Pitit Gason diven, gidans rekonfòtan Sentespri a, retablisman tout verite sa yo nan dènye jou yo, ak plis ankò.

Lè yon moun ale nan tanp sakre a pou lapremyè fwa, li gen dwa yon tijan frape pa etonman ak admirasyon pa eksperyans sa a. Responsablite nou se asire nou ke senbòl sakre yo ak rityèl ki revele yo, vètman seremoni yo ak prezantasyon vizyèl yo, pa janm tounen distraksyon men okontrè pou yo ede nou fokis sou Sovè a, ke nou vini pou n adore a. Tanp lan se kay Li, epi Li ta dwe okipe premye plas nan panse nou ak nan kè nou—pandan ke doktrin majestye Kris la ap penetre nan tout noumenm menmjan l penetre nan òdonans tanp yo—depi nan moman nou li enskripsyon ki sou pòt antre a rive nan dènye moman nou pase andedan batiman sa a. Pami tout mèvèy n ap wè yo, nou dwe wè, odela tout lòt bagay, prezans Jezi nan tanp lan.

Reflechi sou tout kantite inisyativ espesyal ak nouvo anons yo nan legliz la nan dènye mwa ki sot pase yo. Pandan nou youn ap rann pran swen lòt atravè sèvis pastoral, oswa amelyore eksperyans Saba nou, oubyen anbrase yon nouvo pwogram pou timoun yo ak jèn yo, nou riske pase akote vrè rezon chanjman ki resevwa pa revelasyon sa yo si nou konsidere yo kòm eleman separe, ki pa gen rapò youn ak lòt olye ke nou wè yo kòm yon ansanm efò ki konekte ansanm pou ede nou bati pi solid sou Woch Sali nou an.4 Se sèten ke se sa Prezidan Russell M. Nelson atann lè l mande nou pou nou itilize non ki te revele pou Legliz la5 Si Jezi—non li, doktrin ni an, egzanp li, divinite li—ka nan sant adorasyon nou, n ap ranfòse verite Alma te anseye yon fwa a: “Gen anpil bagay ki dwe rive; [men] gen youn ki pi enpòtan pase tout— … Redanmtè ki vivan an vini nan pami pèp li a.”6

Yon refelsyon pou m fini: anviwonman ki te egziste zòn kote Joseph Smith t ap viv nan 19èm syèk la te ranpli avèk yon foul temwen kretyen zele ki te an konpetisyon youn ak lòt.7 Men nan boulvès yo te kreye a, patizan zele sa yo, iwonikman, t ap bouche konpreyansyon sou Sovè sa a menm ke jèn Joseph t ap chèche avèk anpil senserite a. Nan batay kont sa l te rele “tenèb ak konfizyon”8 li t al priye poukont li nan yon boskè pyebwa kote li te wè epi l te tande yon temwayaj pi gloriye sou wòl santral Sovè a nan levanjil la pase tout sa nou sot mansyone la yo. Gras ak yon vizyon don enkwayab ke li pa t menm atann ni espere, Joseph te wè nan vizyon Pè Selès li a, gran Bondye Inivè a, ak Jezikri, Pitit Gason Literal pafè l la. Apresa Papa a te tabli egzanp nou ap aplodi maten sa a: Li te lonje dwèt sou Jezi, epi L te di, “Sa se Pitit Gason Byeneme m nan. Koute l!”9 Pa gen pi gwo ekspresyon sou idantite divin Jezi, enpòtans esansyèl Li nan plan sali a, ak plas Li nan je Bondye ki ka janm depase deklarasyon brèf trèz mo sa yo.

Boulvès ak konfizyon? Foul ak kontansyon? Se sa k pa manke nan mond nou an. Anfèt, moun ki doute ak mounkwayan kontinye ap konteste vizyon sa a ak pratikman tout sa m te fè referans yo jodia. Si ou petèt ap fè efò pou w wè pi klè epi pou w jwenn yon siyifikasyon nan mitan tout kalite opinyon sa yo, mwen ankouraje w pou w chèche repons nan men menm Jezi sa a e m rann ou temwayaj apostolik mwen de eksperyans Joseph Smith la, ki te rive jan l te di a sa prèke 1,800 tan apre zanmi avèg nou an te vin kapab wè ankò sou ansyen Wout Jeriko a. Mwen temwaye avèk de moun sa yo ansanm ak yon pakèt lòt ki te viv atravè syèk yo ke asireman, vizyon ak son ki pi egzaltan yo nan lavi a se pa sèlman sa k te akonpaye pasaj Jezi sou tè a10 men se lefèt ke li te vini jwenn nou, li kanpe bòkote nou, epi li etabli demè Li pami nou.11

Sè m ak frè m yo, nan mitan gwo vakàm ak bri tanbousanrete epòk nou yo, se pou nou fè efò pou nou wè Kris la kòm sant lavi nou, lafwa nou, ak sèvis nou. Se la n ap jwennn vrè sans lavi a. Epi si pafwa vizyon nou limite, oubyen nou pèdi konfyans, oubyen kwayans nou ap pase tès epi rafine—jan sa ap nesesèman rive—se pou nou rele byen fò: “Jezi, pitit gason David la, gen pitye pou mwen.”12 Mwen pwomèt nou, avèk fèvè apostolik mwen ak konviksyon pwofetik mwen, ke l ap tande nou epi, yon jou oubyen yon lòt, li va di nou: “Se pou w wè ankò: lafwa w sove ou. ”13 Byenveni nan konferans jeneral la. Nan non Jezikri, amèn.